Rezilta yo
#1. (Juin 2010) Le dialogue Nord-Sud est une expression utilisée couramment pour désigner les rapports entre :
La Réponse : D ✅
La Logique
Nan jeografi ak ekonomi, yo itilize ekspresyon “Nord” pou deziyen peyi ki rich/devlope yo (tankou Etazini, Lafrans) epi “Sud” pou deziyen peyi ki pòv oswa k ap chèche devlopman (tankou peyi nan Afrik).
Kidonk, dyalòg sa a se diskisyon ki fèt ant de gwoup peyi sa yo sou koze ekonomi ak èd
#2. (Juin 2010) La Caraïbe insulaire, désigne les îles baignées par la mer des Antilles. Elle est située :
La Réponse : C ✅
La Logique
Lè nou di “Insulaire”, sa vle di tout zile ki nan lanmè Karayib la (tankou Ayiti, Kiba, Jamayik).
Si w gade yon kat jewografik, w ap wè zile sa yo sitye sou bò dwat (l’Est) peyi ki fòme Amerik Santral la (tankou Panama, Nikaragwa, Gwatemala).
#3. (Juin 2010) Parmi les composantes de la terre, identifie celle dont la couche liquide est constituée par les océans, les fleuves, les rivières et les lacs.
La Réponse : B ✅
La Logique
Pa janm bliye sa, ki ap ede ou:
• Hydro vle di Dlo. Donk, Hydrosphère se tout dlo ki sou tè a (lanmè, rivyè, lak).
• Lithosphère se pati ki solid la (tè, ròch).
• Atmosphère se kouch gaz (lè) ki antoure tè a.
• Biosphère se kote ki gen lavi sou tè a
#4. (Juin 2010) La métropole française avait, sur le plan économique exploité la colonie de Saint-Domingue au cours du 18e siècle par l’application :
La Réponse : B ✅
La Logique :
Sistèm de l’Exclusif la (oswa Pacte Colonial) se te yon lwa kote Lafrans te fòse koloni Saint-Domingue fè komès avè l sèlman.
Kolon yo pa t gen dwa vann ni achte nan men okenn lòt peyi tankou Angletè oswa Etazini. Se te yon fason pou Lafrans te kontwole tout richès yo
#5. (Juin 2011) Lequel des pays suivants a joué un grand rôle dans l’indépendance cubaine et lui a imposé le platt Amendement ?
La Réponse : b ✅
La Logique:
Nan lane 1898, Etazini te ede Kiba pran depandans li nan men peyi Lespany. Men, an echanj, yo te fòse Kiba mete yon lwa nan konstitisyon li yo rele “Amendement Platt”.
Lwa sa a te bay Etazini dwa pou l antre nan zafè Kiba nenpòt lè li vle epi pran baz militè (tankou Guantanamo)
#6. (Juin 2011) L’IDH signifie :
La Réponse : b ✅
La Logique:
IDH (Indice de Développement Humain) se yon zouti entènasyonal yo itilize pou mezire si moun nan yon peyi ap viv byen.
Yo gade 3 bagay prensipal: Sante (konbe tan moun viv),
Edikasyon (konbe moun ki konn li ak ekri),
ak Lajan (nivo revni chak moun)
#7. (Juin 2011) En France, la résistance au nazisme a été incarnée par :
La Réponse : b ✅
La Logique :
Pandan Dezyèm Gè Mondyal la, lè Almay (Nazis yo) te anvayi Lafrans, se Jeneral Charles de Gaulle ki te lanse apèl pou franse yo reziste kont lokipan an.
Churchill te pou Angletè, Roosevelt pou Etazini, epi Staline pou Larisi (URSS)
#8. (Juin 2011) Laquelle de ces caractéristiques permet d’identifier les pays capitalistes ?
La Réponse : b ✅
La Logique:
Nan yon sistèm Kapitalis, se moun yo (sitwayen yo) ki mèt faktori, tè, ak biznis yo.
Se sa yo rele Propriété privée. Nan sistèm Sosyalis oswa Kominis, se Leta ki mèt tout bagay (propriété étatisée/collective).
#9. (Juin 2010) Laquelle de ces mesures peut être considérée comme une cause de l’assassinat de l’Empereur Jacques 1er ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Apre endepandans lan, Jean-Jacques Dessalines (Jacques 1er) te vle fè yon refòm agrè pou asire ke ansyen esklav yo jwenn tè tou.
Li te kòmanse verifye papye (tit) tout moun ki te di yo se mèt tè, sitou “grands dons” yo ak pitit kolon yo. Sa te fache moun rich yo anpil, e se youn nan rezon prensipal ki te mennen nan konplo pou touye l nan Pont-Rouge.
Vérification des titres de propriété vle di tcheke papye ki di si yon moun se mèt yon tè tout bon vre.
#10. (Juin 2010) Identifie le groupe de héros de l’indépendance d’Haïti :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Se twa (3) pèsonaj sa yo ki te pi gwo poto mitan nan dènye batay pou kase chenn lesklavaj la an 1803 ak kreyasyon Leta Ayisyen an 1804.
Simon Bolivar ak San Martin se te ewo pou Amerik Latin (Venezyela, Ajantin), yo pa t ewo endepandans Ayiti menmsi Ayiti te ede yo
#11. (Juin 2010) Lequel des critères suivants n’identifie pas les pays pauvres ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Kesyon an mande sa ki PA yon karakteristik peyi pòv. Peyi pòv yo (tankou sa ki nan “Sud” la) gen pwoblèm lekòl (analphabétisme), grangou (sous-alimentation), ak mank faktori (faiblesse d’industrialisation).
Yon peyi ki gen anpil wout, kouran, ak bon entènèt (beaucoup d’infrastructure) se yon karakteristik peyi rich.
(Juin 2010) Observez ce tableau sur les secteurs économiques et choisissez la bonne correspondance :

#12. Quelle est la bonne association ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Elèv yo dwe metrize sa:
• Secteur primaire (a-3): Se tout sa ki gen pou wè ak pran resous nan lanati (Lapèch/Pêche, Agrikilti, Min).
• Secteur secondaire (b-1): Se transfòmasyon matyè prèv yo nan faktori (Industrie).
• Secteur tertiaire (c-2): Se sèvis moun rann lòt moun (Transport, Komès, Labank).
#13. (Juin 2010) Selon le système économique du Socialisme, quelle est sa caractéristique principale ?
La Réponse : C ✅
La Logique
Nan sistèm Sosyalist la, lide a se pou tout richès peyi a pou tout moun ansanm (collectif) oswa pou Leta jere yo pou tout moun (Étatisation).
Sa diferan ak Kapitalis kote chak moun ka gen pwòp biznis pa yo (propriété privée).
(Juin 2010) Observez les données de ce tableau sur le PNB (Produit National Brut) par habitant :

#14. Quels sont les deux pays les moins avancés (PMA) selon ce tableau ?
La Réponse : C ✅
La Logique :
Yon PMA (Pays Moins Avancé) se yon peyi ki gen yon PNB ki ba anpil, sa vle di moun yo pa gen anpil revni.
Nan lis la, Mozambique (80) se yo ki gen chif ki pi ba nèt yo. Ayiti (370$) ba tou, men Mozambique ak Somalie pi ba pase l nan tablo sa a.
#15. (Juin 2010) En 1823, les États-Unis marquent leur désir de s’opposer à l’idée du non intervention européenne en Amérique. Cette volonté est résumée par :
La Réponse : A ✅
La Logique:
James Monroe, ki te prezidan Etazini, te deklare: “L’Amérique aux Américains”.
Sa vle di peyi an Ewòp yo (tankou Lafrans, Lespany) pa gen dwa vin foure bouch yo nan zafè peyi ki nan kontinan Amerik la ankò.
Se sa yo rele Doctrine Monroe.
#16. (Juin 2010) La fin de la seconde guerre mondiale (1945) marque aussi le début d’une autre guerre opposant les deux superpuissances (USA et URSS). Elle porte le nom de :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Yo rele l Guerre Froide (Gè Fwad) paske de gwo peyi sa yo (Etazini ak Inyon Sovyetik) pa t janm tire zam sou lòt dirèkteman, men yo te nan yon gwo goumen nan domèn ekonomi, espas, ak zam nikleyè pou wè kilès ki pi fò.
#17. Le groupe de pays faisant partie de la Caraïbe Continentale dans la liste ci-dessous est :
La Réponse : C ✅
La Logique:
Atansyon, kesyon sa a ap pale de Caraïbe continentale (peyi ki sou tè fèm men ki gen kòt yo ki benyen nan lanmè Karayib la).
Panama, Colombie, ak Venezuela gen gwo kòt nan Karayib la.
Canada (Amerik di Nò) oswa Uruguay (Amerik di Sid, bò Atlantik) pa nan Karayib la ditou.
#18. Lequel des faits suivants est une cause occasionnelle (déclencheur) de la première guerre mondiale ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
Gen rezon ki fon (rivalités ou alliances), men sa ki te “limen dife kite komanse tout bagay sa yo (cause occasionnelle).
se te asasina Archiduc François Ferdinand (eritye fotèy peyi Autriche-Hongrie) nan lavil Sarajevo nan dat 28 jen 1914.
#19. La modernisation du Japon au début du 19e siècle (Ere Meiji) est l’œuvre de :
La Réponse : C ✅
La Logique :
Se anba rèy Mutsu Hito (yo rele tou Meiji) Japon te kite ansyen fason yo te konn viv la pou l vin yon peyi modèn ak anpil faktori ak yon lame ki fò.
Mao Tsé Toung se yon lidè Chinwa, li pa Japonè.
#20. La famine est :
La Réponse : D ✅
La Logique:
Famine (Grangou ) se lè yon popilasyon pa jwenn anyen ditou pou yo manje pandan yon bon bout tan, sa ki lakòz moun mouri anpil.
#21. (Juin 2011) Tous ces facteurs caractérisent les pays développés, excepté un, lequel ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Lè n ap pale de devlopman yon peyi, nou gade moun (démographie),
nivo lavi (développement),
ak dwa moun (démocratique).
Men, “diminution humaine” (moun k ap diminye) pa yon faktè yo itilize pou di si yon peyi devlope oswa non nan sans ekonomik la.
#22. (Juin 2011) Sous le gouvernement de Rivière Hérard, les paysans du sud se révoltent sous le nom de piquets. Leur chef était :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Jean-Jacques Accau te alatèt revòlt peyizan nan Sid yo nan lane 1844.
Yo te rele yo Piquets paske yo te konn mache ak pikèt bwa byen pwenti nan men yo pou yo goumen.
Yo t ap reklame tè ak jistis pou malere.
Péralte ak Batraville se te chèf Cacos kont okipasyon Ameriken an 1915.
#23. (Juin 2011) Après l’indépendance, Haïti fait face à tous ces problèmes, sauf un, lequel ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
Depi 1er janvye 1804, esklavaj te fini nèt nan peyi a. Donk, Ayiti pa t gen pwoblèm esklavaj ankò (joug de la servitude).
Men, li te gen lòt gwo pwoblèm tankou: lòt peyi ki pa t vle pale ak li (isolement), jaden ki te boule pandan lagè a (ruine économique), ak chèf ki t ap goumen pou pouvwa (rivalités).
(Juin 2011) Observe ce tableau sur l’alimentation et choisis la bonne correspondance :

#24. Quelle est la bonne association ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
Men eksplikasyon mo sa yo:
• Ration (a-2): Se kantite manje yon moun dwe manje nan yon jounen.
• Famine (b-4): Se lè pa gen manje ditou, moun ap mouri grangou (kritik).
• Disette (c-1): Se yon ti mank manje, li pa rive nan nivo grangou klorat la.
• Maladie de carence (d-3): Se lè w manje, men manje a manke vitamin oswa pwoteyin, sa rann ou malad (tankou kwasinkò,pwatchòkò ).
(Juin 2011) Associe chaque problème à sa solution selon ce tableau :

#25. Quelle est la bonne suite ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
• Pou konbat Malnitrisyon, fòk gen Sekirite alimantè (a-2).
• Pou konbat Chomaj (moun ki pa travay), fòk gen plis Faktori (usines) (b-4).
• Pou konbat Analphabétisme (moun ki pa konn li), fòk lekòl la gratis oubyen aksesib ak tout moun (c-3).
• Pou anpeche moun nan pwovens kouri vin lavil (Exode rural), fòk gen Décentralisation, sa vle di mete sèvis ak travay nan tout peyi a (d-1).
#26. (Juin 2012) Lequel de ces traités a été signé le 28 juin 1919 avec l’Allemagne, mettant fin à la Première Guerre Mondiale ?
La Réponse : a ✅
La Logique:
Traité de Versailles la se papye ki te siyen an Frans apre Premye Gè Mondyal la.
Li te fòse Almay rekonèt li koupab nan lagè a epi peye gwo lajan (réparations).
#27. (Juin 2012) Lequel de ces pays est le seul état socialiste de la Caraïbe ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
Kiba (Cuba) se sèl peyi nan tout Karayib la ki gen yon sistèm politik ak ekonomik ki baze sou Sosyalis depi revolisyon 1959 la ak Fidel Castro.
#28. Juin 2012) Lequel de ces groupes de pays fait partie des dragons d’Asie du Sud-Est ?
La Réponse : d ✅
La Logique:
Yo rele “Dragons d’Asie” kat (4) peyi ki te devlope trè vit nan domèn ekonomi: Corée du Sud, Taïwan, Hong Kong, ak Singapour.
#29. (Juin 2012) Lequel de ces éléments suivants peut provoquer une pollution atmosphérique ?
La Réponse : d ✅
La Logique:
Atmosphérique vle di sa ki gen rapò ak lè n ap respire a.
Lafimen k ap soti nan dèyè machin (gaz d’échappement) se li ki gate lè a.
Marée noire gate lanmè, plastik ak fatra gate tè a.

#30. (Juin 2012) Fais la bonne correspondance entre le pays et son fait historique :
La Réponse : A ✅
La Logique :
• Cuba (a-4): Debakman nan “Baie des Cochons” (yon tantativ Etazini te fè pou ranvèse Castro).
• Porto-Rico (b-3): Foraker Act la se lwa ki te etabli yon gouvènman sivil nan zile sa a anba kontwòl Ameriken.
• Haïti (c-1): Ameriken te okipe Ayiti soti 1915 rive 1934.
• Rép. Dominicaine (d-2): Etazini te fè plizyè entèvansyon militè nan peyi sa a tou.
#31. (Juin 2012) Lequel de ces hommes est le libérateur de l’Argentine ?
La Réponse : a ✅
La Logique:
Menm jan Dessalines se liberatè Ayiti, José de San Martin se li ki te mennen batay pou bay Argentine endepandans li nan men Lespany. Simon Bolivar te konsantre plis sou pati Nò Amerik di Sid la.
#32. (Juin 2012) L’indice de développement Humain (IDH) a été conçu par l’une de ces organisations internationales. Laquelle ?
La Réponse : b ✅
La Logique :
Se PNUD (Programme des Nations Unies pour le Développement) ki kreye IDH la nan lane 1990 pou mezire nivo lavi moun nan chak peyi, pa sèlman ak lajan, men ak sante ak lekòl tou.
#33. (Juin 2012) Lequel de ces organisations fut créé en juillet 1973 par le traité de Chaguaramas ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
CARICOM ki vle di (Communauté de la Caraïbe) te kreye pou peyi nan Karayib la ka fè komès ak travay ansanm.
epi Traité de Chaguaramas (nan peyi Trinité) se papye ofisyèl ki te bay gwoup sa a nesans
#34. (Juin 2012) Laquelle de ces structures constitue le premier lieu de socialisation de l’enfant ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
Socialisation se aprann viv ak lòt moun, aprann prensip ak valè.
Premye kote yon timoun kòmanse aprann sa yo, se nan fanmi li anvan li al lekòl oswa legliz.
#35. (Juin 2012) Laquelle de ces sciences étudie la vie de l’homme en société ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
Mo Sociologie a soti nan “Société”. Se syans sa a ki etidye kòman moun òganize yo pou yo viv ansanm.
Ethnologie etidye ras ak kilti, epi Biologie etidye kò moun (lavi).
#36. (Juin 2012) Le gaz dégagé lors de la décomposition des débris végétaux porte le nom de :
La Réponse : b ✅
La Logique:
Lè zèb, fèy bwa oswa fatra pouri nan yon anviwonman san lè, yo degaje yon gaz yo rele Biogaz.
“Bio” vle di lavi oswa sa ki natirèl. Gaz sa a ka sèvi kòm enèji pou fè dife.
#37. Le système d’intégration centre-américain regroupe les pays suivants :
La Réponse : a ✅
La Logique:
Amerik Santral se ti moso tè ki relye Amerik di Nò ak Amerik di Sid la.
Peyi tankou Panama, Costa Rica, ak Nicaragua se ladan yo ye.
Ayiti ak Kiba se nan Karayib yo ye (zile).
#38. (Juin 2012) L’organisation carnavalesque délocalisée (comme aux Cayes en 2012) traduit une :
La Réponse : a ✅
La Logique:
Lontan, se Pòtoprens sèlman yo te konn fè gwo kanaval nasyonal la. Lè Leta deside al fè l nan yon lòt vil nan pwovens, sa rele Décentralisation. Se “culturelle” paske kanaval se yon manifestasyon kilti.

#39. (Juin 2012) Associe chaque sigle à sa définition :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• NPI (a-2): Se peyi ki fèk kòmanse gen anpil faktori.
• G8 (b-3): Se gwoup peyi ki pi rich yo.
• PSD (c-1): Nan tablo sa a, yo lye l ak peyi ki gen pwoblèm sistèm politik (sou-devlope).
• PMA (d-4): Se peyi ki pi pòv nèt yo.

#40. (Juin 2012) Relie chaque ressource naturelle à la zone où on la trouve en quantité :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Uranium (a-4): Peyi Niger gen anpil ladan l.
• Charbon (b-2): Afrique du Sud se yon gwo pwodiktè chabon.
• Gaz naturel (c-3): Russie gen anpil gaz.
• Pétrole (d-1): Moyen-Orient (peyi Arab yo) se la ki gen plis lwil sou tè a.
#41. (Juin 2013) Laquelle des périodes suivantes correspond à la guerre de l’indépendance des États-Unis ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
Endepandans Etazini te fini nan lane 1776 (4 jiyè). 1789 se te Revolisyon Fransèz la.
#42. (Juin 2013) Lequel des chefs d’État américains suivants a dirigé les États-Unis à la fin de la 1ère guerre Mondiale ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
Se Woodrow Wilson ki te prezidan Etazini lè Premye Gè Mondyal la t ap fini (1918). Li te menm pwopoze “14 pwen” pou lapè nan mond lan.
#43. (Juin 2013) Parmi les domaines suivants, quel est celui qui constitue essentiellement la base de l’économie haïtienne ?
La Réponse : a ✅
La Logique:
Depi sou tan koloni pou rive jodi a, se Agrikilti ki te toujou poto mitan ekonomi Ayiti, menmsi jodi a li gen anpil pwoblèm. Pifò moun nan peyi a se nan travay tè yo ye.
#44. (Juin 2013) Parmi les pays suivants, lequel a pour capitale Bangui ?
La Réponse : b ✅
La Logique:
Chak peyi gen yon vil kote gouvènman an chita (Capitale). Pou peyi Centrafrique, se Bangui. Pou RDC (Congo), se Kinshasa.
#45. (Juin 2013) La salsa est un rythme musical observé dans l’un des pays suivants. Lequel ?
La Réponse : d ✅
La Logique:
Salsa a se yon rit mizikal ki soti nan peyi Kiba (Cuba). Reggae soti nan Jamayik, epi Konpa soti Ayiti. Se kilti peyi Karayib yo sa.
#46. (Juin 2013) Le gouvernement de Jean Pierre Boyer a succédé à celui de :
La Réponse : b ✅
La Logique:
Lè Alexandre Pétion mouri nan lane 1818, se Jean-Pierre Boyer ki te pran plas li kòm prezidan nan pati Sid peyi a. Se Boyer ki pral inifye peyi a nèt apre

#47. (Juin 2013) Associe chaque niveau économique au pays correspondant :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Haïti (a-4): Se yon PMA, sa vle di li pami peyi ki pòv yo.
Men Note ke Ayiti pa yon peyi ki vrèman pòv vre men se yon Peyi yo Apovri.
• Allemagne (b-3): Se youn nan peyi rich ki nan G8 la.
• Singapour (c-1): Se yon Dragon paske li devlope vit nan teknoloji.
• Thaïlande (d-2): Se yon peyi émergent (k ap monte an fòs nan ekonomi an).
#48. (Juin 2012 ) L’armistice de l’Allemagne qui a mis fin aux hostilités de la Première Guerre Mondiale a été signé le :
La Réponse : a ✅
La Logique:
Atansyon elèv yo: Yo siyen l’armistice (lè yo sispann tire) nan dat 11 novanm 1918. Men, yo siyen traité de paix (Versailles) la an 1919. Dat 8 me 1945 la se pou Dezyèm Gè a.
#49. Tous ces faits ont provoqué l’émancipation des peuples latino-américains au 19e siècle, sauf un. Lequel ?
La Réponse : b ✅
La Logique:
Doctrine Monroe la te parèt an 1823, lè pifò peyi latino-ameriken yo te fin pran depandans yo deja. Se pito Revolisyon Fransè a, Revolisyon Ayisyen an, ak Endepandans Ameriken an ki te sèvi kòm modèl pou yo.
#50. Le 3 janvier 1926, lequel de ces présidents haïtiens a transféré les restes de Dessalines et de Pétion à la place de l’Indépendance ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
Se te anba gouvènman Louis Borno yo te mete rès Dessalines ak Pétion ansanm nan plas Endepandans lan pou montre inite nasyonal, menmsi Borno te yon prezidan ki t ap kolabore ak okipan Ameriken an.
#51. Laquelle des périodes suivantes correspond à la tenue de la conférence de Bandung ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Conférence de Bandung lan se te yon reyinyon istorik ki te fèt nan peyi Endonezi kote peyi nan Lazi ak Afrik ki te fèk fin pran endepandans yo te reyini.
Yo te vle montre yo pa nan kan Etazini ni nan kan Inyon Sovyetik pandan Gè Fwad la. Se la mouvman “Non-Alignés” an te pran fòs.
#52. Ernesto Guevara dit « El Che » est de nationalité d’origine :
La Réponse : D ✅
La Logique:
Moun yo konnen Che Guevara kòm yon gwo revolisyonè ki te goumen bò kote Fidel Castro nan peyi Kiba, men li pa t fèt Kiba.
Li te fèt nan peyi Argentine. Li te yon doktè anvan li te vin tounen yon geriyo.
#53. L’un des événements majeurs suivants a marqué le monde à partir de 1960. Lequel ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Lane 1960 yo se te epòk kote pifò peyi nan kontinan Afrik la te kase chenn kolonizasyon yo pou yo vin endepandan (sitou nan men Lafrans ak Angletè).
Yo rele sa Décolonisation.
#54. Laquelle des puissances colonisatrices suivantes a dominé l’Amérique Latine durant plus de trois siècles ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Peyi Lespany (Espagne) te kontwole prèske tout Amerik Latin nan (eksepte Brezil) depi apre Cristophe Colomb te rive nan lane 1492 rive nan kòmansman ane 1800 yo. Se sa k fè pifò peyi sa yo pale panyòl jodi a.
#55. Lequel des groupes de pays suivants constituait la Triple Alliance apparue lors de la 1ère guerre mondiale ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Nan Premye Gè Mondyal la, te gen de (2) gwo kan:
Triple Alliance (Almay, Itali, Autriche-Hongrie) ak Triple Entente (Lafrans, Angletè, Larisi).
Alliance vle di yon kontra kote peyi yo pwomèt pou yo ede youn lòt si yo ta atake yo
#56. Lequel des noms suivants correspond véritablement à l’appellation de « Mèt Fèy vèt » ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Théodore Beaubrun, moun konnen sou non Languichatte Debordus, se te yon gwo aktè teyat ak komedyen ayisyen.
Yo te ba li ti non “Mèt Fèy Vèt” nan youn nan pyès teyat li yo kote li te jwe ròl yon moun ki konn trete moun ak fèy.
#57. Laquelle des ressources naturelles suivantes est non renouvelable ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Yon resous “non renouvelable” se yon bagay ki ka fini nèt si nou sèvi avè l twòp, paske lanati ap pran milyon lane pou l refè l.
Pétrole (lwil ki nan tè a) se pi bon egzanp. Solèy la ak van an p ap janm fini.
#58. (Juin 2014) Tous les pays suivants sont des nouveaux pays industrialisés (NPI), sauf un. Lequel ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
NPI (Nouveaux Pays Industrialisés) se peyi ki te pòv lontan men ki devlope faktori yo rapidman depi lane 1970-1980 yo.
Hollande (Pays-Bas) pa ladan l paske li se yon peyi ki te rich ak devlope depi byen lontan
#59. La date du 13 mars 1843 se réfère à l’un des événements suivants. Lequel ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Apre 25 lane sou pouvwa a, te gen yon gwo revolisyon (Revolisyon Praslin) ki te fòse Jean-Pierre Boyer bay demisyon li epi pati al nan exil nan dat 13 mas 1843.
#60. (Juin 2014) Lequel des chefs d’États suivants dirigeait la Russie lors de l’effondrement du bloc socialiste en 1989 ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Se Mikhail Gorbatchev ki te alatèt Inyon Sovyetik (URSS/Russie) lè sistèm kominis la t ap tonbe a.
Li te lanse de (2) gwo refòm: Glasnost (libète pale) ak Perestroika (refòm ekonomi).
#61. (Juin 2014) Le Massacre de Marchaterre s’est produit proche de l’une des villes suivantes. Laquelle ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
An desanm 1929, pandan okipasyon Ameriken an, sòlda Ameriken yo te tire sou yon gwoup peyizan ki t ap manifeste nan yon zòn ki rele Marchaterre, toupre lavil Okay (Cayes). Se yon dat tris nan istwa rezistans nou
#62. (Juin 2014) L’unique colonie anglaise en Amérique Centrale était :
La Réponse : C ✅
La Logique:
Nan Amerik Santral, pifò peyi te anba dominasyon Lespany. Men, gen yon sèl ti peyi ki te anba kontwòl Angletè, se Bélize.
Se poutèt sa yo pale Anglè laba a, pandan vwazen yo pale Panyòl.
#63. (Juin 2014) Dans la marche vers l’indépendance d’Haïti, le drapeau bicolore fut créé dans l’une des villes suivantes. Laquelle ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Se nan dat 18 me 1803, nan lavil Arcahaie, Jean-Jacques Dessalines te rache koulè blan an nan drapeau franse a pou l te kreye drapo ble ak wouj nou an.
Sa te senbolize inite nwa ak milat kont kolon yo.
#64. (Juin 2014) Lequel des groupes de personnages suivants a résisté à l’occupation américaine d’Haïti ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Charlemagne Péralte ak Benoit Batraville se de (2) gwo chèf rebèl (yo rele yo Cacos) ki te pran zam pou batay kont sòlda Ameriken ki te anvayi peyi a nan lane 1915.
#65. (Juin 2014) Les deux principaux vainqueurs de la Deuxième guerre mondiale étaient :
La Réponse : D ✅
La Logique:
Lè Dezyèm Gè a fini an 1945, se Etazini (USA) ak Inyon Sovyetik (URSS) ki te soti kòm de (2) pi gwo fòs nan mond lan.
Se sa k fè yo rele yo Superpuissances.
#66. (Juin 2015) La date du 8 mai 1945 rappelle l’un des faits historiques suivants. Lequel ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Nan dat 8 me 1945, Almay te aksepte li pèdi lagè a nan kontinan Ewòp la epi li te rann tèt li bay peyi Alye yo (USA, URSS, Angleterre, France).
Se sa yo rele Capitulation
#67. (Juin 2015) Lequel de ces présidents américains a proposé une mesure de redressement à la crise de 1929 ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Kriz 1929 la te lakòz anpil mizè ak grangou. Prezidan Franklin D. Roosevelt te mete sou pye yon pwogram yo rele New Deal.
Se te yon seri travay piblik ak èd pou relanse ekonomi peyi Etazini.
#68. (Juin 2015) Lequel de ces groupes de pays fait partie des Antilles de langue française ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Malgre nou tout nan Karayib la, nou pa pale menm lang. Martinique, Guadeloupe, ak Haïti se zile kote yo pale kreyòl ak franse.
Porto-Rico ak Kiba pale panyòl, epi Jamayik pale anglè.
#69. (Juin 2015) Le 09 août 1945 rappelle l’un des faits historiques suivants. Lequel ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Pou fini ak lagè a nan peyi Japon, Etazini te lage de (2) bonm atomik. Premye a te lage sou Hiroshima (6 out). Dezyèm nan te lage sou Nagasaki nan dat 9 out 1945.
#70. (Juin 2015) L’indépendance latino-américaine a produit toutes ces conséquences, sauf une. Laquelle ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Kesyon an mande sa ki PA yon konsekans endepandans lan. Doctrine Monroe a se yon desizyon Etazini te pran pou pwoteje tèt li, se pa t yon rezilta dirèk batay endepandans peyi latino yo.
#71. (Juin 2016) Tous les indicateurs suivants caractérisent les pays du Tiers-monde, sauf un. Lequel ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Yon peyi Tiers-monde (peyi devlope/pòv) gen ti sante (espérance de vie faible), anpil moun ki pa konn li (analphabètes), ak move lopital.
Men, li gen yon PIB par capita ki BA. Yon PIB ki elve se karakteristik peyi rich
#72. (Juin 2016) Lequel des pays sud-américains suivants fait partie de la Caraïbe continentale?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Peyi Venezuela sitye nan Amerik di Sid, men tout pati Nò li se lanmè Karayib la ki benyen l. Se sa k fè li fè pati gwoup Karayib la tou. Lòt peyi tankou Chili oswa Ajantin twò lwen nan Sid.
#73. (Juin 2016) Dans le département de l’Artibonite on cultive beaucoup de riz. Cette activité se trouve dans le secteur :
La Réponse : C ✅
La Logique:
Secteur primaire an gen ladan l tout travay kote moun nan ap rale resous nan tè a oswa nan dlo a dirèkteman san l pa transfòme l nan faktori (Agrikilti, Lapèch, Elvaj)
#74. (Juin 2016) Le secrétaire général actuel de l’ONU, Ban Ki Moon est de Nationalité?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Ban Ki-moon se te chèf l’ONU anvan Antonio Guterres.
Li soti nan peyi Corée du Sud.
#75. (Juin 2017) Toutes les conséquences suivantes découlent de la crise économique de 1929, sauf une. Laquelle ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Lè gen kriz ekonomik, labank yo konn fè fayit (yo fèmen), yo pa devlope.
Kriz 1929 la te lakòz moun pèdi travay (chômage) epi faktori sispann travay, men li pa t devlope bank yo.
#76. (Juin 2017) Lors de la bataille de Vertières le 18 novembre 1803, l’un des généraux indigènes suivants a été félicité pour sa bravoure par le Général Donatien Rochambeau, lequel?
La Réponse : C ✅
La Logique :
Capois-La-Mort (François Capois) te tèlman brav pandan li t ap atake fò a anba bal, chwal li mouri anba l epi li kontinye goumen, sa te fè Rochambeau (chèf franse a) rete lagè a pou l te ka salye kouraj nèg sa a .
#77. (Juin 2017) 🇫🇷 Parmi les évènements suivants lequel est connu dans l’histoire d’Haïti sous l’appellation ‘‘Drame du Pont-Rouge’’?
La Réponse : A ✅
La Logique:
Yo rele lanmò Jean-Jacques Dessalines “Drame du Pont-Rouge” paske se nan zòn sa a (ki nan antre Pòtoprens jodi a) yo te fè yon konplo epi asasinen l nan dat 17 oktòb 1806
#78. (Juin 2017) L’une des chaines de montagnes suivantes se trouvent dans les limites des départements du Sud, de la Grand-Anse et des Nippes, laquelle ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Massif de la Hotte la se gwo chèn mòn ki travèse tout penensil Sid peyi a (Sid, Grand’Anse, Nippes). Se la nou jwenn Pik Macaya ki se dezyèm pi wo mòn nan peyi a
#79. (Juin 2017) La pratique du ‘‘Vèvè’’ est lié à l’une des religions suivantes, laquelle?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Yon Vèvè se yon desen mistik yo fè atè ak farin oswa sann nan seremoni Vodou pou envite lwa yo.
#80. (Juin 2017) Lequel des généraux suivants commandait l’armée expéditionnaire française lors de la bataille de Vertières du 18 novembre 1803 ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Lè Jeneral Leclerc mouri ak lafyèv jòn, se Rochambeau ki te ranplase l. Se li ki te nan tèt lame franse a lè yo te pèdi batay final la nan Vètyè kont lame Dessalines nan
#81. (Juin 2017) L’un de ces chefs d’état haïtiens a maté la révolte de Goman dans la Grand’Anse. Lequel ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
Goman te yon chèf peyizan ki t ap revòlte nan mòn Grand’Anse depi sou tan Pétion.
Se Jean-Pierre Boyer ki te rive kraze mouvman sa a nan lane 1820 apre li te fin inifye peyi a

#82. (Juin 2017) Observez ce tableau sur les produits et les pays et choisissez la bonne suite
La Réponse : A ✅
La Logique
Chak peyi gen yon bagay li vann anpil e li souvan voye nan peyi etranje sa yo rele (exportation):
• Haïti (a-3): Kafe ak rad (sous-traitance).
• Cuba (b-4): Sik (sucre).
• Venezuela (c-1): Lwil (pétrole).
• Jamaïque (d-2): Bauxite (yon wòch yo fè aliminyòm ak li).

#83. (Juin 2017) Associe chaque personnage à l’acte historique correspondant :
La Réponse : A ✅
La Logique:
Sa yo se baz istwa nou:
Dessalines rache blan an (a-3),
Catherine Flon koud li (d-4),
Boisrond Tonnerre ekri papye endepandans lan (c-2), epi Henry Christophe bati gwo fò ki rele Citadelle la (b-1)
1. La célébration du 150e anniversaire de l’indépendance d’Haïti.
2. La désoccupation et le retrait d’Haïti des Marines Américains.
3. Le procès de la consolidation relatif à la malversation des fonctionnaires publics.
4. La nomination du premier Archevêque haïtien de Port-au-Prince.
#84. (Juin 2010) Réécris les événements suivant l’ordre dans lequel ils se sont déroulés (chronologie) :
La Réponse : A ✅
La Logique:
Lòd la se:
1. Consolidation (1903-1904): Yon gwo pwosè sou vòlò lajan Leta anba gouvènman Tirésias Simon Sam.
2. Désoccupation (1934): Lè Ameriken pati kite peyi a.
3. 150e anniversaire (1954): Yo te fete sa anba gouvènman Paul Magloire.
4. Archevêque (1966): Mgr François-Wolff Ligondé te vin premye ayisyen ki tounen achevèk
#85. Lequel de ces chefs d’état haïtiens fut un président de doublure ?
La Réponse : b ✅
La Logique
Yon “Président de doublure” se lè prezidan ki sou pouvwa se pa li kap dirije vre li jis la konsa konsa.
nan lè sa te yon granmoun yo te mete sou pouvwa a pou yo ka kòmande nan plas li. Philippe Guerrier te gen 87 an lè yo te mete l prezidan an 1844
#86. (Juin 2012) L’élément qui a déclenché la 2e guerre mondiale est :
La Réponse : c ✅
La Logique:
sa ki te koz oubyen ki te limen dife Dezyèm Gè a, se lè lame Adolf Hitler (Almay) te antre oubyen anvayi peyi Pologne nan dat 1er septanm 1939. Sa te fòse Lafrans ak Angletè deklare Almay lagè
#87. (Juin 2012) Lequel de ces noms rappelle un grand marron de l’histoire de Saint-Domingue ?
a Réponse : c ✅
La Logique:
Anvan revolisyon 1791 la, te gen anpil esklav ki te kouri al nan mòn. Yo te rele yo Marrons.
Padrejean te yon chèf maron selèb nan pati Nò peyi a (Port-de-Paix) nan lane 1676
#88. Tous ces facteurs constituent des obstacles au développement économique d’Haïti sauf un, lequel?
La Réponse : d ✅
La Logique:
Mizik Konpa se yon richès kiltirèl, li pa anpeche peyi a devlope. Men, lè moun rich yo sere lajan yo lòt bò dlo (fuite des capitaux), lè moun soti pou yo pa travay tè (mépris du travail manuel), oswa lè agrikilti a ap deperi, sa se gwo obstak
#89. Lequel de ces pays est le seul État associé des grandes Antilles ?
La Réponse : b ✅
La Logique:
Porto-Rico pa yon peyi endepandan nèt, men li pa yon senp depatman non plis. Li se yon “État Libre Associé” ak peyi Etazini.
Moun Porto-Rico yo se sitwayen ameriken yo ye, men yo gen pwòp gouvènman pa yo pou zafè anndan lakay yo
#90. Lequel des groupes de pays suivants fait partie de la CARICOM ?
La Réponse : a ✅
La Logique :
CARICOM lan regroupe pifò peyi nan Karayib la ki pale Anglè, plis Ayiti ak Surinam.
Cuba ak Porto-Rico pa ladan l, epi Matinik se pou Lafrans li ye (DOM)
#91. L’une des branches d’activités suivantes est classé dans le secteur primaire, laquelle ?
La Réponse : a ✅
La Logique:
Apiculture vle di elvaj de (miel) se moun kap okipe e pran siwo nan krich myèl yo se yo ki Apiculteur la.
Piske se yon aktivite kote w ap jwenn pwodwi a dirèkteman nan lanati san w pa pase l nan faktori, li fè pati Secteur Primaire
#92. (Juin 2017) Le conseil municipal relève de l’un des ministères suivants, lequel ?
La Réponse : c ✅
La Logique:
Tout sa ki gen pou wè ak fason vil yo (communes) jere nan peyi a, se anba otorite Ministère de l’Intérieur li ye.
Majistra yo (Conseil Municipal) se nan ministè sa a yo depann
#93. (Juin 2017) La centrale hydro-électrique de Péligre est située dans l’un des départements suivants, lequel ?
La Réponse : a ✅
La Logique:
Baraj Péligre la, ki se pi gwo sous kouran dlo nan peyi a, sitye nan depatman Centre, toupre lavil Mirebalais

#94. (Juin 2017) Observez ce tableau sur les religions et les pays d’influence et choisissez la bonne suite :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Hindouisme (a-4): Pifò moun ki nan relijyon sa a viv nan peyi Inde.
• Judaïsme (b-3): Se relijyon ofisyèl moun nan peyi Israël.
• Islamisme (c-2): Se relijyon ki pi fò nan peyi Arab yo (Moyen-Orient).
• Christianisme (d-1): Se relijyon ki pi gaye nan kontinan Ewòp ak Amerik.
KONPLETE
#95. L’agriculture de subsistance ou ……….. ne peut plus nourrir la population haïtienne d’où sa dépendance vis-à-vis de …………..
La Réponse : B ✅
La Logique:
Agriculture vivrière (oswa de subsistance) se lè yon peyizan plante pou li ak fanmi l ka manje.
Kòm sa pa sifi ankò pou tout peyi a ,akoz yo pa pwodwi lontan sa , Ayiti vin depann de manje k ap soti lòt bò dlo ki se (l’importation)
#96. (Juin 2014) Laquelle de ces formes de gouvernement respecte les droits civils et politiques des individus ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Nan yon sistèm Démocratie, tout moun gen dwa bay opinyon yo, yo gen dwa vote, epi Leta dwe respekte dwa chak sitwayen.
Nan diktati oswa tirani, se yon sèl chèf k ap kraze brize san respekte dwa pèsonn
#97. L’un des faits suivants prouve la détermination de Toussaint Louverture à rendre autonome Saint-Domingue. Lequel ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Nan lane 1801, Toussaint Louverture te ekri yon Konstitisyon kote li te deklare tèt li gouvènè pou lavi epi li te di Saint-Domingue ap jere tèt li, menmsi li te di li toujou nan anpi Lafrans.
Se te yon gwo pa nan direksyon endepandans ki te fè Napoléon fache anpil
#98. Le Pétrocaribe est une alliance commerciale regroupant des pays caraïbéens dont le principal fournisseur en pétrole est :
La Réponse : D ✅
La Logique:
Pétrocaribe se yon pwogram peyi Venezuela te kreye pou vann peyi nan Karayib la lwil ak yon pri fasil epi peye sou yon long tan. Se te yon fason pou ede ekonomi peyi sa yo

#99. (Juin 2014 ) Associe chaque lieu historique au département correspondant :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Ravine-à-Couleuvres (a-2): Se bò Gonaïves (Artibonite) kote yon gwo batay te fèt nan lane 1802.
• Grotte Marie-Jeanne (b-1): Li sitye nan vil Port-à-Piment nan depatman Sid.
• Grotte Anacaona (c-4): Se nan depatman Sidès (toupre Jakmèl).
• Palais sans souci (d-3): Se nan vil Milot, nan depatman Nò, se wa Henry Christophe ki te bati l
#100. L’état Nazi est officiellement raciste. Il prône la supériorité d’une race sur toutes les autres. Comment s’appelait cette race selon eux ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Nan ideyoloji Adolf Hitler ak pati Nazi a, yo te kwè “Aryens” yo (moun ki gen po blanch, je ble, cheve blond) se te yon “ras siperyè” ki te dwe kòmande lemonn.
Se lide rasis sa a ki te mennen nan masak anpil moun, sitou Jwif yo
#101. Laquelle des définitions suivantes correspond à celle de l’Amérique latine ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Yo rele pati sa a nan kontinan an “Amérique Latine” paske peyi sa yo (tankou Brezil, Meksik, Ajantin) te anba dominasyon Lespany ak Potigal, ki se peyi ki pale lang ki soti nan “Latin”.
Yo te pase anviwon 400 lane anba kolonizasyon sa a
#102. Le 7 décembre 1941 rappelle un événement majeur de la 2e guerre mondiale. Lequel ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Nan dat sa a ki se ,Le 7 décembre 1941 ,avyon peyi Japon te atake baz militè Ameriken ki rele Pearl Harbor (nan Hawaii) san avèti.
Se atak sa a ki te fòse peyi Etazini antre nan Dezyèm Gè Mondyal la
#103. Pour une population haïtienne de 9, 000,000 d’habitants vivant sur 27,750 km², la densité est de :
La Réponse : B ✅
La Logique :
Densité se mwayèn kantite moun ki viv sou chak kilomèt kare (km²) nan yon zòn.
Pou n jwenn li, nou divize kantite moun yo pa sipèfisi tè a ().
Inite mezi a se toujou moun pa kilomèt kare (hab/km²)

#104. (Juin 2015) Associe chaque sigle de l’ONU à sa mission :
La Réponse : A ✅
La Logique:
Chak ti branch nan l’ONU gen yon travay espesyal:
• UNESCO (a-2): Edikasyon ak Kilti.
• FAO (b-1): Manje ak Agrikilti.
• UNICEF (c-4): Pwoteksyon timoun.
• OMS (d-3): Lasante
#105. À partir de 1848, plus de la moitié du territoire mexicain est annexé par l’un des pays suivants. Lequel ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Apre yon lagè ant Meksik ak Etazini, yo te siyen yon trakté kote Meksik te pèdi anpil tè tankou Texas, Kalifòni, ak Nouvo-Meksik. Se Etazini ki te pran (annexé) tè sa yo
#106. La Première Guerre Mondiale a eu un bilan humain de plus de :
La Réponse : C ✅
La Logique:
Premye Gè Mondyal la (1914-1918) te lakòz anviwon 10 a 20 milyon moun mouri.
Chif 50 milyon an se pito pou Dezyèm Gè Mondyal la ki te pi kriminèl toujou

#107. (Juin 2016) Associe chaque site touristique à son département :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Labadee (a-3): Yon bèl plaj ki nan Nò Ayiti.
• Bassin Zim (b-4): Yon kaskad dlo ki nan Centre (toupre Ench).
• Parc la visite (c-1): Yon pak nasyonal nan mòn ki nan depatman Ouest (toupre Kenskòf).
• Saut d’Eau (d-4): Yon kote moun al fè pelerinaj ki nan depatman Centre
#108. L’invasion de la Pologne par les Allemands a eu lieu le :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Dat 1er septanm 1939 la se dat ofisyèl Dezyèm Gè Mondyal la te kòmanse, paske se jou sa a Almay te anvayi Pologne.
6 jen 1944 se debakman nan Normandie, epi 8 me 1945 se fen lagè a an Ewòp

#109. Associe chaque pays antillais à son ancien colonisateur :
La Réponse : A ✅
La Logique:
Eritaj kolonizasyon an parèt nan lang yo pale nan zile sa yo:
• Ste-Lucie (a-3): Te anba Angletè (pale Anglè).
• Curaçao (b-4): Se pou Hollande (peyi-ba).
• Cuba (c-1): Te anba Lespany (pale Panyòl).
• Martinique (d-2): Se pou Lafrans (pale Franse)

#110. (Juin 2017) Associe chaque chaine de montagnes à son département :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Haut-Piton (a-4): Nan depatman Nòdwès.
• Chaine des Cahos (b-5): Sitye nan Artibonite.
• Chaine de Plymouth (c-2): Nan depatman Grand’Anse.
• Chaine des Matheux (d-5): Travèse Artibonite ak Ouest

#111. Associe chaque femme haïtienne à son action historique :
La Réponse : A ✅
La Logique:
Medam sa yo te jwe yon gwo wòl nan libète nou:
• Zabeth (a-2): Yon fanm vanyan ki te konn kouri kite bitasyon pou l al nan mòn.
• Cécile Fatima (b-3): Mambo ki te nan seremoni Bwa Kayiman an.
• Catherine Flon (c-1): Li koud drapo a nan lakayè.
• Marie-Jeanne (d-4): Li te goumen ak zam nan men l nan fò Krèt-a-Pyewo bò kote mari l Lamartinière

#112. (Juin 2017) Associe chaque pays d’Amérique Latine à son héros d’indépendance :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Argentine: Se José de San Martin.
• Brésil: Se Don Pedro (ki te pitit wa Potigal la).
• Mexique: Se Vicente Guerrero.
• Venezuela: Se selèb Simon Bolivar
#113. (Juin 2018) Lequel des personnages historiques haïtiens suivants fut le leader principal du parti Libéral ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Nan lane 1870 yo, te gen de gwo pati:
Parti Libéral (ak Boyer Bazelais) ki te gen deviz “le pouvoir au plus capable”, epi
Parti National (ak Lysius Salomon) ki te gen deviz “le pouvoir au plus grand nombre”
#114. (Juin 2018) L’un des groupes de personnages suivants est constitué uniquement de fondateurs de la République d’Argentine. Lequel ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
San Martin ak Belgrano se yo ki te nan tèt mouvman kreyasyon peyi Ajantin.
O’Higgins se te pou Chili, epi Morelos se te pou Meksik

#115. (Juin 2018 ) Associe chaque zone de production agricole en Haïti à sa culture dominante :
La Réponse : A ✅
La Logique:
• Cacao/Café (a-4): Yo bezwen mòn ak imidite, se sa k fè yo plante yo nan mòn nan Nò ak nan Sid.
• Riz (b-3): Bezwen anpil dlo ak tè plat, se nan Plenn Latibonit li bay plis.
• Carotte (c-2): Bezwen fredi, se nan mòn Kenskòf yo plante yo.
• Banane (d-1): LAKAYÈ (Arcahaie) se vil bannann nan peyi a
#116. (Juin 2018 ) L’agriculture des pays pauvres est désignée sous tous les noms suivants, sauf un. Lequel ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Nan peyi pòv yo, peyizan yo plante pou yo manje (vivrière/subsistance).
Agriculture de marché se lè yo plante gwo kantite pou yo vann nan faktori oswa lòt bò dlo, sa se karakteristik peyi rich
#117. (Juin 2018) Lequel des états d’Amérique latine suivants fut libéré par Simon Bolivar en 1818 ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
Simon Bolivar se ewo nasyonal peyi Venezuela. Se li ki te libere pati Nò kontinan Amerik di Sid la (Venezuela, Colombie, Équateur, Bolivie)
#118. (Juin 2018) Tous les États suivants forment le groupe BRIC, sauf un. Lequel ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
BRIC se yon abreviasyon pou 4 peyi ki gen ekonomi k ap monte ak fòs: Brésil, Russie, Inde, ak Chine.
(Apre yo te ajoute South Africa pou l vin BRICS). Corée du Sud pa ladan l

#119. (Juin 2018 ) Associe chaque type d’énergie à sa source naturelle :
La Réponse : A ✅
La Logique :
• Chimique (a-4): Soti nan reaksyon ki nan yon batri.
• Biomasse (b-3): Soti nan boule matyè vivan tankou mayi oswa bwa.
• Fossile (c-5): Soti nan Gaz natirèl oswa petwòl ki anba tè a depi lontan.
• Éolienne (d-1): Soti nan fòs van an
#120. Juillet 2019) Lequel des pays suivants est un pays moins avancé (PMA) de l’Asie ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Atansyon ak kote peyi yo sitye! Népal se yon peyi ki pòv anpil (PMA) ki sitye nan kontinan Lazi.
Malawi ak Somalie se nan Afrik yo ye, epi Bolivie se nan Amerik di Sid
#121. (Juillet 2019) L’une des institutions suivantes est typiquement haïtienne. Laquelle ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
CONATEL ki vle di (Conseil National des Télécommunications) se yon òganis Leta ayisyen ki kontwole tout koze radyo, televizyon, ak telefòn nan peyi a.
Digicel, Natcom, ak Decameron se konpayi prive (Natcom gen pati Leta ladan l men li se yon patenarya ak etranje)
#122. Dans l’une des villes suivantes a eu lieu un krach boursier qui a donné naissance à la crise de 1929. Laquelle ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Gwo kriz ekonomik 1929 la te kòmanse nan lavil New York, nan peyi Etazini, nan yon plas yo rele Wall StreetSe la bous la (kote yo vann pati nan biznis) te tonbe,sa ki te souke tout ekonomi mondyal la
#123. (Juillet 2020 / Juillet 2022) Lequel de ces journaux a été créé par les journalistes et intellectuels haïtiens pour résister à l’occupation américaine de 1915 – 1934 ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Pandan okipasyon an, entelektyèl ayisyen yo pa t rete bra kwaze. Yo te kreye “L’Union Patriotique” pou yo te ka fè rezistans politik ak kiltirèl kont prezans sòlda Ameriken yo sou tè a
#124. (Juillet 2020) Au nom des Piquets, Jean Jacques Accau a formulé l’une des revendications suivantes. Laquelle ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Pandan revòlt Piquets yo nan lane 1844, Jean-Jacques Accau te gen yon revandikasyon politik fò:
li te mande pou se yon nwa (moun ki soti nan klas mas pèp la) pou ki vin prezidan, paske li te santi milat yo t ap domine pouvwa a twòp
#125. (Juillet 2020) Lequel de ces territoires de la Caraïbe est un DOM (Département d’outre Mer) ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Yon DOM se yon teritwa ki sitye lòt bò dlo men ki konsidere tankou yon depatman peyi Lafrans .
Martinique ak Gwadloup se de (2) egzanp DOM nan Karayib la
#126. (Juillet 2021) 🇫🇷 Lequel des pays Grandes Antilles suivants est membre du Commonwealth ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Commonwealth lan se yon òganizasyon ki regroupe ansyen koloni peyi Angletè yo. Nan gwo zile Karayib yo (Grandes Antilles), se Jamayik ki ladan l paske li te anba dominasyon Angletè
#127. (Juillet 2021) Lequel des professionnels du tennis mondial dont l’un des parents est originaire d’Haïti ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Naomi Osaka se yon gwo jwè tenis entènasyonal. Manman l se Japonèz, men papa l se yon Ayisyen ki rele Leonard Francois.
#128. (Juillet 2021) « Tout par et pour la métropole » a été une formule prônée par :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Jean-Baptiste Colbert, ki te minis wa Louis XIV nan peyi Lafrans, te kreye sistèm sa a pou asire ke tout richès koloni yo (tankou Saint-Domingue) al dirèkteman nan pòch manman-peyi a (métropole).
Se sa yo rele “Colbertisme”
#129. (Juillet 2022) L’un des personnages suivants avait joué un rôle fondamental dans la lutte pour l’indépendance de Cuba au 19e siècle. Lequel ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Jose Marti se ewo nasyonal peyi Kiba. Li te goumen ak zam ak plim li (li te yon powèt tou) pou libere zile a anba men Lespany nan fen ane 1800 yo.
Fidel Castro te vin pi ta nan lane 1959
#130. (Juillet 2022) Au cours de la Première Guerre Mondiale, le Traité de Versailles avait lié l’un des groupes de pays suivants. Lequel ?
La Réponse : B ✅
La Logique :
Nan Premye Gè a, Almay ak Autriche-Hongrie te fè yon sèl kan (yo te rele yo “Puissances Centrales”). Trakté Versailles a se te pou pini ak regle koze ak kan sa a ki te pèdi lagè a
#131. (Juillet 2022) Laquelle des ressources naturelles suivantes est renouvelable ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Yon resous renouvelable se yon bagay ki p ap janm fini toutotan latè egziste.
Solèy la bay enèji chak jou san l pa diminye. Petwòl ak lò ka fini si nou fin fouye yo tout nan tè a
#132. (Juillet 2022) Parmi les faits historiques suivants, lequel a servi de prétexte pour les Américains de débarquer sur le sol d’Haïti en 1915 ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Menmsi Ameriken yo te vle antre nan peyi a pou kontwole lajan ak koutim nou, “eskiz” (prétexte) yo te sèvi, se dezòd ki te pete apre yo te fin masakre prizonye politik epi asasinen prezidan Vilbrun Guillaume Sam nan dat 28 jiyè 1915
#133. (Juillet 2023) L’un des personnages suivants fut le secrétaire particulier de Jean Jacques Dessalines. Lequel ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Boisrond Tonnerre se te yon nonm ki te gen anpil konesans ak yon gwo karaktè.
Se li ki te sekretè Dessalines epi se li ki te ekri Akt Endepandans Ayiti a, kote li te di nou dwe sèvi ak po yon blan kòm parchemin pou nou ekri l
#134. (Juillet 2023) Tirésias Simon Sam a succédé à l’un des chefs d’État suivants. Lequel ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
Lè prezidan Florvil Hyppolite mouri an 1896 (li te tonbe sou chwal li pandan l t ap prale Jakmèl), se Tirésias Simon Sam ki te pran plas li kòm prezidan
#135. (Juillet 2023) L’un des musiciens ci-après est le chanteur principal du groupe Tabou Combo. Lequel ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Shoubou (Roger M. Eugène) se vwa selèb ki te fè siksè gwo djaz nasyonal nou an, Tabou Combo, atravè mond lan pandan plizyè dizèn lane
#136. (Juillet 2023) Tous les éléments ci-dessous sont des causes du sous-développement d’Haïti, sauf un. Lequel ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
L’entraide sociale ki vle di tou (konbit, solidarite) se yon bon bagay nan yon sosyete, li pa lakòz povrete.
Se pito kòripsyon, dezòd nan politik (instabilité), ak move kondisyon lavi (insécurité) ki anpeche peyi a mache
#137. (Juillet 2023) L’une des religions suivantes a pour prophète Mahomet et pour livre sacré le Coran. Laquelle ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Chak relijyon gen liv pa l ak chèf li:
• Islam (B): Liv la se Coran, pwofèt la se Mahomet.
• Christianisme: Liv la se Labib, se sou Jezi li baze.
• Judaïsme: Liv la se Torah.
• Bouddhisme: Baze sou ansèyman Bouda
#138. (Juillet 2023) L’un des pays suivants est un membre permanent du Conseil de Sécurité des Nations Unies. Lequel ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Gen senk (5) peyi ki se mèt l’ONU (membres permanents) paske yo gen dwa “Veto”.
Peyi sa yo se: Etazini, Larisi, Lafrans, Angletè, ak LACHIN (Chine). Lòt peyi yo chanje chak de (2) lane
#139. Parmi les composantes de la terre, identifie celle dont la couche gazeuse enveloppe la planète.
La Réponse : C ✅
La Logique:
Eseye pa konfonn yo , pa melanje yo:
Litho se wòch/tè.
Hydro se dlo.
Atmo se gaz/lè.
Donk, Atmosphère la se kouch lè ki vlope tout planèt la pou nou ka respire epi ki pwoteje nou kont reyon solèy la.
#140. Lequel de ces secteurs économiques regroupe les activités de recherche et de haute technologie ?
La Réponse : D ✅
La Logique:
Anplis 3 premye sektè yo (agrikilti, faktori, sèvis), gen yon 4yèm sektè yo rele
Quaternaire. Se ladan yo mete tout travay ki mande gwo sèvo ak teknoloji tankou rechèch syantifik, enfòmatik, ak kominikasyon modèn.
#141. (Juin 2017) Que signifie le sigle MARNDR en Haïti ?
La Réponse : A ✅
La Logique:
MARNDR se youn nan ministè ki pi enpòtan nan peyi a paske li jere tout koze plante (agrikilti), jere dlo ak tè (ressources naturelles), ak fason moun ap viv andeyò (développement rural)
#142. (Juillet 2022) Haïti a connu beaucoup de constitutions au cours de son histoire. Combien en dénombre-t-on environ jusqu’à nos jours ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Ayiti se yonn nan peyi ki chanje lwa (Constitution) trè souvan
Pandan peyi tankou Etazini gen yon sèl depi plis pase 200 lane, Ayiti deja gen plis pase 22 konstitisyon.
#143. La crise des missiles de 1962, qui a failli déclencher une guerre nucléaire, a eu lieu dans quel pays de la Caraïbe ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Se nan peyi Kiba (Cuba) kriz sa a te rive lè Inyon Sovyetik (Larisi) te mete zam nikleyè nan zile a.
Sa te fè Etazini fache anpil e lemonn te manke tonbe nan yon gwo gè ant Nikita Kroutchev ak John F. Kennedy.
#144. (Juin 2017) Le 14 août 1791 rappelle un événement mystique et politique majeur dans l’histoire d’Haïti. Lequel ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Nan nwit 14 out 1791, esklav yo te reyini nan Bwa Kayiman (Bois Caïman) pou yo te fè yon sèman pou yo kase chenn lesklavaj la
Se moman sa a ki te deklanche revolisyon ki pral mennen nou nan endepandans
#145. (Juillet 2021) L’assassinat de l’Archiduc François Ferdinand à Sarajevo en 1914 a été la cause occasionnelle de :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Menm si te gen anpil lòt pwoblèm an Ewòp, se lanmò chèf sa a (François Ferdinand)
Se evènman sa a ki te fè tout peyi yo kòmanse deklare lagè, sa ki bay Premye Gè Mondyal la
#146. (Juillet 2023) Lequel de ces pays est un membre permanent du Conseil de Sécurité de l’ONU et possède le droit de veto ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Gen sèlman 5 peyi ki se manm pèmanan nan Konsèy Sekirite a epi ki ka anpeche yon desizyon pase (droit de veto): États-Unis, Russie, Angleterre, Chine, ak LAFRANS (France)
#147. (Juillet 2021) Laquelle de ces énergies est considérée comme une “énergie verte” ou propre ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Yo rele yo “énergie verte” paske yo pa ka gate anviwonman an epi yo p ap janm fini.
Solèy (Solaire), Van (Éolienne), ak Dlo (Hydraulique) se pi bon egzanp.
Petwòl se yon enèji “fossile” ki ka gate lè a
#148. (Juillet 2020) Lequel de ces termes désigne une situation où la population ne mange pas assez de vitamines, surtout la vitamine A ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Lè yon moun manje, men manje a manke eleman enpòtan tankou vitamin, sa rele yon maladie de carence.
Pa egzanp, manke vitamin A ka rann timoun avèg. Sa diferan de Famine kote pa gen manje ditou
#149. (Juin 2011) Le plan Marshall, lancé en 1948, visait à aider quel continent à se reconstruire après la guerre ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Apre Dezyèm Gè Mondyal la, peyi nan kontinan Ewòp la te kraze nèt.
Etazini te kreye Plan Marshall la pou voye plis pase 13 milya dola pou ede yo rebati faktori ak kay yo
#150. L’Indice de Développement Humain (IDH) mesure le niveau de développement d’un pays à partir de trois critères. Lesquels ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Pou konnen si moun ap viv byen nan yon peyi, IDH la gade 3 bagay :
1) Si moun yo viv lontan epi yo an sante (Santé)
2) Si yo konn li ak ekri (Éducation)
ak 3) Konbe kòb yo fè an mwayèn (Revenu)
#151. Toussaint Louverture fut arrêté par les Français et déporté en France où il mourut au Fort de Joux le :
La Réponse : C ✅
La Logique:
Apre Jeneral Leclerc te fin pran l nan pèlen, yo te voye Toussaint Louverture nan prizon nan mòn an Frans
Li te mouri ak fredi ak grangou nan dat 7 avril 1803, kèk mwa sèlman anvan peyi a te pran endepandans li.
#152. Laquelle de ces industries en Haïti fabrique des produits comme les balles de baseball pour le marché étranger ?
La Réponse : B ✅
La Logique:
Yo rele sa Industrie d’assemblage Se lè materyèl yo soti lòt bò dlo, moun isit koud yo oswa rasanble yo, epi yo voye yo vann deyò ankò.
Pandan lontan, Ayiti te konn fè prèske tout bal bezbòl nan mond lan
#153. (Juin 2017) Laquelle de ces ressources est une source d’énergie fossile et non renouvelable ?
La Réponse : C ✅
La Logique:
Yo rele yo “fossile” paske yo soti nan rès bèt ak plant ki te anba tè depi plizyè milyon lane
Charbon (chabon tè), Petwòl, ak Gaz natirèl se resous k ap fini si nou itilize yo twòp e yo gate lè a
#154. (Juin 2017) Le “Plan Brady” de 1989 visait principalement à :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Nicholas Brady te minis Finans Etazini. Li te pwopoze yon plan nan lane 1989 pou ede peyi ki te gen twòp dèt (tankou Meksik oswa Brezil) pou bank yo efase yon pati nan kòb la pou yo ka respire
#155. L’arrivée en grand nombre des Noirs à Saint-Domingue était due à :
La Réponse : B ✅
La Logique :
Kolon yo te bezwen anpil moun pou travay nan jaden sik yo, se sa k fè yo te al vòlò moun an Afrik pou vann yo kòm esklav nan Karayib la.
Yo rele gwo kòmès moun sa a La traite négrière.
#156. Sur une carte, l’espace entre le Nord-Est d’Haïti et le Sud-Est de Cuba s’appelle :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Si w gade yon kat jewografik, moso lanmè ki separe zile Ayiti ak zile Kiba rele Canal du Vent. Se yon pasay ki trè enpòtan pou bato k ap soti nan Oseyan Atlantik pou antre nan lanmè Karayib la.
#157. (Juillet 2023) Le président haïtien Jovenel Moïse a été assassiné le :
La Réponse : B ✅
La Logique:
Sa se yon evènman trè resan ki make istwa peyi a. Prezidan Jovenel Moïse te pèdi lavi l anndan kay li nan dat 7 jiyè 2021




