apojeakademy

kreyol quizz 9af

 

Rezilta yo

Pwonon (Gramè)
Gade tablo sa a pou w ka rann korespondans ant fraz yo ak kategori pwonon yo:

#1. Nan fraz 3 a (“Pa nou an pi bon”), ki kalite pwonon ki genyen?

La Réponse: A ✅

La Logique: “Pa nou” montre posesyon (moun ki mèt bagay la). Nan tablo a, fraz 3 koresponn ak a (Pwonon posesif)

Pwonon (Gramè)
Gade tablo sa a pou w ka rann korespondans ant fraz yo ak kategori pwonon yo:

#2. Ki kalite pwonon ki genyen nan fraz 4 la (“Kilès ki pa fè devwa l?”)?

La Réponse: B ✅

La Logique: Mo “Kilès” la sèvi pou poze kesyon. Donk, se yon pwonon entèrogatif (ki koresponn ak d nan tablo a)

TABLO B: Figi Estil
Sèvi ak tablo sa a pou w reponn kesyon yo:

#3. Ki figi estil ki genyen nan fraz 1 an (“Tout lekòl la soti”)?

La Réponse: B ✅

La Logique: Se yon metonimi paske se pa bilding lekòl la ki soti, men se moun (elèv ak pwofesè) ki anndan lekòl la. Yo itilize veso a pou kontni an

#4. Ki figi estil ki nan fraz 4 la (“Ban an kriye…”)

La Réponse: C ✅

La Logique: Se yon pèsonifikasyon paske yo bay yon bagay ki pa gen lavi (yon ban) yon kalite moun genyen (kriye, pale)

TÈKS: Vòlkan yo (Egzamen: Jiyè 2017)

Nan an kounye a, sou sifas tè a, yo konte plis pase uisan (800) vòlkan k ap fè mouvman. Nan kontinan Ewòp, vòlkan k ap fè mouvman yo, an itali ak islann. Yon vòlkan se yon montay k ap vomi yon kantite wòch ki melanjen ak yon kantite gaz ki fòm k ap soti nan tè a. Vòlkan an ap voye wòch pasi pala, moun pa ka viv nan zòn kote l ye paske boule moun, boule kay, mete dife nan tout sa li jwenn sous wout li. Melanj wòch ak gaz sa a fòme a yo rele l magm.

Lè magma a rive sou sifas tè a, gaz la chape tankou lè ou debouche nan yon boutèy kola. Pafwa gaz la chape byen fasil, epi kratè vòlkan an vide wòch yo tou fonn sou fòm lav k ap koule. Lav sa a desann nan flan vòlkan an, li frèt, li vin solid pou l bay yon kantite wòch di.

An Ayiti, nou konstwi nan plenn, bò rivyè, sou platon, nan flan mòn kòm sou tèt mòn tankou mòn lopital nan Pòtoprens, mòn jalouzi nan Petyonvil, gen kèk peyi, yo pa kite moun konstwi nan mòn paske moun yo gen anpil danje. Pi gwo fenomèn ki pwodui nan mòn se sa yo rele vòlkan an.

#5. Tèks “Vòlkan yo” a pale de:

La Réponse: D ✅
La Logique:
Nan dezyèm paragraf la, tèks la esplike kijan gaz la chape epi kijan magma a (ki se melanj wòch ak gaz) manifeste sou sifas tè a

TÈKS: Vòlkan yo (Egzamen: Jiyè 2017)

#6. Tèks sa a se yon tèks:

La Réponse: B ✅
La Logique:
Se yon tèks eksplikatif paske li la pou l fè lektè a konprann fenomèn vòlkan an, ki sa li ye, ak kijan li fonksyone

TÈKS: Vòlkan yo (Egzamen: Jiyè 2017)

#7. Vòlkan an bay yon kantite wòch di

La Réponse: A ✅
La Logique:
Tèks la di: “Lav sa a desann nan flan vòlkan an, li frèt, li vin solid pou l bay yon kantite wòch di”.

TÈKS: Anayiz bèl fanm lakay (Egzamen: Jiyè 2018)

Anayiz bèl fanm lakay Anayiz fanm peyi Ayiti Toma Anayiz fanm andeyò lakay Bèl fanm, bèl nègès lakay K ap voye kout batwèl Adwat agòch nan larivyè Se pa de chonje m ap chonje w Tout kote m pase Se ou k ap jwe nan may lespri sèvèl tèt mwen
Anayiz bèl fanm peyi m Jou m kite peyi etranje M ap kouri sou tèt al kache Nan lonbrit mòn lakay Pou m al veye w Lè w a p kannale desann nan bouk Ak chay manje lou sou tèt ou
Anayiz fanm vanyan peyi m M fè sèman sèt fwa m ap retounen M ap pran avyon m ap vwayaje Senpleman pou m ka vin di w
ANAYIZ Panyen sa k sou tèt ou a li tèlman lou Li fè venn lou w redi rèd Pase fil kòd bato Sa fè m mal pi mal pase Chay k ap sòti sou tèt tonbe sou zèpòl

#8. Tèks ou sot li a se yon

La Réponse: B ✅
La Logique: Tèks sa a se yon powèm paske li ekri ak vè (fraz kout) epi li gen estwòf ki eksprime santiman otè a
TÈKS: Anayiz bèl fanm lakay (Egzamen: Jiyè 2018)

#9. : Dapre jan tèks la ranje a, li genyen

La Réponse: D ✅
La Logique: Si nou konte tout blòk vè yo ki separe, n ap jwenn gen onz (11) estwòf nan powèm nan nèt
TÈKS: Anayiz bèl fanm lakay (Egzamen: Jiyè 2018)

#10. Dezyèm estwòf tèks sa a se yon

La Réponse: A ✅
La Logique: Yon distik se yon estwòf ki genyen de (2) vè sèlman. Dezyèm estwòf nan powèm sa a se: “Anayiz bèl fanm peyi m / Jou m kite peyi etranje”

TABLO 3: Tip Fraz (Egzamen: Jiyè 2018)TABLO 3: Tip Fraz (Egzamen: Jiyè 2018)

#11. Ki tip fraz nou jwenn nan nimewo 3 a (“Ala kote moun ka pase mizè!”)?

La Réponse: B ✅
La Logique: Yon fraz esklame sèvi pou eksprime yon gwo santiman (kè kontan, sezisman, doulè). Li toujou fini ak yon pwen esklamasyon (!)

TABLO 3: Tip Fraz (Egzamen: Jiyè 2018)TABLO 3: Tip Fraz (Egzamen: Jiyè 2018)

#12. Ki tip fraz ki nan nimewo 4 la (“Sispann kraze peyi a”)?

La Réponse: B ✅
La Logique: Yon fraz kòmande (oswa enperatif) bay yon lòd oswa yon konsèy. Isit la, y ap mande pou yon moun sispann yon aksyon

TABLO 4: Predika (Egzamen: Jiyè 2018)

TABLO 4: Predika (Egzamen: Jiyè 2018)

#13. Nan fraz 1 an (“Pòt adwat la”), ki fòm predika a genyen?

La Réponse: B ✅
La Logique: “Adwat” se yon advèb kote ki bay ,ki endike direksyon . Donk, sa a se yon predika advèbyal

TABLO 4: Predika (Egzamen: Jiyè 2018)

TABLO 4: Predika (Egzamen: Jiyè 2018)

#14. Nan fraz 4 la (“Chesnèl avoka”), ki fòm predika a genyen?

La Réponse: A ✅
La Logique: “Avoka” se yon non. Lè predika a se yon non, nou rele l yon predika nominal

TABLO 5: Advèb ak Tip li (Egzamen: Jiyè 2017)

TABLO 5: Advèb ak Tip li (Egzamen: Jiyè 2017)
T

#15. Ki tip advèb “Kounye a” ye?

La Réponse: C ✅
La Logique: “Kounye a” endike moman yon aksyon ap fèt. Se yon advèb tan

TABLO 5: Advèb ak Tip li (Egzamen: Jiyè 2017)

#16. Ki tip advèb “Toupatou” ye?

La Réponse: Advèb lye ✅
La Logique: “Toupatou” montre yon kote (lye). Se yon advèb lye

TABLO 6: Pwonon (Egzamen: Jiyè 2017)

TABLO 6: Pwonon (Egzamen: Jiyè 2017)

 

#17. Nan fraz “Se kaye pa mwen an”, ki kalite pwonon nou jwenn?

La Réponse: Pwonon posesif ✅
La Logique: “Pa mwen” montre se pou mwen kaye a ye. Se sa ki fè se yon pwonon posesif

TABLO 6: Pwonon (Egzamen: Jiyè 2017)

#18. Nan fraz “Madanm ki ap kriye a kouche”, mo “ki” a se yon:

La Réponse: B ✅
La Logique:
 Pwonon relatif yo pemet ou etabli relasyon  
Mo “ki” a sèvi pou fè relasyon ant “madanm nan” ak aksyon l ap fè a. Se yon pwonon relatif

PATI D: ANALIZ FONOLOJI AK SINONIM (Egzamen 2016 – 2018)

#19. (Fonoloji): Dapre tablo branch lengwistik yo, ki branch ki okipe “fason yo pwononse yon son”

La Réponse: B ✅
La Logique: Fonetik etidye son yo nan fason fizik yo fèt ak jan yo pwononse yo

PATI D: ANALIZ FONOLOJI AK SINONIM (Egzamen 2016 – 2018)

#20. (Lòd Alfabetik): Ki jan ou ta klase mo sa yo nan lòd alfabetik: Vazlin, lalin, chin, kizin, don, orijin?

La Réponse: chin, don, kizin, lalin, orijin, vazlin ✅
La Logique:
Gen diferans ant le yo di ou pou mete fraz la nan bon sans tankou ba li bon sans.
ak mete li  Nan lòd alfabetik.
Pou nou mete yon fraz Nan lòd alfabetik,nou gade premye lèt yo: C (chin), D (don), K (kizin), L (lalin), O (orijin), V (vazlin)

PATI D: ANALIZ FONOLOJI AK SINONIM (Egzamen 2016 – 2018)

#21. (Sinonim): Nan fraz “Volè a kraze rak”, ki mo ki ka ranplase “kraze rak”?

La Réponse: D ✅
La Logique: Nan kreyòl, lè yon moun “kraze rak”, sa vle di li sove oswa li pati kouri byen vit pou yo pa kenbe l.
NB: Nan kesyon sa nou met yon ti pyej ou dwe toujou byen li avan ou chwazi tankou nan C) Sowe Epi D) Sove 
je ou ka fasil twouble , Apojeakademy fè sa e pou antrene ou.

(Figi estil):

#22. (Figi estil): Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Mwen tèlman swaf mwen ta bwè yon doum dlo”?

La Réponse: Ipèbòl
La Logique: Yon ipèbòl se yon figi estil kote nou egzajere sa n ap di a pou n bay li plis fòs.
Pèsonn pa ka bwè yon doum dlo yon sèl kou, donk se yon egzajerasyon

(Tan vèbal):

#23. (Tan vèbal): Nan ki tan fraz sa a ye: “Anita ta ale avè l”?

La Réponse: Fraz kondisyonèl ✅
La Logique:
Yon Fraz kondisyonèl se yon fraz kote aksyon  an depann de kondisyon an.
tankou la mo “ta” a montre yon aksyon ki depann de yon kondisyon.
Se sa yo rele kondisyonèl 

(Figi estil):

#24. (Figi estil): Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Ban an kriye li di twòp elèv chita sou li”?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Se yon pèsonifikasyon paske “kriye” ak “pale” se kalite moun genyen, epi yo bay yon bagay (yon ban) kalite sa yo

(Sinonim):

#25. (Sinonim): Ki sinonim mo “Èd” la Nan opsyon sa yo?

La Réponse: B ✅
La Logique: Lè yon moun ba ou yon èd, li ba ou yon konkou oswa yon koutmen

(Kontrè):

#26. (Kontrè): Ki kontrè (okontrè) mo “Mobil” la?

La Réponse: Imobil✅
La Logique: Yon bagay ki mobil ka deplase. Yon bagay ki pa ka deplase se yon bagay ki imobil

#27. (Gramè): Nan fraz “Janèt dousman anpil”, ki fòm predika nou jwenn?

La Réponse: C ✅
La Logique: “Dousman” se yon adjèktif nan kontèks sa a ki montre jan Janèt ye. Se yon predika adjektival

(Diskou Endirèk):

#28. (Diskou Endirèk): Chanje fraz sa a nan diskou endirèk: Josèf di: « Jou mwen ale Jeremi m ap tou rete ».

La Réponse: Josèf di jou li ale Jeremi l ap tou rete. ✅
La Logique: Pou chanje nan diskou endirèk, “mwen” an vin tounen “li” paske w ap rapòte sa li te di

(Kontraksyon):

#29. (Kontraksyon): Reyalize kontraksyon nan fraz sa a: “Madam nan di mwen vini kote li lè mwen fini”.

La Réponse: Madam nan di m vini kote l lè m fini.✅
La Logique: Nan kreyòl, nou rousi (kole) oubyen noyu fè kontraksyon ak  pwonon yo.
“di mwen” -> “di m”, “kote li” -> “kote l”, “lè mwen” -> “lè m”

#30. (Figi estil): Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Mwen wè papa m avèk de je mwen”?

La Réponse: B ✅
La Logique: Yon pleonnas se lè nou repete yon lide ki deja la. Piske ou pa ka wè ak je yon lòt moun, di “ak de je mwen” se yon pleonnas (egzajerasyon detay ki pa nesesè)

(Leksil):

#31. (Leksil): Ki mo ki nan menm chan leksikal ak mo “Lopital” la?

La Réponse: B ✅
La Logique: Yon chan leksikal se yon gwoup mo ki pale de menm sijè. Medsen ak malad mache ak lopita

(Pwonon):

#32. (Pwonon): Nan fraz “Kilès ki pa fè devwa l?”, mo “Kilès” la se yon:

La Réponse: B ✅
La Logique: Mo “Kilès” la sèvi pou poze yon kesyon. Se sa ki fè se yon pwonon entèrogatif

(Aspè):

#33. (Aspè): Nan fraz “Matin wouze flè yo”, ki aspè vèbal nou jwenn?

La Réponse: D ✅
La Logique: Aspè akonpli vle di aksyon an fini nèt. Matin fin wouze flè yo deja

(Pilye)

#34. (Pilye): Nan fraz “Papa m se senatè”, ki kalite pilye ki genyen?

La Réponse: Pilye nominal✅
La Logique: Pilye a (eleman ki pote sans predika a) se “senatè”, ki se yon non. Donk se yon pilye nomina

PATI A: KONPREYANSYON TÈKS

TIT TÈKS: Tamaren (Egzamen: Jiyè 2016)
“Tamaren se yon mo ki gen orijin Arab ki vle di dat endyen (en français date indienne) se yon yon twopikal ki sòti an End. Pou lapremyè fwa, nan lane 1701 yo te jwenn li nan zile Reyinyon, Gwadloup ak lòt peyi nan Karayib la. Kounye-a yo itilize l prèske tout kote nan monn lan. Fwi sa a gen gwo pòte medizinal, li prezante sou fòm gous ki gen koulè mawon, anndan fwi sa a pilp la, pati ki gen anpil chè a antoure avèk plizyè grenn, epi li gen yon ti gou asid ki agreyab anpil. Nou itilize fwi sa a pou fè ji, men tou yo manje tamaren ak kribich, ak vyann kana, ak vyann kochon tou. Nou ka jwenn li fasilman prèske tout kote. Pou sa ki konsène Ayiti, nou ka jwenn li Ench, Kvadèboukè, epi nan Santo 1 kay Mesye Pontyen.
Kijan yo itilize fwi sa a? Ki lòt peyi ki itilize li tou? Yo itilize li pou fè sòs melanje ak pwason, kribich, vyann kana, vyann kochon, epi yo fè ji ak li tou, pou sa yo retire gwo po a, grenn yo, lave l epi blende li ak dlo sikre, li vin bay yon ji ki gen yon ti gou asid, ji sa a se koupe dwèt tèlman li bon. Pou sa ki gen rapò ak sante ji tamaren an bon anpil pou moun ki soufri maladi kòlè.”

#35. (KONPREYANSYON TÈKS) Ki orijin mo “Tamaren” an daprè tèks la?

La Réponse: Arab✅
La Logique: Premye fraz la di: “Tamaren se yon mo ki gen orijin Arab“. Li soti nan ekspresyon “dat endyen”.

PATI A: KONPREYANSYON TÈKS

TIT TÈKS: Tamaren (Egzamen: Jiyè 2016)

#36. Nan ki lane yo te jwenn tamaren pou premye fwa nan zile Karayib yo?

La Réponse: 1701✅
La Logique: Tèks la presize: “nan lane 1701 yo te jwenn li nan zile Reyinyon, Gwadloup ak lòt peyi nan Karayib la”.
PATI A: KONPREYANSYON TÈKS
TIT TÈKS: Tamaren (Egzamen: Jiyè 2016)

#37. Ji tamaren bon anpil pou moun ki soufri ki kalite maladi?

La Réponse: B ✅
La Logique: Dènye fraz tèks la di: “ji tamaren an bon anpil pou moun ki soufri maladi kòlè“.
PATI A: KONPREYANSYON TÈKS
TIT TÈKS: Tamaren (Egzamen: Jiyè 2016)

#38. Konbyen paragraf tèks sa a genyen?

La Réponse: B ✅
La Logique: Si nou byen gade jan tèks la prezante an, li divize an twa (3) moso oswa paragraf distenk.

TIT TÈKS: Mango (Egzamen: Jen 2016)

“An Ayiti, mango se yon relijyon. Tout klas moun nan sosyete a renmen manje l. Gran vakans, anpil kote nan pwovens peyi Dayiti pa t ap gen okenn cham san dlo larivyè ak manje mango. Pou dlo larivyè, fòk nou plante anpil pyebwa nan tèt mòn yo. Pou nou kontinye gen mango, fòk nou plante anpil lòt pye mango paske kounye-a anpil pye fin granmoun. Nou dwe plante jenn pye pou ranplase sa ki granmoun yo. An Ayiti, gen plis pase san kalite mango. Nan Plato Santral sèlman, yo jwenn swasann-dis kalite mango.
Mango se yon gwo richès pou peyi Dayiti. Pèsonn moun pa ta dwe pote sou konsyans li responsablite pou mango ta vin disparèt nan peyi a. Depi kèk tan, yo voye vann anpil mango nan peyi etranje. Pi fò nan yo se mango madan fransik, yon mango ki fèt nan komin Gwo Mòn, Depatman Latibonit. Li donnen di mwa sou douz, li kòmanse donnen nan depatman Lwès el al fini nan Depatman Nòdwès sou zile Latòti.”

#39. Ki kalite tèks “Mango” a ye?

La Réponse: D ✅
La Logique: Tèks sa a bay enfòmasyon sou reyalite mango nan peyi a, kalite ki genyen ak kote yo donnen. Se yon tèks enfòmatif.

TIT TÈKS: Mango (Egzamen: Jen 2016)

#40. Ki rezon ki fè mango “Madan Fransik” la tèlman siksè nan peyi etranje daprè tèks la?

La Réponse: B ✅
La Logique: Tèks la eksplike ke mango sa yo “pwodui natirèl”, yo pa itilize angrè chimik ni ensektisid pou yo pouse

TIT TÈKS: Mango (Egzamen: Jen 2016)

#41. Dapre tèks la, konbyen kalite mango yo jwenn nan Plato Santral sèlman?

La Réponse: Swasann-dis (70) kalite✅
La Logique: Tèks la di: “Nan Plato Santral sèlman, yo jwenn swasann-dis kalite mango”.
PATI B: GRAMÈ, SENTAKS AK TABLO ANALIZ
TABLO 1: Kontrè (Egzamen: Jiyè 2016)
PATI B: GRAMÈ, SENTAKS AK TABLO ANALIZ TABLO 1: Kontrè (Egzamen: Jiyè 2016)

#42. Ki kontrè mo “Mobil” la daprè tablo a?

La Réponse: Imobil ✅
La Logique: Yon bagay ki mobil ka deplase, yon bagay ki imobil se yon bagay ki ret an plas, li pa ka deplase.
PATI B: GRAMÈ, SENTAKS AK TABLO ANALIZ
TABLO 1: Kontrè (Egzamen: Jiyè 2016)

#43. Ki kontrè mo “Anbake” la?

La Réponse: Debake✅
La Logique: Lè yon moun anbake, li antre nan yon bato oswa avyon. Lè li debake, li soti ladan l.

TABLO 2: Figi Estil (Egzamen: Jiyè 2016)

TABLO 2: Figi Estil (Egzamen: Jiyè 2016)

#44. Ki fraz ki gen yon Pleyonas ladan l?

La Réponse: Mwen wè l ak 2 grenn je m✅
La Logique: Yon pleyonas se lè nou repete yon bagay ki evidan (repetisyon initil). Piske ou pa ka wè ak je yon lòt moun, di “ak 2 grenn je m” se yon pleyonas

TABLO 2: Figi Estil (Egzamen: Jiyè 2016)

#45. Ki figi estil ki genyen nan fraz “Basen an ap dòmi tèlman li fon!”?

La Réponse: pèsonifikasyon ✅
La Logique: Se yon pèsonifikasyon paske “dòmi” se yon aksyon moun oswa bèt fè, men yo bay yon bagay (yon basen) kalite sa a

TABLO 2: Figi Estil (Egzamen: Jiyè 2016)

#46. Ki figi estil ki genyen nan fraz “Tipye bwè 5 boutèy”?

La RéponseMetonimi 
La Logique:
Metonimi se yon figi stil nan lang kote yon bagay oswa yon lide reprezante pa yon lòt bagay ki gen yon relasyon dirèk oswa pre avèk li.
Se yon metonimi paske Tipye pa ka bwè boutèy yo , li bwè sa ki anndan boutèy yo 

menm jan ak

  • “Nou bezwen plis men nan travay sa a” 
men reprezante moun ap travay.

#47. Nan fraz “Motosiklèt la bò lari a”, ki fòm predika nou jwenn?

La Réponse: B ✅
La Logique
Yon predika prepozisyonèl se yon fraz oswa pati nan fraz kote prepozisyon an se eleman prensipal la ki konekte sijè ak lòt mo oswa gwoup mo pou montre relasyon espasyal, tan, koz, oswa lòt kalite relasyon

Definisyon ak karakteristik

  • Predika prepozisyonèl itilize yon prepozisyon kòm nwayo fraz la.
  • Li toujou gen yon konpleman ki se mo oswa gwoup mo prepozisyon an gide oswa konekte a.
  • Prepozisyon kapab eksprime plizyè kalite relasyon, tankou tan (apre, pandan, depi), kote (dan, sou, anba bò), koz (pou, akoz de), manyè (ak, avèk, san, selon), objektif (pou, a, envè), oswa separasyon (san, sof) 

“Bò lari a” se yon gwoup mo ki kòmanse ak yon prepozisyon (bò). Donk se yon predika prepozisyonèl

#48. Nan fraz “Manman mwen ap prepare manje”, ki fòm predika li ye?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Yon predika vèbal se yon pati nan fraz la kote vèb la bay enfòmasyon sou sijè a, ap esplike aksyon li fè oswa eta li ye.

Definisyon ak Fonksyon

Nan gramatik kreyòl, yon predika se nwayo fraz la ki eksprime sa sijè ap fè oubyen eta li nan moman fraz la. Lè predika baze sou yon vèbnou rele li predika vèbalpaske vèb la sèvi kòm ensidan ki pote sans aksyon oswa eta a.
Predika vèbal la genyen ladan li:
  • Vèb aksyonki montre yon aksyon ke sijè fè oubyen sibi. Egzanp: “Li voye wòch la.” (sijè fè aksyon an)
  • Vèb etaki montre yon eta oswa yon kondisyon sijè ye. Egzanp: “Li sanble tris.” (eta sijè a)
“Ap prepare” se yon vèb k ap fè yon aksyon. Se sa ki fè se yon predika vèbal

PATI C: VOKABILÈ AK ORTOGRAF

#49. (Derivasyon): Sèvi ak prefiks oswa sifiks pou w fòme yon mo ki derive ak “Pwodui”.

La Réponse: A ✅
La Logique:
Nan lang, “derivasyon” se pwosesis kote yo kreye nouvo mo oswa nouvo fòm mo soti nan yon mo ki egziste deja, souvan lè yo ajoute prefiks oswa sifiks, pou bay mo yon nouvo sans oswa chanje klas li nan fraz la

Karakteristik Derivasyon

  • PrefiksYon pati mo mete devan mo prensipal la pou chanje sans li. Egzanp: “re-” nan “refè” (fè ankò).
  • SufiksYon pati mo mete nan fen mo pou chanje klas oswa sans. Egzanp: “-è” soti nan vèb “kant” → “kantè” (moun ki chante).
  • Chanjman klas moDerivasyon kapab konvèti yon non an adjektif, yon vèb an non, elatriye, san ou pa bezwen kreye yon mo nèt nouvo 

  • Zero derivation oswa konvèsyonChanjman ki fèt san ajoute prefiks oswa sifiks, jis lè ou itilize yon mo deja egziste nan yon lòt kategori gramatikal. Pa egzanp, non “panse” ka sèvi kòm vèb “panse” san chanjman.
Nan kreyòl, nou ajoute sifiks “-ksyon” sou “pwodui” pou nou jwenn pwodiksyon. Se sa yo rele derivasyon.

(Sens Figire):

#50. (Sens Figire): Ki fraz kote ekspresyon “kale tèt” la itilize nan sans figire?

La Réponse: C ✅
La Logique: Nan sans figire, “kale tèt” vle di yon bagay ki difisil anpil oswa ki rèd. Nan opsyon A ak B, se cheve y ap koupe (sans pwòp).

(Konjonksyon):

#51. (Konjonksyon): Ki konjonksyon kowòdinasyon nou jwenn nan fraz sa a: “Li vini epi li kòmanse pale”?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Mo “epi” a se yon konjonksyon kowòdinasyon ki sèvi pou kole de moso fraz ansanm.
Yon konjonksyon kowòdinasyon se yon mo ki pèmèt konekte de mo, de gwoup mo oswa de fraz ki gen menm enpòtans nan yon fraz, tankou “ak”, “men”, “oswa”, “se konsa” oswa “ni”.

#52. (Aspè): Nan fraz “Elèv yo ap konpoze nan kreyòl”, ki aspè nou jwenn?

La Réponse: C ✅
La Logique: Makè “ap” la montre yon aksyon k ap fèt, ki nan wout. Se sa ki rele aspè diratif oswa inakonpli.

#53. (Diskou Endirèk): Chanje fraz sa a nan diskou endirèk: Premye Minis la di: « Nou bezwen ennan ankò pou bagay yo chanje ».

La Réponse: Premye Minis la di yo bezwen ennan ankò pou bagay yo chanje.✅
La Logique: Lè w ap rapòte pawòl yon gwoup moun (nou), nan diskou endirèk li vin tounen “yo” (paske se yo menm ki bezwen l, se pa ou menm k ap pale a).

#54. (Chan leksikal): Bay 3 mo ki nan chan leksikal mo “Lapolis” la. Les Options:

La Réponse: A ✅
La Logique: Yon chan leksikal se tout mo ki gen rapò ak yon menm tèm. Lapolis mache ak vòlè, menòt, komisarya, prizon, elatriye.

#55. (Varyasyon): Nan kreyòl, mo “Dyaspora” ka ekri tou:

La Réponse: B ✅
La Logique: Nan kèk rejyon oswa selon fason moun pwononse l, son “dy” a ka tounen “dj”. Se sa yo rele yon varyasyon lang lan.

#56. (Sentaks): Ki jan ou ka mete fraz sa a “Mouton an kase kòd la” nan fòm anfaz sou pilye?

La Réponse: C ✅
La Logique: Pou mete anfaz sou pilye vèbal la (kase), nou kòmanse ak “Se”, nou repete vèb la, epi nou fini fraz la.
“Se kase + pwonon/non + vèb…”.

#57. (Pwonon): “Fè yon fraz kote -yo- se pwonon pèsonèl konpleman”, ki opsyon ki kòrèk?

La Réponse: B ✅
La Logique:

Definisyon

Yon pwonon pèsonèl konpleman sèvi pou ranplase yon non ki resevwa aksyon vèb la nan fraz la. Yo ka parèt kòm objè dirèk (ki resevwa aksyon an san prepozisyon) 
oswa objè endirèk (ki resevwa aksyon an ak yon prepozisyon tankou “pou”, “bay”, elatriye). Objektif li se evite repete non moun, bagay, oswa bèt ou pale sou li.

  • Mwen wè li. → “li” se pwonon pèsonèl konpleman, ranplase non moun oswa bagay ki wè a.
Nan fraz B a, “yo” plasé apre vèb la (renmen), li resevwa aksyon an. Donk li se yon konpleman. Nan A ak C, li se sijè. 

#58. (Lòd Alfabetik): Klase mo sa yo nan lòd alfabetik: Basen, lokalite, bankèt, tabourè.

La Réponse: A ✅
La Logique: Nou gade dezyèm lèt la piske yo tou de kòmanse ak “B”. “a-n” (Bankèt) vin anvan “a-s” (Basen). Apre sa nou gen “L” epi “T”.

PATI D: DETEMINAN AK KLAS MO (Egzamen: Jiyè 2016)

#59. Nan gwoup mo “Yon kaye”, ki kalite detèminan mo “Yon” ye?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Atik endefini (yo rele l tou detèminan endefini) se yon mo nou mete devan yon non pou nou pale de yon bagay nou pa presize oswa nou pa konnen byen
pa egzanp: yon liv, yon moun.
“Yon” koresponn ak “atik endefini”.

#60. Nan moso fraz “Premye dam”, ki kalite detèminan mo “Premye” ye?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Yon adjektif nimeral òdinal se yon mo ki sèvi pou montre nan ki ran oswa nan ki lòd yon moun oswa yon bagay ye
(pa egzanp: premye, dezyèm, twazyèm…).

#61. Nan moso fraz “Kat moun”, ki kalite detèminan mo “Kat” ye?

La Réponse: A ✅
La Logique:
Yon adjektif nimeral kadinal se yon mo ki sèvi pou bay yon chif oswa yon kantite egzak
(pa egzanp: youn, de, twa, kat…).

#62. Ki sans ekspresyon idyomatik sa a genyen: “De mèg pa fri”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Yon ekspresyon idyomatik se yon fason yo pale nan yon lang kote sans fraz la pa soti nan mo yo pran youn pa youn, men nan yon sans kiltirèl.
“De mèg pa fri” vle di de moun ki nan bezwen (ki “mèg” nan pòch yo) pa ka pote sekou youn bay lòt

#63. Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Milèt la dou kouwè yon timoun”?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Yon konparezon se yon figi estil kote nou mete de bagay kòtakòt pou nou montre sa yo genyen ki sanble, pandan n ap itilize yon mo zouti tankou “tankou”, “kouwè”, “menm jan ak”.
 la, mo “kouwè” a montre se yon konparezon

#64. Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Ti mouton an di lou a li pa gen frè ak sè”?

La Réponse: Pèsonifikasyon ✅
La Logique:
Yon pèsonifikasyon se lè nou bay yon bèt oswa yon bagay ki pa gen lavi kalite oswa aksyon se moun sèlman ki fè yo (pa egzanp: pale, kriye).
Nan fraz sa a, se mouton an k ap “pale”, donk se yon pèsonifikasyon

#65. Nan ki aspè fraz sa a ye: “Marina toujou peye lekòl la”?

La Réponse: A ✅
La Logique:
Aspè iteratif montre yon aksyon ki repete souvan oswa ki se yon abitid. Mo “toujou” a endike repetisyon sa a

PATI H: BRANCH LENGWISTIK (Egzamen: Jiyè 2018)

#66. Ki branch nan lengwistik ki okipe “sans mo yo” nan yon lang?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Semantik se yon branch nan lengwistik ki etidye siyifikasyon (sans) mo yo, fraz yo ak tèks yo

#67. Ki branch ki okipe “lòd mo yo nan yon fraz”?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Sentaks se branch ki etidye fason mo yo ranje yonn apre lòt pou fòme fraz ki kòrèk selon règ lang la

#68. Nan fraz “Lari Pòtoprens di: M pa ka sipòte fatra ankò”, ki figi estil ki genyen?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Se yon pèsonifikasyon paske yo bay “Lari Pòtoprens” (ki pa yon moun) kapasite pou li pale epi eksprime sa l santi.
Pèsonifikasyon se lè yo bay yon bèt,yon bagay, kapasite ke yon moun ta dwe genyen tankou( Pale,)

#69. Ki mo ki gen yon prefiks ladan l nan lis sa a: Dekonm, Manman-Lajan, Deranje?

La Réponse:
La Logique:
Yon prefiks se yon ti moso mo nou ajoute anvan yon mo rasin pou chanje sans li. Nan “Deranje”, nou gen prefiks “de-“ ki ajoute sou rasin “ranje”

#70. Ki kalite mo “Manman-Lajan” ye daprè fason li fòme?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Yon mo konpoze se yon mo ki fòme ak de (2) mo ki te ka egziste pou kont yo, men yo kole yo ansanm (souvan ak yon tirè) pou bay yon nouvo sans. “Manman” + “Lajan” bay “Manman-Lajan”

#71. Ki pwonon ki ranplase ekspresyon “Moun yo” nan fraz sa a: “Moun yo pa vle wè chen sa a”?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Yon pwonon se yon mo ki sèvi pou ranplase yon non oswa yon gwoup non pou evite repetisyon. 
la, “Yo” se pwonon pèsonèl ki ranplase  “Moun yo”

#72. Nan fraz “Glas la kraze depi lontan”, ki kalite pilye “kraze” ye?

La Réponse: Pilye Eta✅
La Logique:
Yon pilye Eta montre nan ki kondisyon yon moun oswa yon bagay ye (yon eta).
la, glas la “kraze”, se yon eta li ye

#73. Nan fraz “Elèv yo ap konpoze nan kreyòl”, ki kalite pilye “ap konpoze” ye?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Yon pilye Aktivite montre yon aksyon k ap fèt. “Konpoze” se yon aktivite elèv yo ap fè

PATI A: KONPREYANSYON TÈKS

TIT TÈKS:

Maladi chabon (Egzamen: Jiyè 2017)

Maladi chabon se yon maladi grav ki konn touye anpil bèt nan peyi a epi li konn touye moun tou. Se bèt ki bay moun maladi chabon. Se yon mikwòb ki bay maladi chabon an, mikwòb sa a rezistan anpil. Li kapab viv plis pase 40 lane nan yon patiraj. Se nan kòche bèt ki mouri ak maladi a mikwòb la gaye. Pi fò moun ki trape maladi chabon an se nan manyen vyann bèt ki te mouri ak maladi a. Lè yon bèt trape maladi chabon, li konn mouri tèlman vit, gadyen bèt la pa gen tan wè si li te antere bèt la osnon boule li. Sèl fason pou dechouke maladi chabon se vaksinen bèt yo chak ane. Se yon zonòs sa vle di li frape ni moun ni bèt. Nan lang anglè yo rele maladi chabon an “Antrax”. Nan lang fransè a yo rele li “chabon bactéridien”. Zòn ki plis frape nan peyi a se depatman Sid, Grandans, Latibonit, Nip ak Sidès. Mikwòb sa a se yon bakteri yo rele “Bacillus Anthracis”.

#74. Dapre sa yo rapòte nan tèks la, konbyen tan mikwòb la ka viv nan yon patiraj?

La Réponse: 40 an
La Logique:
Tèks la di: “Li kapab viv plis pase 40 lane nan yon patiraj. Yon patiraj se yon moso tè kote bèt yo konn al manje zèb.

#75. Ki non syantifik bakteri ki bay maladi chabon an?

La Réponse: B)  Bacillus Anthracis✅
La Logique:
Nan dènye fraz la, yo presize bakteri a rele “Bacillus Anthracis”,.
Fòk elèv la byen gade lèt yo pou l pa fè erè nan òtograf syantifik la.

TIT TÈKS: Maladi chabon (Egzamen: Jiyè 2017)

#76. Kisa mo “zonòs” la vle di daprè tèks la?

La Réponse: C) Yon maladi ki frape ni moun ni bèt ✅
La Logique:
Tèks la defini l konsa: “Se yon zonòs sa vle di li frape ni moun ni bèt,. Yon zonòs se yon maladi ki ka transmèt soti nan bèt rive nan moun.
TABLO 2: Fòm Predika (Egzamen: Jiyè 2017)

#77. Nan fraz “Mariwoz machann legim”, ki fòm predika a genyen?

La Réponse: predika nominal ✅
La Logique:
“Machann” se yon non. Lè eleman ki pote sans predika a se yon non, nou rele l yon predika nominal

#78. Nan fraz “Janèt dousman anpil”, ki fòm predika li ye?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Nan fraz sa a, “dousman” ap dekri jan Janèt ye (yon kalite). Donk, se yon predika adjektival

#79. Nan fraz “Toni ak Jak ap netwaye lakou a”, ki aspè nou jwenn?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Makè “ap” la montre yon aksyon k ap fèt, ki nan wout, ki poko fini
. Se sa yo rele aspè diratif oswa inakonpli

TABLO 4: Sinonim (Egzamen: Jiyè 2018)

#80. Nan fraz “Moun yo pa vle wè chen mèg sa a”, ki sinonim mo “chen mèg” la?

La Réponse: D ✅
La Logique:
Yon sinonim se yon mo ki gen menm sans ak yon lòt. Nan kreyòl, yo sèvi ak mo “alevini” pou deziyen yon moun oswa yon bèt ki mèg anpil

TABLO 5: Figi Estil (Egzamen: Jiyè 2017)

#81. Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Lapolis ap fete”?

La Réponse: Metonimi ✅
La Logique:
Se yon metonimi paske “Lapolis” se yon enstitisyon. Se pa tout enstitisyon an k ap fete, men se polisye ki ladan l yo. Nou pran veso a pou kontni an

PATI E: PWOVÈB AK TRADIKSYON (Egzamen: Jiyè 2018)

#82. Ki pwovèb kreyòl ki koresponn ak pwovèb fransè sa a: “Mieux vaut peu que rien”?

La Réponse:  Bay piti pa chich ✅
La Logique:
Pwovèb se yon kout pawòl ki gen yon leson oswa yon verite ladan l.
Pwovèb fransè “Mieux vaut peu que rien” vle di li pi bon pou w gen yon ti bagay pase w pa gen anyen ditou.
Nan kreyòl, nou di “Bay piti pa chich”, paske menmsi sa w bay la piti, sa pa vle di ou chich (yon moun ki renmen kenbe tout bagay pou li, ki pa vle bay).

PWOVÈB AK TRADIKSYON (Egzamen: Jiyè 2018)

#83. Ki pwovèb kreyòl ki koresponn ak: “Les cordonniers sont les plus mal chaussés”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Pwovèb sa a montre yon sitiyasyon kote yon moun ki nan yon metye pa benefisye de pwòp travay li.
la, moun k ap fè nat la (yon tapi pou moun dòmi) oblije dòmi atè. Sa montre yon kontradiksyon ant travay moun nan ak jan l ap viv

PATI F: FÒMASYON MO AK LÈKSIK (Egzamen: Jiyè 2018)

#84. Ki jan mo “Dekonm” nan fòme?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Yon prefiks se yon moso mo (tankou “de-“, “re-“, “an-“) nou ajoute devan yon rasin pou nou fè yon lòt mo. Nan mo “Dekonm” lan, yo sèvi ak prefiks “De-“

PATI G: VARYASYON AK TRADIKSYON (Egzamen: 2017 rive 2018)

#85. Chèche varyasyon mo “larivyè” nan lis sa a.

La Réponse: B ✅
La Logique:
Varyasyon nan yon lang se lè moun itilize plizyè fòm oswa plizyè mo diferan pou yo di menm bagay la selon zòn kote yo ye oswa fason yo pwononse l. Mo “larivyè” ka parèt tou sou fòm “rivyè”

#86. Tradui fraz sa a nan lang fransè: “Malgre tout bagay, nou dwe rekonèt sosyete kounye-a fè kèk pwogrè enpòtan”.

La Réponse: A ✅
La Logique:
Se yon egzèsis tradiksyon kote elèv la dwe jwenn ekivalan mo yo nan de (2) lang yo (kreyòl ak fransè). “Malgre tout bagay” vin tounen “Malgré tout”, epi “kounye-a” vin tounen “actuelle”

#87. Nan fraz “Tout moun kontan fèt la”, ki kalite pilye li ye?

La Réponse: B ✅
La Logique:
la, “kontan” montre yon santiman, yon fason moun yo ye. Donk, se yon pilye Eta

#88. Nan fraz “Sila a ki ekri wouj la se demonstritif”, mo “Sila a” se yon:

La Réponse: C ✅
La Logique:
Yon adjektif demonstritif sèvi pou montre oswa deziyen yon bagay espesyal (sa a, sila a). Nan dokiman an, yo mande pou idantifye “Sila a” kòm yon demonstritif

#89. Ki kalite pwonon ki genyen nan fraz sa a: “Madanm ki ap kriye a kouche”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Mo “ki” a se yon pwonon relatif paske li fè relasyon ant “madanm nan” ak aksyon l ap fè a (kriye)

#90. Nan fraz “Karin ekri menm jan ak pwofesè a”, ki figi estil li ye?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Se yon konparezon paske yo itilize ekspresyon “menm jan ak” pou montre resanblans ki genyen ant fason Karin ekri ak fason pwofesè a ekri

#91. Nan ki tan fraz sa a ye: “Jozèf ap pale espanyòl”?

La Réponse: Prezan✅
La Logique:
Makè “ap” la montre yon aksyon k ap fèt kounye a. Donk, se tan prezan

#92. Nan ki tan fraz sa a ye: “Elèv yo te kopye nòt yo”?

La Réponse: Pase✅
La Logique:
Makè “te” la montre yon aksyon ki te fèt deja nan tan ki pase a

#93. Nan fraz “Sanntya kòmanse travay”, ki aspè li ye?

La Réponse: Enkoratif ✅
La Logique:
Aspè enkoratif la montre yon aksyon ki fènk kòmanse fèt. Mo “kòmanse” a se sa li endike

#94. Ki branch ki okipe “nati son yo ak fason li pwononse”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Fonetik se branch ki etidye son yo nan fason fizik yo fèt ak jan bouch nou pwononse yo

#95. Ki branch ki okipe “relasyon ant son yo selon valè yo”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Fonoloji se branch ki etidye son yo selon fonksyon oswa valè yo genyen nan yon sistèm lang espesyal

PATI O: KONPLETE FRAZ (SENTAKS)

#96. Konplete fraz sa a: “Pita m ___________ rele w.”

La Réponse: C ✅
La Logique:
Nan kreyòl, nou itilize “a” (m’a) pou nou pale de yon aksyon k ap fèt nan yon lavni ki pa twò lwen

#97. Konplete fraz sa a: “Tout kandida deja nan sal, m___________ konpoze.”

La Réponse: pral ✅
La Logique:
Mo “pral” la montre yon aksyon ki pral fèt kounye a oswa nan yon ti moman tou kout paske kandida yo deja prezan

#98. Ki jan nou ka mete fraz sa a “Mwen renmen mayi” nan yon fòm kote “mayi” se pilye?

La Réponse: Se mayi mwen renmen✅
La Logique:
Pou nou mete anfaz sou yon pilye nominal (mayi), nou kòmanse fraz la ak “Se” epi nou mete mo n ap deziyen an anvan nou fini fraz la

#99. Ki fraz ki gen menm sans ak: “Jak abandonne lakay li”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
“abandonne lakay li”  “Madan Jan kite. Jan” Abandonne vle di kite yon kote oswa yon moun.

#100. Ki fraz ki gen menm sans ak: “Peyi Chili bay Ayiti èd”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
 “Etazini pote konkou li…Èd ak Konkou se sinonim yo ye.

TABLO 3: Lang ak Baz Leksikal (Egzamen: Jiyè 2016)

#101. Ki baz leksikal lang kreyòl peyi Jamayik genyen?

La Réponse: D ✅

#102. Ki baz leksikal lang kreyòl peyi Ayiti, Matinik, Gwadloup genyen?

La Réponse: B ✅
La Logique:

Definisyon

Baz leksikal yon lang se ansanm mo ak inite vokabilè ki fòme baz kominikasyon nan lang sa a, epi ki sèvi kòm fondasyon pou konstriksyon fraz ak ekspresyon lide.

#103. Lè nou gen de (2) fraz senp tankou “Joslin ap etidye” ak “Lap gade tele”, kouman nou ka fè yo tounen yon fraz konplèks?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Yon fraz konplèks se yon fraz ki gen plis pase yon vèb oswa ki gen de (2) lide ki mare ak yon konjonksyon (tankou “epi”)

#104. Ki lòt pwovèb ki gen menm sans ak: “Nan benyen pa gen kache lonbrit”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Pwovèb sinonim se de pwovèb ki bay menm leson an.
Pwovèb sa a vle di ou pa ka kache yon verite nèt, li gen pou l parèt yon lè

#105. Esplike sans pwovèb sa a: “Anvan ou ri moun ki mache bwete gade si ou mache dwat”

La Réponse: B ✅
La Logique:
Pwovèb sa a aprann nou pou nou pa kritike lòt moun (“ri moun k ap bwete”) pandan nou menm nou ka gen menm pwoblèm nan oswa pi mal (“gade si ou mache dwat”)

#106. Ki sans pwovèb “Ti bebe ki pa kriye pa bezwen tete” a genyen?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Sa vle di nan lavi, fòk ou fè moun konnen bezwen ou pou yo ka ede ou

#107. Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Mwen tèlman swaf mwen ta bwè yon doum dlo”?

La Réponse: C ✅
La Logique:
Se yon ipèbòl paske se yon egzajerasyon. Pèsonn pa ka bwè yon “doum” dlo yon sèl kou

#108. Ki figi estil ki genyen nan fraz sa a: “Lanmou se feblès”?

La Réponse: B ✅
La Logique:
Se yon metafò paske yo konpare lanmou ak feblès dirèkteman san yo pa di “tankou

#109. Nan fraz “M ap etidye, l ap fè lekti”, ki kalite pwonon “M” ak “l” ye?

La Réponse: B ✅
La Logique:
M , L . se kontraksyon “Mwen’” ak “Li” epi .., sa yo se pwonon pèsonèl ki ranplase moun k ap fè aksyon an
Anvan
Fini

Leave a Reply

Scroll to Top