apojeakademy

BIOLOGIE QUIZ

 

Rezilta yo

Congratulations!

You’ve scored –SCORE– points


Total
–TOTAL–

Correct
–SCORE–

#1. L’un des générateurs suivants fournit du courant continu. Lequel ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yon batterie bay yon kouran k ap ale toujou nan menm sans lan, yon sel direksyon se sa yo rele courant continu.
Panèl solè bay kouran kontinye tou, men nan kesyon sa a, batri a se repons ki pi klasik la. Alternateur bay kouran ki chanje sans (alternatif).
Définition : Le courant continu (CC) est un courant électrique qui circule de manière constante dans une seule direction, produit généralement par des piles, des batteries ou des cellules photovoltaïques.

#2. Les deux structures, en forme d’amande, situées de chaque côté de la gorge s’appellent :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Amygdales yo sitiye nan fon gòj nou.
Travay yo se tankou yon baryè pou  rete mikwòb ki vle pase nan bouch nou pou antre nan rès kò a.
Définition : Amygdales : Organes lymphoïdes situés dans le pharynx, jouant un rôle important dans la défense immunitaire de l’organisme contre les infections.

#3. Les glandes gastriques sont situées :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Gland sa yo nan pawa lestomak la. Se yo ki pwodwi “suc gastrique” (asid) ki ede dekonpoze manje nou manje.
Définition : Glandes gastriques : Glandes de la muqueuse de l’estomac sécrétant le suc gastrique.

#4. Lequel de ces leviers est du troisième genre ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yon levye “troisième genre” se lè fòs men w ap fè a (la force motrice) nan mitan, ant pwen apwi a ki se (pivot) ak chay w ap kenbe a (la résistance).
Pince à charbon an mache konsa: pwen an nan bout la, epi men w peze nan mitan pense a pou l kenbe chabon an.
Définition : Un levier du troisième genre (ou levier inter-moteur) est un système où la force motrice est appliquée entre le point d’appui (pivot) et la charge (résistance).

#5. Parmi ces noms, trouve un champignon mortel à l’homme :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Gen anpil kalite dyondyon (champignons). Genyen nou ka manje ki bon pou lasante, men genyen ki gen pwazon ladan yo.
Amanite a se youn nan sa ki pi danjere yo; si yon moun ta manje l, li ka mouri paske pwazon l lan detwi fwa ak ren moun nan trè vit.
Définition : L’amanite est un genre de champignons comprenant des espèces comestibles, mais aussi certaines des plus toxiques connues, pouvant provoquer des empoisonnements mortels.

#6. (Egzamen Juillet 2019 ) L’air qui sort des poumons suit le trajet suivant :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Atansyon, kesyon an mande lè k ap soti (expiré). Lè a soti nan alvéoles yo, li pase nan bronches, li monte nan trachée, li pase nan pharynx pou l soti nan nen (fosses nasales).
Définition : Expiration : Phase de la respiration où l’air riche en gaz carbonique est expulsé des poumons.

#7. Juillet 2023 ) Les cellules sanguines qui nous protègent en obstruant les extrémités des vaisseaux sanguins, après une légère blessure, portent le nom de :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Se plaquettes yo ki responsab pou “koagulasyon” san an. Lè ou blese, yo rasanble pou bouche twou a pou san an pa fini nan kò w.
Definisyon : Érythrocytes (oswa hématies) se globil wouj, Leucocytes se globil blan (defans kont mikwòb).

#8. Le chyme est un liquide qui résulte de l’action de l’un des groupes de sucs digestifs suivants. Lequel ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Lè w ap manje, krache ki se  (salive) la  kòmanse kraze manje a nan bouch ou. Lè manje a rive nan lestomak, li melanje ak yon asid ki rele suc gastrique. Melanj sa a bay yon labou yo rele “chyme”.
Définition : Le chyme est la masse semi-liquide résultant de la digestion des aliments par la salive et le suc gastrique dans l’estomac.

#9. Parmi ces voies respiratoires, celles qui sont le siège des échanges gazeux entre l’air et le sang sont :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Se nan nivo alvéoles yo ki se (ti sak ki nan bout poumon yo) kote san an bay gaz kabonik li te pote a epi li pran oksijèn ki nan lè n ap respire a.
Definisyon : Échanges gazeux se lè kò a chanje gaz kabonik pou oksijèn

#10. Pourquoi le biceps et le triceps sont-ils des muscles antagoniques ?

La Réponse :A) Parce qu’ils agissent en sens opposé ✅
La Logique :
Lè ou pliye bra w, biceps la rale (il se contracte) epi triceps la lage (il se relâche). Lè ou lonje bra w, se kontrè a ki fèt.
Paske yo travay youn kont lòt pou pèmèt nou fè mouvman, yo rele yo muscles antagoniques.
Définition : Les muscles antagoniques sont des muscles qui produisent des effets opposés ; quand l’un se contracte pour réaliser un mouvement, l’autre s’étire pour le permettre.

#11. Lequel des éléments ci-dessous est un accident des os ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yo rele “accident des os” nenpòt lè zo a sibi yon domaj grav tankou lè li kase. Fracture se mo teknik pou di zo kase.
Définition : Fracture : Rupture partielle ou totale d’un os, provoquée par un choc ou une chute.

#12. (Egzamen Juin 2018 ) L’œil est logé dans une cavité appelée :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Pou je a pa gate fasil, li chita byen fon nan yon twou nan figi nou yo rele orbite. Twou sa a pwoteje je a kont gwo chòk ki ta ka choke l.
Définition : L’orbite est la cavité osseuse de la face qui contient et protège le globe oculaire ainsi que ses muscles et ses nerfs

#13. Le phénomène par lequel les globules blancs s’approchent d’un microbe, l’enveloppent puis le digèrent s’appelle :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Globil blan yo se sòlda kò a. Lè yo jwenn yon mikwòb, yo antoure l epi yo vale l pou yo manje l epi detwi l.
Travay sa a yo rele phagocytose. Se konsa kò nou defann nou kont maladi.
Définition : La phagocytose est le processus par lequel certaines cellules (phagocytes) englobent et détruisent des particules étrangères, des bactéries ou des débris cellulaires.

#14. Toutes les parties suivantes sont des constituants de l’encéphale, sauf une. Laquelle ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè nou pale de l’encéphale, n ap pale de tout pati nèv ki anndan bwat tèt nou an tankou  (cerveau, cervelet, bulbe).
Moelle épinière la li menm se yon kòd ki desann nan rès kò a nan kolòn vètebral la, donk li pa fè pati tèt la (l’encéphale) dirèkteman.
Définition : L’encéphale constitue la partie du système nerveux central contenue dans la boîte crânienne, comprenant le cerveau, le cervelet et le tronc cérébral (bulbe rachidien).

#15. L’une des maladies suivantes est une infection sexuellement transmissible (IST), Lequel? :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Syphilis la se yon maladi (IST) grav moun pran nan fè bagay san pwoteksyon. Si yon moun pa trete l, li ka gate tout kò l.
Tuberculose ak pneumonie se maladi poumon ki transmèt nan lè.
Yon Ti Konsèy: ApojeAkademy pa konnen ou ase pou li ta diw pa fè sèks ,men sa nou ka di ou se toujou pwoteje tèt ou.
Définition : La syphilis est une infection sexuellement transmissible (IST) chronique due à la bactérie Treponema pallidum, se manifestant par des lésions cutanées et pouvant atteindre gravement les organes internes si elle n’est pas soignée.

#16. Les principales glandes cutanées sont : les glandes sudoripares et :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Nan po nou (cutanée), nou gen de (2) kalite gwo gland:
sa ki fè swè (sudoripares) pou refwadi kò a, ak sa ki bay yon grès (sébum) pou po a pa sèch epi pou l pwoteje l, yo rele yo sébacées.
Définition : Les glandes sébacées sont des glandes exocrines de la peau qui sécrètent le sébum, une substance lipidique servant à lubrifier la peau et les poils, et à assurer une protection antibactérienne.

#17. Le tissu osseux compact est enveloppé par l’une de ces membranes. Laquelle ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Zo nou yo pa “touni”. Yo vlope nan yon ti manbràn fen ki solid anpil yo rele périoste.
Se manbràn sa a ki pèmèt zo a grandi nan lajè (epesè) epi ki ede l repare lè l kase.
Définition : Le périoste est une membrane fibreuse, blanchâtre et résistante, qui recouvre tous les os sauf au niveau des surfaces articulaires, et qui assure la croissance en épaisseur et la nutrition de l’os.

#18. Parmi tous ces instruments, celui qui permet de mesurer l’intensité du courant a pour nom :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Pou yon teknisyen konnen konbyen kouran (intensité) k ap pase nan yon fil, li sèvi ak yon aparèy ki rele
Ampèremètre. Non sa a soti nan “Ampère” ki se inite intensité a.
Définition : Un ampèremètre est un appareil de mesure utilisé pour mesurer l’intensité d’un courant électrique dans un circuit.

#19. Juillet 2022 – L’allongement d’un os long, tel que le fémur, est assuré par :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Zo yon timoun grandi nan longè gras ak yon pati ki rele cartilage de conjugaison. Lè yon moun vin granmoun, pati sa a tounen zo nèt e moun lan sispann grandi.
Definisyon : Périoste se manbra-n ki vlope zo a epi ki fè l grandi nan lajè (epesè).

#20. La salive est sécrétée par trois parties de glandes. Ce sont les glandes :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Nou gen 3 gwo gland nan bouch nou ki fè pemet nou ka fè krache oubyen sa nou rele (la salive):
sa ki bò zòrèy yo (parotides), sa ki anba machwè yo (sous maxillaires) ak sa ki anba lang lan (sublinguales).
Définition : Glandes salivaires : Organes qui produisent la salive nécessaire à l’humidification des aliments et à la digestion

#21. Une pression de 1 Pascal correspond à :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Pascal se inite yo itilize pou mezire presyon. Yon Pascal se lè ou gen yon fòs yon Newton k ap peze sou yon sifas ki mezire yon mèt kare.
Définition : Pascal (Pa) : Unité de mesure de pression correspondant à une force de 1 Newton par mètre carré.

#22. (Egzamen Juillet 2020 ) Les vertèbres cervicales sont au nombre de :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Nan nivo kou a , nou gen 7 ti zo ki rele vètèb sèvikal.
Définition : Vertèbres cervicales : Les sept premières vertèbres de la colonne vertébrale, situées au niveau du cou.

#23. Egzamen Juillet 2021) La sédimentologie est la science qui étudie les :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Sédimentologie a etidye kouch pousyè, sab, oswa rès materyèl ki depoze nan fon lanmè oswa sou tè a pandan anpil tan.
Définition : Sédimentologie : Branche de la géologie qui étudie la formation des dépôts de sédiments.

#24. Lequel de ces centres nerveux contrôle le rythme respiratoire ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Menm lè w ap dòmi, ou kontinye respire san w pa atann sa.
Se bulbe rachidien an (ki nan pwent mwèl epinyè a kote l antre nan tèt la) se li ki kòmande sa. Li se “chèf” ki kontwole kè k ap bat ak poumon k ap pran lè otomatikman.
Définition : Le bulbe rachidien est la partie inférieure du tronc cérébral assurant la régulation des fonctions vitales automatiques comme la respiration, la circulation sanguine et le rythme cardiaque

#25. L’absence d’un des constituants du sang suivants peut entraîner un risque d’hémorragie. Lequel ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè yon moun blese, san an dwe “koagile” (fè boul) pou sispann koule.
Se plaquettes yo ki fè travay sa a. Si yon moun pa gen ase plaquette, san l ap kontinye koule san rete; sa se yon hémorragie.
Définition : L’hémorragie est un écoulement de sang hors des vaisseaux sanguins ;
les plaquettes sont les éléments du sang indispensables pour arrêter cet écoulement par la coagulation.

#26. La moelle épinière est protégée à l’intérieur d’un ensemble d’os formant la :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Mwèl epinyè a (moelle épinière) se tankou yon gwo kab kouran k ap pase nan do nou pou bay lòd nan tout kò a.
Se colonne vertébrale la (zo do a) ki vlope l pou l pa pran chòk.
Définition : La colonne vertébrale (ou rachis) est une structure osseuse articulée, composée de vertèbres, qui constitue l’axe de soutien du corps et forme le canal rachidien protégeant la moelle épinière.

#27. Egzamen Juillet 2022) Un sol ayant un pourcentage très élevé en argile, est de nature :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Tè ki gen anpil ajil (argile) kenbe dlo fasil paske dlo a pa ka pase ladan l vit. Sa fè tè a vin tounen yon ma dlo oswa yon marekaj.
Définition : Sol marécageux : Type de sol qui a la capacité de retenir l’eau en grande quantité à cause de sa forte teneur en argile.

#28. Lequel de ces groupements d’os est constitué de vertèbres ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Kolòn vètebral nou an (zo do nou) gen plizyè pati. Nan pati ki pi ba nèt la, nou jwenn:
sacrum nan (ki se senk vèteb ki kole ansanm) ak coccyx la (ki se ti bout zo nan pwent an). Yo tout se vèteb yo ye, menm si yo pa ka bouje youn sou lòt tankou sa ki nan kòlèt nou yo.
Définition : Le sacrum est un os impair et symétrique formé par la soudure des cinq vertèbres sacrées, situé entre les os iliaques et surmontant le coccyx.

#29. Lequel de ces végétaux ne produit jamais de fleurs ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Mayi, zoranj, ak pwa se plant ki bay flè anvan yo bay grenn oswa fwi.
Men mousse ki se (ti zèb vèt nou wè ki pouse sou miray imid oswa nan lonbraj) se yon plant ki pa janm bay flè; li repwodwi ak yon seri ti poud yo rele “spores”.
Définition : Les mousses (Bryophytes) sont des végétaux de petite taille, dépourvus de fleurs et de graines, qui se reproduisent par l’intermédiaire de spores produites dans des capsules.

#30. L’un des appareils ci-dessous permet de transformer l’énergie chimique en énergie électrique. Lequel ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Yon batri gen yon seri pwodwi chimik anndan l. Lè pwodwi sa yo reyaji ansanm, yo pwodwi kouran n ap sèvi a. Donk, batri a chanje enèji chimik an enèji elektrik.
Définition : Une batterie (ou accumulateur) est un dispositif électrochimique qui convertit l’énergie chimique résultant de réactions internes en courant électrique.

jis konplete ak bon repons  la 

#31. Les substances destinées à tuer les champignons s’appellent …………………. Celles qui tuent les mauvaises herbes s’appellent ………………….

La Réponse : Fongicides / Herbicides ✅
La Logique :
Nan agrikilti, yo sèvi ak pwodwi chimik pou pwoteje plant yo.
Sa ki touye djondjon rele fongicides epi sa ki touye move zèb rele herbicides
.
Définition : Pesticides : Substances chimiques utilisées pour lutter contre des organismes considérés comme nuisibles (insectes, herbes, champignons).

#32. Laquelle des situations ci-dessous est obtenue par le reboisement ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Plante pyebwa (reboisement) ede tè a rete an sante.
Rasin pyebwa yo kenbe tè a pou lapli pa pote l ale  epi fèy ki tonbe yo dekonpoze pou tounen yon kouch angrè natirèl nwa yo rele humus.
Définition : L’humus est la couche supérieure du sol, de couleur noire, résultant de la décomposition de la matière organique (feuilles, débris végétaux) par les micro-organismes, essentielle à la fertilité des terres arables.

#33. (Egzamen Juillet 2022) On peut choisir le maïs comme exemple de monocotylédone, parce que les graines sont :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Mayi a se yon plant ki bay grenn ki kache anndan yon fwi (anndan kòs la). Se sa k fè yo di li se yon “Angiosperme” tou.
Définition : Monocotylédone : Plante dont la graine ne possède qu’un seul cotylédon (une seule partie).

#34. (Egzamen Juillet 2019 ) Lequel de ces organes recueille l’ovule expulsé au moment de l’ovulation ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Lè ovè a lage yon ovil, se trompe de Fallope la ki gen fòm yon antonwa ki ranmase l pou l ka rankontre ak spèmatozoyid yo.
Définition : Trompes de Fallope : Conduits qui relient les ovaires à l’utérus et où se produit généralement la fécondation.

#35. Pour soulever une charge pesant 1000 N à l’aide d’une poulie simple, il faut exercer une force de :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Yon poulie simple (pouli fiks) pa diminye pwa bagay w ap leve a. Si bagay la peze 1000 N, fòk ou rale ak yon fòs 1000 N tou. Sèl avantaj li genyen, se paske li pèmèt ou rale desann pou bagay la monte, sa ki pi fasil pou kò w.
Définition : Une poulie fixe est une machine simple qui ne procure pas de gain de force (F = P), mais permet de modifier la direction de l’effort pour le rendre plus commode.

#36. Juillet 2023 ) L’inflammation de la membrane qui enveloppe les poumons est connue sous le nom de :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Manbràn ki vlope poumon yo rele “plèvre”. Lè manbràn sa a malad oswa anfle (inflammation), maladi a rele pleurésie.
Pi souvan  Mo ki fini ak “ite” yo konn vle di enflamasyon (eksepte pleurésie ki soti nan plèvre).

#37. Un des leviers ci-dessous est du premier genre. Lequel ?

La Réponse : A ✅
(Remak: Guillotine se premye jan tou, men ciseaux se egzanp ki pi klasik la).
La Logique : Yon levye “premier genre” se lè pwen apwi a (kote l ka balanse a) nan mitan, ant kote w ap peze a ak kote chay la ye a.
Nan yon pè ciseaux, vis ki nan mitan an se pwen apwi a. Men w peze nan yon bout, epi lam yo koupe nan lòt bout la.
Définition : Un levier du premier genre (ou levier inter-appui) est un levier où le point d’appui est situé entre la force motrice et la résistance.

#38. Parmi les constituants du sang suivants, ceux qui jouent un rôle primordial dans la coagulation du sang sont :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè yon moun blese, gen yon seri ti grenn nan san an ki rele plaquettes.
Travay yo se kouri rasanble nan twou blesi a pou yo bouche l epi fè san an kaye (vin di). Pwosesis sa a rele coagulation.
Définition : Les plaquettes (ou thrombocytes) sont des fragments de cellules circulant dans le sang, essentiels à l’hémostase et à la coagulation sanguine pour arrêter les hémorragies.

#39. Lequel de ces termes traduit l’expression de l’intensité sonore ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Pou nou konnen si yon bri twò fò oswa si l ba, gen yon inite nou sèvi pou mezire fòs son an.
Inite sa a rele décibel (dB). Lè gen twòp décibel, sa ka gate zòrèy moun.
Définition : Le décibel (dB) est une unité de mesure de l’intensité sonore, exprimant le niveau de pression acoustique perçu par l’oreille humaine.

#40. Le système nerveux central est constitué :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Système nerveux central la se Tankou yon “òdinatè santral” kò a. Li gen de (2) gwo pati:
tout sa ki anndan tèt la (l’encéphale) ak kòd ki desann nan do a (la moelle épinière). Se yo menm ki deside tout sa kò a ap fè.
Définition : Le système nerveux central (SNC) regroupe les centres nerveux chargés de recevoir, de traiter et d’envoyer les informations, comprenant l’encéphale et la moelle épinière.

#41. Juillet 2023 -) Les nerfs crâniens sont au nombre de :

La Réponse : A ✅

La Logique :

Nan sistèm nève a, gen 12 pè nè ki soti dirèkteman nan sèvo a (crâne).

 

men Gen 31 pè nè rachidiyen ki soti nan mwèl epinyè a.

#42. Une guêpe te pique au doigt et tu ressens une douleur. Cette information arrive au cerveau grâce au nerf :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Lè yon bagay pike w oswa li fè w mal nan po w, gen yon seri ti fil elektrik nan kò w ki rele nerf sensitif.
Se yo menm ki kouri pote nouvèl doulè a bay sèvo a pou di l gen yon pwoblèm nan pwent dwèt ou ,oubyen kote a .
Définition : Un nerf sensitif (ou afférent) est un nerf dont la fonction est de transmettre les sensations du corps (douleur, température, toucher) vers les centres nerveux supérieurs.

#43. Lequel de ces agents polluants est issu des phénomènes de combustion ?

La Réponse : A ✅
La Logique :
Lè gen yon bagay k ap boule (combustion), tankou chabon, bwa, oswa gazolin nan yon machin, li lage yon gaz ki trè pwazon ki rele monoxyde de carbone.
Gaz sa a pa gen sant, li pa gen koulè, men li ka touye moun si yo respire l twòp.
Définition : Le monoxyde de carbone (CO) est un gaz incolore et inodore, produit par la combustion incomplète de matières organiques, agissant comme un polluant atmosphérique dangereux.

#44. Qu’est-ce que la circulation systémique?

#45. Les concrétions minérales qui se forment dans les reins sont connues sous le nom de :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè sèl ak mineral nan pipi a kole ansanm pou fè ti ròch anndan ren moun, yo rele sa calcul rénal. Sa fè moun nan mal anpil lè ròch sa yo ap deplase nan ti tiyo pipi yo.
Définition : Un calcul rénal (ou lithiase rénale) est une masse solide cristalline formée par l’accumulation de sels minéraux dans les reins, pouvant provoquer de fortes douleurs appelées coliques néphrétiques.

#46. La pression exercée par un corps pesant 10 N sur une surface de 20 dm² est égale à :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Fòmil presyon an se P = F / S.
Men, fòk sifas la an mèt kare (m²). 20 dm² egal a 0,2 m².
Konsa, 10 N divize pa 0,2 m² bay 50 pascals
.
Définition : Pression : Rapport d’une force pressante exercée perpendiculairement sur une surface par l’aire de cette surface.

#47. L’inspiration est un mouvement respiratoire qui entraîne l’une des actions suivantes. Laquelle ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Lè w ap pran souf (inspiration), ou rale lè antre nan kò w. Pou lè a ka antre, poumon yo dwe gonfle (yo di yo “dilate”). Lè sa a, pwatrin lan ouvri pi laj pou fè plas.
Définition : L’inspiration est la phase active de la respiration au cours de laquelle l’air pénètre dans les voies respiratoires grâce à l’augmentation du volume de la cage thoracique et à la dilatation pulmonaire.

#48. (Egzamen Juillet 2020) Toutes les actions suivantes engendrent la pollution, sauf une. Laquelle ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Engrais organiques (tankou fimye bèt oswa dekonpozisyon fèy) bon pou tè a epi yo pa pwazon pou anviwònman an.
Définition : Pollution : Dégradation de l’environnement par l’introduction de substances nocives.

#49. Le seul os mobile de la face est :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Tout zo ki nan figi nou (la face) soude ansanm, yo pa bouje.
Gen yon sèl zo ki gen jwen (articulation) ki pèmèt nou ouvri bouch nou pou n pale oswa manje; se zo machwè anba a yo rele maxillaire inférieur oswa mandibule.
Définition : La mandibule (ou maxillaire inférieur) est l’os unique formant la mâchoire inférieure, étant le seul os mobile du massif facial permettant la mastication et l’élocution.

#50. Laquelle de ces plantes est un intrus ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Citronnier, maïs ak abricotier se plant ki bay flè ak fwi (Angiospermes).
Men sapin an se yon “Gymnosperme”, sa vle  grenn li yo rete touni nan lè a, yo pa kache anndan yon fwi oubyen anba yon po.
Définition : Gymnosperme : Groupe de plantes dont l’ovule est nu (non enclos dans un ovaire) et porté par une feuille carpellaire ou une écaille.

#51. La partie étroite et allongée d’un os long s’appelle :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Nan yon zo ki long (tankou zo kwis la), pati ki nan mitan an ki dwat epi ki long lan rele diaphyse.
De (2) pwent zo a ki pi gwo yo rele “épiphyses”.
Définition : La diaphyse est la partie centrale et cylindrique d’un os long, située entre les deux extrémités appelées épiphyses, et contenant la moelle osseuse.

#52. Un corps de masse 15 kg a un poids de : (Prendre g = 9,81 N/kg)

La Réponse : A ✅
La Logique :
Pwa (P) yon bagay depann de mas li (m) ak fòs gravite latè a (g).
Fòmil la se P = m x g. Si nou fè 15 kg miltipliye pa 9,81 N/kg, sa ap ban nou 147,15 N.
Définition : Le poids d’un corps est la force d’attraction gravitationnelle exercée par la Terre sur ce corps, calculée par la relation P = m . g.

#53. Egzamen Juillet 2021 -) Les sapins sont classés parmi les gymnospermes parce que :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Plant ki nan kategori gymnospermes yo (tankou sapen) gen grenn ki “touni”, sa vle di grenn yo pa kache anndan yon fwi, ou byen li pa gen po sou li.
Définition : Gymnospermes : Plantes à graines nues, non enfermées dans un fruit (ex: les conifères).

#54. Les artères sont des vaisseaux qui conduisent le sang :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Toujou sonje sa: Artères soti nan kè pou al nan ògan (yo pote san fre), alòske Veines soti nan ògan pou tounen nan kè (yo pote san pov ).
Définition : Artère : Vaisseau sanguin qui transporte le sang du cœur vers les différents organes du corps.

#55. Sous l’effet d’un mouvement violent l’un des fémurs d’un sportif sort de sa cavité articulaire. Dans ce cas, on dit qu’il y a :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Si yon zo (tankou gwo zo kwis la) soti nèt nan plas kote l te branche a nan yon jwen (articulation), se pa yon ti foule l foule, se “dekole” li dekole.
Yo rele sa yon luxation. Se yon aksidan ki fè mal anpil.
Définition : La luxation est le déplacement des surfaces articulaires d’une articulation qui perdent tout contact entre elles suite à un choc ou un mouvement violent.

#56. Les champignons microscopiques utilisés pour faire lever la pâte à pains s’appellent : les aromatiques?

La Réponse : les levures ✅
La Logique :
Levures yo se yon kalite ti djondjon tou piti nou pa ka wè ak je.
se li yo konn rele ledven an nan boulanje yo Lè yo melanje yo nan farin, yo manje sik ki ladan l lan epi yo lage yon gaz (gaz kabonik) ki fè pen an leve , e li ki konn fè pen yo grosè sa.
Définition : Levure : Champignon unicellulaire capable de provoquer la fermentation des matières organiques animales ou végétales.

#57. L’ensemble de tous les écosystèmes de la planète Terre forme :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Tout kote ki gen lavi sou tè a, kit se nan dlo, sou tè a, oswa nan lè a, yo tout ansanm fòme sa yo rele biosphère la. Se “kouch lavi” ki vlope planèt la.
Définition : La biosphère est l’ensemble des organismes vivants de la planète et des milieux dans lesquels ils vivent.

#58. Parmi les animaux ci-dessous, celui qui est le produit de l’accouplement de deux espèces voisines est le :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Gen bèt ki sanble (espèces voisines) ki ka kwaze ansanm. Pa egzanp, lè yon manman chwal kwaze ak yon papa bourik, yo bay yon pitit yo rele mulet (milet).
Milet la se yon bèt “hybride”, li gen fòs bourik la ak wotè chwal la, men li pa ka fè pitit.
Définition : Un hybride est un organisme issu du croisement de deux individus d’espèces, de races ou de variétés différentes.

#59. Le sol le plus propice à la culture rizière est le :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Plant diri a se yon plant ki renmen dlo anpil, li dwe pouse nan dlo.
Se sa k fè tè ki toujou mouye oswa ki gen ma dlo sou yo, yo rele sol marécageux, se yo ki pi bon pou plante diri paske yo kenbe dlo a anplas.
Définition : Le sol marécageux est un terrain saturé d’eau, riche en matières organiques, idéal pour les cultures semi-aquatiques comme le riz.

#60. L’une des grandeurs suivantes indique la capacité que possède un système à produire du travail. Laquelle ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Nan fizik, enèji se “rezèv” yon bagay yon kò genyen ki pèmèt li fè yon travay.
Si yon kò pa gen enèji, li pa ka deplase oswa pouse anyen. Se tankou gaz pou yon machin.
Définition : Énergie : Grandeur physique caractérisant la capacité d’un système à modifier son état ou à produire un travail (déplacement d’une force).

#61. La maladie caractérisée par une baisse du taux d’hémoglobine dans le sang est appelée :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Lè yon moun manke san oswa lè san li pa gen ase fòs (manke hémoglobine), li fè yon maladi ki rele Anémie. Moun sa a konn santi l fèb anpil.
Définition : Anémie : Diminution de la concentration en hémoglobine dans le sang

#62. Egzamen Juin 2010) Un être vivant autotrophe :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Plant vèt yo se autotrophes. Yo pa bezwen al chèche manje, yo fè manje yo poukont yo ak dlo, gaz kabonik ak limyè solèy la.
Définition : Autotrophe : Organisme capable de produire sa propre matière organique à partir de matières minérales.

#63. Les os de la colonne vertébrale sont reliés entre eux par une articulation fixe au niveau de la région :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Nan région sacrée a (sacrum), vètèb yo soude yonn ak lòt, yo pa ka bouje.
Se sa k fè se yon articulation fixe li ye. Nan lòt pati yo (kou oswa do), zo yo ka bouje yon ti kras.
Définition : Le sacrum est un os de forme triangulaire constitué par la soudure des cinq vertèbres sacrées, formant une base solide et fixe pour la colonne vertébrale au niveau du bassin.

#64. La pénétration du monoxyde de carbone et du gaz carbonique dans l’organisme provoque des troubles comme : les maux de tête, les vertiges et les nausées

La Réponse : VRAI✅
La Logique :
Lè moun respire gaz sa yo (ki soti nan lafimen machin oswa dife), san an pa ka pote ase oksijèn ankò. Sa rann moun nan santi tèt li ap vire, li gen maltèt, epi l anvi vonmi (nausées).
Définition : Intoxication au monoxyde de carbone : État pathologique dû à l’inhalation de CO, gaz qui se fixe sur l’hémoglobine et empêche le transport de l’oxygène.

#65. Le gaz qui sert de carburant pour réaliser une combustion est :

La Réponse : D ✅
(Remak: Nan lis sa a, se propane ki sèvi kòm gaz pou boule nan fou/recho).
La Logique :
Pou nou fè dife oswa limen yon recho gaz, nou bezwen yon gaz ki ka boule esa yo rele (yon “combustible”).
Propane se gaz nou konn achte nan bonbonn gaz pou n fè manje a.
Définition : Le propane est un alcane gazeux utilisé couramment comme source d’énergie (carburant) pour le chauffage et la cuisson.

#66. Juillet 2023 -) La Question : Une roche dans laquelle on extrait une substance métallique, à grande valeur économique, est :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Yon minerai se yon ròch ki gen metal (tankou fè, aliminyòm, lò) ladan l ke yo ka tire pou vann oswa fè endistri.
 Pa konfonn minerai (ròch la) ak mine lan (kote yo fouye pou jwenn ròch la)

#67. La paléontologie est la partie de la géologie qui s’intéresse :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Paléontologie a se syans ki etidye  tras bèt oswa plant (fossiles) ki te viv sou tè a depi lontan.
Yo di Se gras a syans sa a nou konnen dinozò te egziste.
Définition : La paléontologie est la science qui étudie les restes fossilisés des êtres vivants (animaux et végétaux) ayant vécu aux époques géologiques passées, afin de comprendre l’évolution de la vie sur Terre.

#68. Trouve dans la liste ci-dessous, la plante dioïque :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Yo di yon plant se dioïque lè pye gason an  oubyen mal la separe ak pye fi a oubyen femèl la.
Sa vle di, gen yon pye kenèp (quénépier) ki bay flè gason sèlman epi yon lòt pye ki bay flè fi ki bay fwi a. Ou bezwen tou de pye yo toupre pou gen fwi.
men Zoranj ak mango gen tou de sèks yo sou menm flè a oubyen nan menm pye a.
Définition : Une plante dioïque est une espèce dont les fleurs mâles et les fleurs femelles sont portées par des individus différents.

#69. La couche d’air qui enveloppe la terre s’appelle :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Tout gwo kouch gaz oswa lè ki antoure planèt nou an rele Atmosphère.
Définition : Atmosphère : Enveloppe gazeuse entourant la Terre .

#70. (Juillet 2023 -) Au cours d’un accident, le fémur gauche d’un enfant est légèrement fissuré, il s’agit d’une :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yo pale de fêlure lè yon zo resevwa yon chòk ki fè l fann yon ti kras (fissure) men li pa kase nèt an de moso.
Definisyon : Yon fissure se yon ti fant ki fèt nan yon kò ki di. Yon fracture se lè zo a kase nèt.

#71. Juillet 2023 – La germination d’une spore de fougère donne naissance premièrement :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Lè ti grenn yon foujè (spore) tonbe atè epi li jwenn dlo, li pa bay yon gwo plant ki gen yon ti fòm ki sanble ak yon ti kè ki rele prothalle. Se sou li plant foujè a pral pouse apre sa.
Definisyon : Spore se selil repwodiksyon plant ki pa bay flè yo (cryptogames). Prothalle se premye etap lavi yon foujè.

#72. La quantité d’électrons qui traverse un conducteur en une unité de temps est appelée :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Imajine kouran an tankou dlo k ap koule nan yon tiyo. Plis dlo a koule vit ak anpil fòs, se plis li gen debit.
men Nan elektrisite, kantite elektrisite k ap pase nan fil la chak segonn rele intensité. Yo mezire l an Ampère.
Définition : L’intensité du courant électrique est le débit de charge électrique à travers une section donnée d’un conducteur par unité de temps.

#73. Juillet 2023 -) Le conduit qui amène l’urine des reins vers la vessie s’appelle :

La Réponse : C ✅

La Logique :

Atansyon pou  pa konfonn de mo sa yo!

 

Uretère se ti tiyo ki soti nan chak ren pou mennen pipi nan blad pipi a (vessie).

Urètre la se tiyo ki soti nan blad la pou jete pipi a deyò

#74. L’un des modes de reproduction ci-dessous convient au champignon :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Champignon yo pa gen grenn tankou pwa. Yo sèvi ak yon seri ti poud fen yo rele spores.
Lè ti poud sa yo vole nan van an epi yo tonbe yon kote ki imid, yo bay lòt champignon. Pwosesis sa a rele sporulation.
Définition : La sporulation est un mode de reproduction asexuée caractérisé par la production et la libération de spores, des cellules reproductrices résistantes capables de donner naissance à un nouvel individu sans fécondation.

#75. L’énergie que possède un corps en chute libre (k ap tonbe) s’appelle ? :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Depi yon bagay ap deplase (li gen yon vitès), li gen sa yo rele énergie cinétique. Yon objè k ap tonbe ap akselere, donk li gen anpil enèji mouvman.
Définition : L’énergie cinétique est l’énergie que possède un corps en raison de son mouvement, proportionnelle à sa masse et au carré de sa vitesse (Ec = 1/2 mv²).

#76. (Egzamen Juillet 2019 ) Les tubes urinifères ont pour rôle d’assurer :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Ti tiyo sa yo ki anndan ren yo sèvi tankou yon paswa pou filtre san an epi retire fatra ladan l pou fè pipi.
Définition : Néphron (ou tube urinifère) : Unité structurelle et fonctionnelle du rein permettant la filtration du sang.

#77. L’un des organes suivants représente le siège de l’intelligence. Lequel ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Se nan sèvo (le cerveau) tout gwo travay entèlijans fèt: memwa, kalkil, pale, ak pran desizyon. Lòt pati yo (cervelet, bulbe) sèvi pou balans oswa pou kòmande kè ak poumon.
Définition : Le cerveau est la partie la plus volumineuse de l’encéphale, responsable des fonctions cognitives supérieures, de la mémoire, du langage et de l’intelligence.

#78. La sédimentologie est la science qui étudie les :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Van ak dlo trennen sab, pousyè, ak ti moso ròch al depoze yon kote (pa egzanp nan fon lanmè). ki vin tounnen Depo sa yo rele “sédiments”.
Syans ki etidye jan depo sa yo fèt ak ki jan yo vin tounen ròch apre sa rele sédimentologie.
Définition : La sédimentologie est la branche de la géologie qui étudie les processus de formation, de transport et de dépôt des sédiments, ainsi que leur transformation en roches sédimentaires.

#79. Un sol ayant un pourcentage élevé en chlorure de sodium est dit :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Chlorure de sodium se non syantifik pou sèl n ap manje a.
Lè yon tè gen twòp sèl ladan l, nou di tè sa a salin. Plant pa grandi byen nan tè sa yo paske sèl la boule rasin yo.
Définition : Un sol salin est un sol présentant une forte concentration en sels solubles, ce qui peut nuire gravement à la croissance des végétaux.

#80. La pétrographie est une subdivision de la géologie. Elle s’adonne à l’étude des :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Nan gwo syans latè a (géologie), gen yon pati ki espesyalize nan gade ak konprann ki jan ròch yo fèt ak kisa ki ladan yo. Pati sa a rele pétrographie.
Définition : La pétrographie est la branche de la géologie qui s’occupe de la description et de l’analyse des roches, de leur composition et de leur structure.

#81. L’appareil qui permet de mesurer la pression atmosphérique s’appelle :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Lè a ki antoure nou an gen yon pwa, epi li peze sou nou. Yo rele sa presyon atmosferik.
Pou syantifik yo konnen konbyen presyon sa a ye (sitou pou konnen si lapli pral tonbe), yo sèvi ak yon aparèy ki rele baromètre.
Manomètre sèvi pou presyon gaz ki nan yon tank, epi dynamomètre sèvi pou fòs.
Définition : Le baromètre est un instrument de mesure utilisé en physique et en météorologie pour déterminer la pression atmosphérique.

#82. Egzamen Juillet 2021 -) La glande digestive qui est située à droite de l’estomac secrète un de ces liquides. Lequel ?

La Réponse : A ✅
La Logique :
Gland sa a se fwa a (le foie). Li sitiye sou bò dwat lestomak la epi li pwodwi yon likid vèt/jòn ki rele bile ki ede kraze grès n ap manje.
Définition : Bile : Liquide visqueux, de couleur jaune ou verdâtre, sécrété par le foie et qui facilite la digestion des graisses.

#83. Les lichens résultent de l’association :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Yon lichen se pa yon sèl plant, men  se de (2) òganis k ap viv ansanm nan yon maryaj pafè ke yo rele (symbiose) pou yo ka siviv.
nan pwosesis sa Gen yon alg ki sèvi ak solèy pou fè manje, epi yon champignon ki bay dlo ak pwoteksyon. Youn pa ka viv san lòt.
Définition : Le lichen est un organisme composite résultant de l’association symbiotique permanente entre un champignon (qui assure la fixation et l’apport en eau) et une algue (qui produit la matière organique par photosynthèse).

#84. On parle de ‘tendinite’ dans l’un des cas suivants. Lequel ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Mis yo mare sou zo yo ak yon kòd solid ki rele “tendon”. Lè kòd sa a vin malad, li anfle epi li fè mal anpil (paske moun lan fè twòp mouvman oswa li fè yon move efò), yo rele maladi sa a yon tendinite.
Définition : La tendinite est une inflammation d’un tendon, qui est le cordon fibreux et résistant reliant le muscle à l’os.

#85. L’un des appareils suivants transforme toute l’énergie électrique reçue en énergie calorifique. Lequel ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Gen aparèy lè ou ba yo kouran, yo sèlman fè chalè. Yon chof-dlo (chauffe-eau) pa vire, li pa bay limyè pou n gade, sèl travay li se chofe dlo a. Li pran tout kouran an pou l fè chalè ese sa ki rele  (énergie calorifique).
Définition : L’énergie calorifique est une forme d’énergie produite par le mouvement des molécules, perçue sous forme de chaleur. Un appareil thermique transforme l’électricité en chaleur.

#86. De mauvaises postures fréquentes risquent de provoquer des déformations de la colonne vertébrale. Lorsque la déviation est latérale on parle de :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Si yon timoun toujou chita kwochi sou kote nan yon ban lekòl, zo do l (kolòn vètebral li) ka kòmanse kwochi sou kote tou, tankou yon fòm “S”. Defòmasyon sa a rele scoliose.
Définition : La scoliose est une déviation latérale de la colonne vertébrale, entraînant une torsion d’une ou plusieurs vertèbres.

#87. Lequel de ces groupes de mots représente un ensemble de thallophytes ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yo rele yo Thallophytes  paske yo  se plant ki senp anpil: yo pa gen rasin, ni tij, ni fèy tout bon vre. 
Définition : Thallophytes : Végétaux inférieurs dont le corps (thalle) ne présente ni racines, ni tiges, ni feuilles.

#88. Juillet 2022) L’urine qui provient des tubes urinifères, avant d’être évacuée au dehors, s’accumule dans :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Apre ren yo fin filtre san an pou fè pipi, pipi sa a desann al estoke nan yon pòch (rezèvwa) anvan li soti deyò. Pòch sa a se vessie a.
Définition : Vessie : Réservoir dans lequel s’accumule l’urine avant d’être évacuée.

#89. Juillet 2022) Lorsque deux cellules reproductrices mâle et femelle se fusionnent, on obtient une cellule-œuf. Ce phénomène s’appelle :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Se moman presi kote grenn gason an antre nan pati vagin  fi a pou yo fè yon sèl selil e se la kote gen penetrasyon  epi gason an ejakile anndan fi a e sa ki pral bay yon pitit.
Définition : Fécondation : Union d’un gamète mâle (spermatozoïde) et d’un gamète femelle (ovule) pour former une cellule-œuf

#90. La moelle épinière est protégée à l’intérieur d’un ensemble d’os formant la :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Moelle épinière la trè frajil. Se li k ap pote tout mesaj soti nan sèvo a pou al nan kò a. BonDye mete l byen pwoteje anndan yon seri ti zo ki anpile youn sou lòt nan do nou yo rele colonne vertébrale.
Définition : La moelle épinière est une partie du système nerveux central logée dans le canal vertébral, protégée par les vertèbres de la colonne vertébrale.

#91. Les dents qui servent à percer et à déchirer les aliments sont les :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Dan nou yo gen divès travay. Incisives yo koupe manje a tankou sizo. Molaires yo kraze manje a tankou moulen.
Men, canines yo, ki pwenti anpil, sèvi pou pèse epi chire manje ki di tankou vyann. Se yo ki pi solid nan bouch la.
Définition : Les canines sont des dents pointues situées entre les incisives et les prémolaires, dont la fonction principale est de déchiqueter les aliments.

#92. Lequel de ces organes est une structure de l’appareil reproducteur masculin ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Kay gason, urètre la se yon tiyo ki sèvi pou de bagay: li jete pipi epi li kite spèm pase tou.
Trompe ak utérus se pou fi.
Définition : Urètre : Canal servant à l’évacuation de l’urine et, chez l’homme, à l’expulsion du sperme.

#93. Laquelle des symbioses est une forme de vie observée dans l’un des cas suivants. Lequel ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Symbiose se yon bèl asosyasyon nan lanati kote de (2) bèt oswa plant diferan deside viv ansanm paske youn ede lòt.
Chak jwenn yon benefis. Pa egzanp, nan yon “lichen”, gen yon alg ak yon champignon k ap viv ansanm: alg la bay manje, champignon an bay dlo ak pwoteksyon.
tankou ou menm tou timoun ApojeakaDemy di nou ka chwazi viv konsa viv nan linyon pou yon lot jenerasyon
Définition : La symbiose est une association durable et mutuellement bénéfique entre deux organismes d’espèces différentes.

#94. L’un des os mentionnés ci-dessous appartient au membre supérieur. Lequel ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Cubitus la se youn nan 2 zo ki nan bra nou (avant-bras). si nou di bra seke se manb siperyè
Tibia, fémur ak rotule se nan janm yo ye. yo nan manb enferyè 
Définition : Cubitus (ou ulna) : L’un des deux os de l’avant-bras, situé du côté interne.

#95. Un œuf coule dans l’eau douce mais flotte à la surface de l’eau salée. parce que : l’eau salée. est plus dense que l’eau douce.

La Réponse : VRAI✅
La Logique :
Dlo sale gen yon mas volimik ki pi gwo pase dlo dous. Sa fè fòs dlo a pouse ze a moute anlè .
Paske (poussée d’Archimède) pi fò nan dlo sale, sa ki rann ze a flote
.
Définition : Masse volumique : Grandeur physique qui définit la masse d’un matériau par unité de volume.

#96. Le timbre est la qualité qui différencie les sons :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Timbre la se sa k pèmèt zòrèy nou rekonèt diferans ant yon gita ak yon pyano k ap jwe menm nòt la ak menm fòs la. Se “koulè” oswa “pèsonalite” son an ki depann de enstriman k ap jwe l la.
Définition : Le timbre est la qualité physiologique du son qui permet de distinguer deux sons ayant la même hauteur (fréquence) et la même intensité, mais émis par des sources sonores ou des instruments différents.

#97. Les substances nutritives provenant de la digestion passent à travers les parois d’un de ces organes, avant d’aller dans le sang. Cet organe est :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Apre manje a fin byen dekonpoze nan lestomak, li rive nan trip la (l’intestin grêle). Se nan trip la kote san an rale tout vitamin ak manje a (absorption intestinale) nan trip la pou l voye yo bay tout rès kò a.
Définition : Absorption intestinale : Passage des nutriments (glucose, acides aminés, lipides) à travers la muqueuse de l’intestin grêle vers le sang ou la lymphe.

#98. Lequel des agents polluants ci-dessous attaque le stomate des feuilles ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Dioxyde de soufre se yon gaz ki soti nan lafimen izin oswa machin. Lè gaz sa a nan lè a, li antre nan ti twou ki sou fèy plant yo (stomates) kote yo respire a. Gaz sa a brile fèy yo epi li anpeche plant lan fè manje l, sa ki ka touye l.
Définition : Le dioxyde de soufre (SO2) est un gaz polluant incolore et suffocant qui, en pénétrant par les stomates, perturbe la photosynthèse et cause la nécrose des tissus végétaux.

#99. Juin 2018 ) La fougère est classée parmi les cryptogames vasculaires parce qu’elle possède :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yo rele l vasculaire paske li gen  kek ti bagay ki tankou  ti tiyo  yo rele yo (vaisseaux) anndan l ki transpòte sèv la (dlo ak manje plant lan).
Li se yon “cryptogame” paske li pa bay flè.
Définition : Cryptogames vasculaires : Plantes sans fleurs qui possèdent des vaisseaux conducteurs de sève (ex: la fougère).

#100. En un lieu où g = 10 N/kg, la masse d’une bille de poids 35 N est :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Pou jwenn mas (m) la, nou pran pwa a (P) nou divize l pa fòs gravite a (g).
Fòmil la se m = P / g. Konsa, 35 N divize pa 10 N/kg bay 3,5 kg.
Définition : Masse : Quantité de matière contenue dans un corps, invariante quel que soit le lieu, s’exprimant en kilogrammes (kg).

#101. Le muscle qui sépare le thorax de l’abdomen s’appelle :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Gen yon gwo mis ki tankou yon planch oswa yon parachit ki separe pwatrin ou (thorax) ak vant ou (abdomen).
Mis sa a rele diaphragme. Se li ki motè prensipal respirasyon an: lè l desann, poumon yo plen; lè l moute, poumon yo vide.
Définition : Le diaphragme est une large cloison musculo-aponévrotique qui sépare la cavité thoracique de la cavité abdominale et joue un rôle essentiel dans la mécanique respiratoire.

#102. VRAI OU FAUX: La digestion mécanique broie les aliments, tandis que la digestion chimique les transforme à l’aide des sucs digestifs.

La Réponse : VRAI ✅
La Logique :
Digestion mécanique la se travay fizik (dan k ap kraze manje, mis lestomak k ap brase l).
Digestion chimique la li menm se travay likid yo (sucs digestifs tankou salive, suc gastrique) ki chanje nati manje a pou rann li piti nèt pou san an ka rale l.
Définition : La digestion mécanique consiste à réduire physiquement la taille des aliments, alors que la digestion chimique utilise des enzymes pour décomposer les molécules complexes en nutriments simples.

#103. L’artère aorte est rattachée à l’une de ces cavités du Cœur. Laquelle?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Ventricule gauche la se pati nan kè a ki gen plis fòs paske se li ki dwe voye san nan tout kò a. Se nan li gwo tiyo aorte la branche pou pran san ki gen oksijèn lan

#104. Dans la cavité thoracique on retrouve les organes suivants :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Pati anwo kò nou an ki fèmen ak zo kòt yo rele cavité thoracique (pwatrin). Anndan bwat sa a, nou jwenn de (2) gwo ògàn ki bay lavi ki se:
a ki ponpe san ak poumon yo ki pèmèt nou respire.
Définition : La cavité thoracique est l’espace anatomique situé à l’intérieur du thorax, délimité par la cage thoracique et le diaphragme, contenant des organes vitaux tels que le cœur, les poumons et l’œsophage.

#105. Tous les phénomènes ci-dessous sont des causes de dégradation du sol. Celui qui se caractérise par la formation de marécages provisoires ou permanents dans le sol est :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè yon tè toujou plen dlo, dlo a pa ka koule oswa antre nan fon, sa fè tè a vin tounen yon marekaj.
Se sa yo rele hydromorphie (hydro = dlo). Sa ka gate tè a paske lè a pa ka antre pou rasin plant yo respire.
Définition : L’hydromorphie est l’état d’un sol qui présente des signes de saturation prolongée par l’eau, entraînant une mauvaise aération et la formation de marécages.

#106. L’algine est la substance produite par :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Algine se yon matyè kolan (yon kalite jèl) yo retire nan gwo plant ki pouse nan lanmè yo rele algues (sitou alg mawon yo). Yo sèvi ak matyè sa a nan endistri manje pou fè krèm oswa nan medsin pou fè pansman.
Définition : L’algine (ou acide alginique) est un polysaccharide extrait d’algues brunes, utilisé comme épaississant ou gélifiant dans l’industrie agroalimentaire.

#107. Juillet 2023 -) Le maïs est une plante à fleurs qui est classée parmi les :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Tout plant ki gen flè epi ki bay grenn pou yo repwodwi rele Spermatophytes. Mayi a bay grenn, donk li nan kategori sa a.
Definisyon : Spermatophytes soti nan mo grèk “sperma” ki vle di grenn.

#108. Au cours du phénomène de digestion le chyme se forme dans :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè nou fin moute manje a, li rive nan lestomak la (l’estomac). Ladan l, gen yon asid yo rele (suc gastrique) ak mis ki kraze manje a pou fè l tounen yon kalite labou ki prèske likid. Se labou sa a yo rele chyme.
Définition : Le chyme est la masse semi-liquide et acide, constituée d’aliments partiellement digérés, qui sort de l’estomac pour entrer dans le duodénum (début de l’intestin grêle).

#109. L’une des unités ci-dessous est celle de la poussée d’Archimède. Laquelle ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Poussée d’Archimède la se yon fòs dlo a fè pou l pouse yon bagay moute anlè.
Paske se yon fòs li ye, inite yo sèvi pou mezire l la se Newton (N), menm jan ak tout lòt fòs (tankou pwa).
Définition : La poussée d’Archimède est la force particulière que subit un corps plongé dans un fluide (liquide ou gaz) ; comme toute force, son unité de mesure dans le système international est le Newton (N).

#110. L’ensemble constitué du sternum, des côtes et des vertèbres dorsales protège l’un des organes suivants. Lequel ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Anndan kò nou, gen yon seri ògàn ki frajil anpil tankou kè ak poumon. Pou pwoteje yo, BonDye bati yon kalite “kaj” ak zo:
zo ki nan mitan pwatrin lan (sternum), zo kòt yo (côtes) ak zo do yo (vertèbres dorsales). Kaj sa a anpeche poumon yo kraze si nou ta resevwa yon chòk nan pwatrin.
Définition : La cage thoracique est une structure ostéo-cartilagineuse qui entoure et protège les organes vitaux du thorax, principalement le cœur et les poumons.

#111. Les dents de sagesse sont les :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Dents de sagesse yo se dènye seri molaires ki pouse nan fon bouch yon moun lè l vin gen ant 17 ak 25 an.
Définition : Dent de sagesse : Troisième molaire, la plus tardive à apparaître chez l’être humain.

#112. La production du son dépend de trois facteurs appartenant à l’un des groupes suivants. Lequel ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Pou gen yon son, fòk gen yon bagay k ap vibre (source sonore), fòk gen yon bagay tankou lè oswa dlo pou pote vibrasyon an (milieu élastique), epi fòk gen yon zòrèy oswa yon aparèy pou tande l (récepteur). San twa bagay sa yo, pa gen son ki ka rive jwenn nou.
Définition : Le son est une onde mécanique produite par la vibration d’un corps, se propageant dans un milieu matériel élastique et perçue par l’organe de l’ouïe.

#113. Le cristallin est un organe en forme de lentille situé :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Cristallin an se yon ti lantiy transparan ki dèyè ti sèk koulè je nou an (l’iris). Li ede nou fè “mise au point” pou nou wè klè.
Définition : Cristallin : Lentille biconvexe de l’œil située derrière l’iris, permettant l’accommodation.

#114. La blennorragie se caractérise par l’apparition :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Blennorragie a se yon maladi moun pran nan fè bagay (IST).
Youn nan siy ki moutre yon moun genyen l, se lè gen yon likid (pi) k ap soti nan pati gason an oswa fi a, epi li boule anpil lè moun nan ap fè pipi.
Définition : La blennorragie (ou chaude-pisse) est une infection sexuellement transmissible (IST) d’origine bactérienne, caractérisée par une inflammation des muqueuses urogénitales provoquant un écoulement purulent.

#115. On parle de foulure ou d’entorse dans l’un des cas suivants, lequel?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yon entorse (oswa foulure) rive lè ou tòde yon jwen (articulation) twò fò. Sa lakòz ti kòd solid ki kenbe zo yo ansanm, yo rele ligaments, rale twòp oswa menm chire.
Si zo a soti nèt nan plas li, sa se yon luxation.
Définition : L’entorse est une lésion traumatique d’une articulation résultant d’un étirement ou d’une déchirure des ligaments, sans déplacement permanent des surfaces articulaires.

#116. La pollinisation est le transport du pollen sur le :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Pou yon flè fè grenn, poud ki soti nan mal oubyen nou ka di nan gason an pou wpi byen konprann yo relel   (pollen)   li dwe poze sou tèt pati fi flè a ki rele stigmate.
Définition : Pollinisation : Transport des grains de pollen depuis les anthères vers le stigmate d’une fleur.

#117. Juillet 2023) Chez la femme, après la fécondation, la cellule-œuf va se développer dans :

La Réponse : B ✅

La Logique :

Apre rankont ant pati grenn gason ak pati  vaginal fi a (fécondation), ze a vwayaje al poze nan yon pòch espesyal nan vant manman an pou l grandi. Pòch sa a rele Utérus.

Définition : Utérus : Organe de l’appareil reproducteur féminin destiné à contenir l’œuf fécondé jusqu’à son complet développement.

#118. Juillet 2023) L’une des actions suivantes est constatée lors de l’inspiration. Laquelle ?

La Réponse : A ✅
La Logique :
Lè w ap rale souf (inspiration), pwatrin ou dwe ouvri pi laj pou poumon yo ka jwenn plas pou yo plen ak lè.
Définition : Inspiration : Phase de la respiration pendant laquelle l’air atmosphérique pénètre dans les poumons.

#119. Le cardia est l’orifice qui permet le passage du bol alimentaire de :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè n ap vale manje, manje a pase nan yon tiyo ki rele œsophage. Pou l antre anndan lestomak la, li dwe pase nan yon “pòt” oswa yon twou ki rele le cardia.
Se pòt sa a ki anpeche manje a tounen moute nan gòj nou lè nou fin manje.
Définition : Le cardia est l’orifice supérieur de l’estomac, situé à la jonction avec l’œsophage, dont la fonction principale est de réguler l’entrée des aliments et d’empêcher le reflux gastro-œsophagien.

#120. Juillet 2022) L’œil, organe de la vue, est sensible aux excitations :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Je a fèt pou l reyaji ak limyè sèlman. Li pa ka pran sant (olfactive) ni li pa ka tande son (sonore).
Définition : Excitation lumineuse : Stimulus sous forme de lumière capté par les récepteurs de la rétine.

#121. Jeannette est enceinte. Elle a 4 mois le fœtus (l’enfant) se développe dans :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Depi yon fi ansent, se nan yon ògàn espesyal ki gen fòm yon pwa ranvèse yo rele (l’utérus) pitit la poze pou l grandi.
l’Utérus la gen kapasite pou l vin pi gwo tankou yon balon pou l fè plas pou bebe a pandan 9 mwa. Se li ki pwoteje timoun nan kont chòk deyò.
Définition : L’utérus est un organe musculaire creux de l’appareil génital féminin, situé dans le petit bassin, destiné à héberger l’œuf fécondé pendant son développement et à l’expulser à la fin de la grossesse.

#122. Le chyme se forme dans l’estomac. Avant son arrivée dans l’intestin grêle, il passe par l’un de ces orifices. Lequel ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Manje a antre nan lestomak nan yon pòt ki rele cardia. Apre l fin melanje byen melanje nan lestomak la (li tounen chyme), li dwe soti pou l al nan trip la (intestin grêle). Pòt kote l ap soti a rele pylore.
Se yon ti mis ki ouvri ak fèmen pou kontwole kantite manje k ap pase.
Définition : Le pylore est la région de l’estomac qui communique avec le duodénum (intestin grêle) ; il agit comme une valve contrôlant le passage du chyme gastrique.

#123. Pour faire tourner les moulins à vent, on utilise l’énergie :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Van an se yon fòs natirèl. Enèji nou rale nan fòs van an rele énergie éolienne.
Se enèji sa a ki pouse elis moulen yo oswa gwo elis (éoliennes) k ap fè kouran yo pou yo vire.
Définition : L’énergie éolienne est l’énergie cinétique des masses d’air (le vent) qui est captée et transformée en énergie mécanique ou électrique par un dispositif approprié.

#124. Lequel de ces phénomènes mécaniques de la digestion se fait au niveau du pharynx ?

La Réponse : A ✅
La Logique :
Nan dijesyon an, gen plizyè etap. Mastication fèt nan bouch ak dan.
Men, moman kote n ap vale manje a pou l desann nan gòj nou (pharynx), yo rele etap sa a déglutition. Se yon aksyon mekanik kote mis gòj yo pouse manje a desann.
Définition : La déglutition est l’acte de passer les aliments de la bouche vers l’œsophage à travers le pharynx, constituant une étape cruciale de la digestion mécanique.

#125. Les murs abandonnés et humides se couvrent de limon appelé encore :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Lè yon miray rete imid twò lontan nan lonbraj, nou wè yon kalite ti tapi vèt ki pouse sou li. Se yon plant senp anpil yo rele mousse. Yo pa gen rasin tout bon vre, yo souse dlo a dirèkteman nan miray la.
Définition : La mousse est un végétal chlorophyllien de petite taille, appartenant à l’embranchement des Bryophytes, dépourvu de racines et de vaisseaux conducteurs, se développant principalement dans les milieux humides et ombragés.

#126. On parle de petite circulation quand :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Nan petite circulation an (yo rele l circulation pulmonaire tou), san an soti nan kè a pou l al nan poumon yo sèlman pou l jete gaz kabonik epi pran oksijèn.
Définition : Petite circulation : Circuit sanguin dont le but est d’assurer les échanges gazeux au niveau des poumons.

#127. L’œil est formé de plusieurs couches. Celle qui donne de la forme au globe oculaire s’appelle :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Je nou yo  tankou yon ti boul. Pou boul sa a rete byen won epi solid, li gen yon kouch blan, ki di, ki vlope tout kò l. Kouch blan sa a rele sclérotique. Se li ki bay je a fòm li.
Définition : La sclérotique (ou sclère) est la membrane protectrice la plus externe de l’œil, très résistante et de couleur blanche, qui maintient la forme sphérique du globe oculaire.

#128. Parmi ces noms, trouve l’os du crâne :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Zo pariétal la se youn nan gwo zo ki fòme bwat tèt nou (le crâne). e se  Li ki pwoteje sèvo a.
Définition : Os pariétal : Os plat, pair, situé de chaque côté de la voûte crânienne.

#129. Egzamen Juin 2010 ) Le phénomène d’oxygénation du sang au niveau des poumons s’appelle :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Lè san sal (ki gen gaz kabonik) rive nan ti sak ki nan poumon yo (alvéoles), li bay gaz kabonik la epi li rale oksijèn ki nan lè n ap respire a.
Chanjman sa a kote san an vin pwòp epi li vin wouj vif la rele hématose.
Définition : L’hématose est la transformation biologique du sang pauvre en oxygène en sang riche en oxygène au niveau de l’appareil respiratoire.

#130. Lequel de ces éléments, retrouvé dans l’urine d’une personne, est un signe de diabète ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Nan yon kò ki an sante, pipi pa dwe gen sik (glucose) ladan l paske kò a sèvi ak li pou enèji.
Si yon moun gen sik nan pipi l, sa vle di gen twòp sik nan san li epi ren yo pa ka kenbe l ankò; sa se yon gwo siy maladi diabète.
Définition : La glycosurie est la présence de glucose dans les urines, généralement révélatrice d’un diabète sucré lorsque le taux de sucre dans le sang (glycémie) dépasse la capacité de filtration des reins.

#131. L’une des trois principales membranes de l’œil se nomme :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Je a gen 3 kouch (membranes). Choroïde, la sclérotique et la rétine
 Choroïde se kouch ki nan mitan an ki gen anpil veso san epi ki nwa pou anpeche limyè a gaye nan je a gras ak l’Iris.
Définition : Choroïde : Membrane de l’œil, située entre la sclérotique et la rétine, riche en vaisseaux sanguins.

#132. Le chyle est le liquide blanchâtre contenu dans :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Apre nou fin manje, manje a kraze nan lestomak la, men se lè l rive nan trip (l’intestin) li fini dekonpoze nèt.
Lè sa a, li vin tounen yon likid blan ki sanble ak lèt yo rele chyle. Se nan likid sa a kò a rale tout vitamin ak enèji li bezwen.
Définition : Le chyle est un liquide d’aspect laiteux, formé dans l’intestin grêle à la fin de la digestion, composé de nutriments absorbables par les vaisseaux lymphatiques.

#133. Laquelle des affirmations suivantes est fausse dans le cas des bryophytes ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Bryophytes yo (tankou mous yo) se plant ki senp anpil. Yo gen yon ti tige ak ti fèy, yo vèt (chlorophylle), men yo pa gen rasin tout bon vre. Yo gen ti fil ki rele “rhizoïdes” pou yo kenbe sou ròch yo.
Définition : Les Bryophytes sont des plantes terrestres non vasculaires qui ne possèdent ni vraies racines, ni vaisseaux conducteurs de sève.

#134. L’inflammation de la membrane qui enveloppe les poumons est connue sous le nom de :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Poumon yo vlope nan yon po (manbràn) ki gen de kouch ki rele “plèvre”. Lè po sa a malad oswa li anfle, sa fè moun nan mal pou l respire, yo rele maladi sa a yon pleurésie.
Définition : La pleurésie est une inflammation de la plèvre, la membrane séreuse qui recouvre les poumons et tapisse l’intérieur de la cavité thoracique.

#135. Juin 2018 ) Les microbes sécrètent dans l’organisme des substances toxiques appelées :

La Réponse : A ✅
La Logique : Lè yon mikwòb antre nan kò w, li lage vèsyon pa l  yon pwazon oswa yon makè kò w rekonèt kòm yon lènmi;
se sa yo rele antigènes.
Remak: Nou te ka itilize toxines tou kòm repons depann de kontèks la, men  la antigène se eleman ki deklanche reyaksyon an.
Définition : Antigène : Toute substance étrangère à l’organisme capable de déclencher une réponse immunitaire.

#136. La bauxite est un minerai. Elle renferme des matières terreuses inutilisables connues sous le nom de :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Bauxite la se ròch kote nou jwenn aliminyòm. Men nan ròch sa a, gen anpil pousyè, sab, ak lòt matyè ki pa itil. Tout pati fatra sa yo ki nan ròch la rele gangue.
Définition : La gangue est la substance minérale sans valeur qui accompagne le minerai dans son gisement et qu’il faut éliminer pour extraire le métal précieux.

#137. Pour combattre la salinisation du sol il faut :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Lè yon tè gen twòp sèl (salinisation), sa touye plant yo. Pou nou retire sèl sa a, nou dwe fè drainage, ki vle di kreye kanal pou dlo ki gen sèl la ka koule ale olye li rete poze nan tè a.
Définition : Le drainage est une technique qui consiste à favoriser l’évacuation des eaux excédentaires dans le sol afin d’améliorer sa qualité et de réduire sa salinité

#138. La partie de la biologie qui s’occupe de l’étude des végétaux s’appelle :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Botanique se syans ki etidye plant (vététaux).
Zoologie etidye bèt, Cytologie etidye selil.
Définition : Botanique : Science qui étudie les végétaux.

#139. Le cœur est un muscle creux. Il est constitué de quatre cavités qui sont :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Kè a se yon ponp ki gen kat (4) chanm oswa “twou” anndan l.
De (2) chanm ki anlè yo rele oreillettes (yo resevwa san), epi de (2) chanm ki anba yo ki pi gwo rele ventricules (yo pouse san nan tout kò a).
Définition : Le cœur est un organe musculaire creux composé de quatre cavités : deux oreillettes (supérieures) et deux ventricules (inférieurs), séparées par des valves assurant le sens unique de la circulation sanguine.

#140. La trompe d’Eustache est une partie de :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Trompe d’Eustache la se yon ti kanal ki konekte zòrèy mwayen an ak dèyè gòj la (le pharynx) pou ekilibre presyon lè a.
Définition : Trompe d’Eustache : Conduit qui fait communiquer l’oreille moyenne avec le pharynx.

#141. Laquelle des plantes ci-dessous est dépourvue de chlorophylle ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Djon-djon an (champignon) se yon plant ki pa vèt paske li pa gen chlorophylle. Sa vle di li pa ka fè manje l ak limyè solèy la, li dwe manje sou lòt matyè òganik.
Définition : Champignon : Organisme végétal sans fleurs ni chlorophylle, se nourrissant de matières organiques

JIs Ekri non an

#142. Le procédé par lequel une tige aérienne est mise en contact avec le sol et s’y enracine avant d’être isolée de la plante mère s’appelle :

La Réponse : Marcottage ✅
La Logique :
Marcottage se yon teknik kote ou pran yon branch nan yon plant, ou pliye l pou l touche tè san w pa koupe l. Lè l fin pran rasin nan tè a, se lè sa a ou koupe l pou l vin yon lòt pye plant.
Définition : Marcottage : Mode de multiplication végétative consistant à provoquer l’enracinement d’un rameau sur la plante mère avant de l’en séparer.

#143. Nos cordes vocales sont logées dans la partie supérieure de notre :

La Réponse : B ✅
La Logique :
 pou repons sa ka genyon ti konfizyon
li te ka Trachee a tou men
(Remak: Plis presizeman se nan Larynx la ki nan bout anlè trachée a).si Larynx lan pat la nou te ka chwazi Trachee a.
Pou nou pale oswa chante, nou bezwen kòd vokal (cordes vocales). Yo sitiye nan yon bwat mizik ki nan gòj nou yo rele Larynx.
men Larynx la (ki se premye pati trachée-artère la). Lè lè a soti nan poumon yo, li fè kòd sa yo vibre pou bay son.
Définition : Le larynx est l’organe de la phonation, situé à la partie supérieure de la trachée, contenant les cordes vocales dont la vibration produit les sons du langage.

#144. Toutes ces qualités sont des caractéristiques du son, sauf une. Laquelle ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
Yon son gen 3 kalite prensipal: hauteur (si l gra oswa l fen), intensité (si l fò oswa l ba), ak timbre (pèsonalite son an).
Nan lis sa a, “puissance” se pa yon kalite ki pèmèt nou dekri nati son an limenm.
Définition : Les caractéristiques physiologiques du son sont la hauteur (liée à la fréquence), l’intensité (liée à l’amplitude) et le timbre (lié à la forme de l’onde), permettant à l’oreille humaine de percevoir et d’identifier les sons.

#145. L’un des effets ci-dessous explique la décomposition d’un corps. Lequel ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Lè yon bagay ap pouri oswa l ap dekonpoze, se pa sèlman fòm li k ap chanje. Se tout nati l k ap chanje paske gen yon reyaksyon chimik k ap fèt ladan l.
Définition : Une réaction chimique est une transformation de la matière au cours de laquelle les espèces chimiques qui constituent la matière initiale sont modifiées pour en former de nouvelles.

#146. Laquelle des régions de la colonne vertébrale ci-dessous est composée de sept vertèbres ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Do nou (colonne vertébrale) divize an plizyè pati. Pati ki nan kou a (le cou) rele région cervicale.
Li genyen sèt (7) ti zo ki rele vètèb sèvikal. Se yo ki pèmèt nou vire tèt nou sou kote oswa fè l moute desann.
Définition : La région cervicale est la partie supérieure de la colonne vertébrale, située au niveau du cou, constituée de sept vertèbres cervicales (nommées de C1 à C7).

#147. Quelle est la force nécessaire pour soulever un objet pesant 600 N à l’aide d’un système de six (6) poulies dont trois (3) fixes et trois (3) mobiles ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Nan yon sistèm kote gen 3 pouli mobil, fòs la divize pa de fwa kantite pouli mobil yo.
 la, fòmil la se F = P / (2 * n), kote ‘n‘ se kantite pouli mobil.
Donk, 600 / (2 * 3) = 600 / 6 = 100 N
.
Définition : Système de poulies (Palan) : Dispositif composé de plusieurs poulies permettant de démultiplier une force motrice pour soulever une charge pesante.

#148. L’utérus est un organe de l’un des appareils suivants. Lequel ?

La Réponse : D ✅
La Logique :
Itiris la se pòch kote yon bebe grandi anndan vant manman l.
Se yon pati ki nan sistèm pou fè pitit kay fi (appareil reproducteur féminin).
Li solid anpil epi li ka detire pou l fè plas pou timoun nan.
Définition : L’utérus est un organe musculaire creux et impair de l’appareil génital féminin, situé dans le petit bassin, dont la fonction principale est d’accueillir l’œuf fécondé et d’assurer le développement du fœtus pendant la grossesse.

#149. Juillet 2023 -) La contraction de l’un de ses muscles fait augmenter le volume de la cage thoracique. Lequel ?

La Réponse : D ✅

La Logique :

Diaphragme nan se mis prensipal respirasyon an. Lè li rale sa yo rele (contraction), li desann epi li fè plas nan pwatrin lan (cage thoracique) pou poumon yo ka pran plis lè.

#150. Le travail d’une force de 50 N qui déplace son point d’application sur une distance de 200 cm est :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Travay (W) se Fòs (F) miltipliye pa Distans (d). Men distans lan dwe an mèt. 200 cm egal 2 mèt. Donk, 50 N x 2 m = 100 Joules (J).
Définition : Le travail d’une force est l’énergie fournie par cette force lorsque son point d’application se déplace ; il est égal au produit de l’intensité de la force par la distance parcourue (W = F . d).

#151. L’oïdium de la vigne est un champignon :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Oïdium nan se yon kalite ti champignon (yo vèmin) ki konn poze sou fèy rezen yo pou l manje yo epi fè yo malad. Paske li viv sou do yon lòt plant epi li fè l mal, yo di se yon parasite li ye.
Définition : L’oïdium est une maladie cryptogamique causée par des champignons parasites qui se développent à la surface des feuilles et des tiges, formant un feutrage blanc caractéristique et affaiblissant la plante hôte en absorbant ses nutriments.

#152. La circoncision est une intervention chirurgicale qui consiste à enlever :

La Réponse : D ✅
La Logique :
Circoncision nan se yon operasyon kote doktè a koupe yon ti po ki nan pwent pati gason an nou ka di nan pwent koulout la . Ti po sa a rele prépuce.
Définition : La circoncision est une ablation chirurgicale, totale ou partielle, du prépuce, repli de peau recouvrant le gland.

#153. Certaines glandes digestives sont situées à droite et en arrière de l’estomac. Il s’agit :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Anplis ti gland ki nan miray tib dijestif la, gen de gwo ògàn ki ede nan dijesyon an ki se:
fwa a (foie) ki sitiye sou bò dwat, epi pankreyas la (pancréas) ki dèyè lestomak la. Yo chak voye yon likid espesyal yo rele  (bile ak suc pancréatique) pou ede dekonpoze sa nou manje a.
Définition : Les glandes annexes de l’appareil digestif sont des organes situés hors du tube digestif (comme le foie et le pancréas) qui déversent leurs sécrétions dans celui-ci pour faciliter la digestion.

#154. Le manguier est classé parmi les angiospermes parce qu’il :

La Réponse : C ✅
La Logique :
Yo rele pye mango a yon angiosperme paske grenn li (nwayo a) pa deyò nan lè a. Li kache, li pwoteje byen fon anndan mango a n ap manje a.
Tout plant ki bay yon fwi ki kouvri grenn yo se angiosperme yo ye.
Définition : Les angiospermes sont des plantes à fleurs dont les graines sont enfermées à l’intérieur d’un fruit issu du développement de l’ovaire.

#155. La science qui étudie la disposition des couches de terrain est connue sous le nom de :

La Réponse : B ✅
La Logique :
Stratigraphie se pati nan syans latè ki gade jan kouch tè yo ranje youn sou lòt. Sa pèmèt nou konnen istwa tè a ak laj kouch sa yo.
Définition : La stratigraphie est la discipline de la géologie qui étudie l’ordre et la superposition des couches de roches ou sédiments.

#156. Au moment de l’expiration les côtes se …………………. alors que le diaphragme se ……………………

La Réponse : s’abaissent / se relâche ✅
La Logique :
Lè n ap jete lè deyò (expiration), mis ki nan kòt yo lage sa ki fè zo kòt yo desann, epi diaphragme la remoute nan plas li sa ki rele (relâchement). Epi Sa peze poumon yo pou lè a ka soti.
Définition : Expiration : Phase de la respiration pulmonaire au cours de laquelle l’air riche en gaz carbonique est expulsé des poumons.

#157. Un ventilateur transforme l’énergie électrique en énergie :

La Réponse : A ✅
La Logique :
Yon vantilatè pran kouran (énergie électrique) pou l fè elis li yo vire. Mouvman sa a, kote yon bagay ap vire oswa deplase, rele énergie mécanique.
(Atansyon: vantilatè a bay van, men li pa sèvi ak van pou l mache, donk se pa éolienne li ye).
Définition : L’énergie mécanique est l’énergie associée au mouvement d’un corps ou à sa position ; un moteur électrique convertit l’électricité en travail mécanique (rotation).

#158. Lequel des objets suivants est un instrument à vent ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
Pou yon clarinette bay son, fòk ou soufle lè ladan l. Se sa k fè yo di se yon instrument à vent.
Gita ak violon se kòd k ap vibre (corde), cymbale se pèkisyon.
Définition : Un instrument à vent est un instrument de musique dont le son est produit par la vibration d’une colonne d’air à l’intérieur d’un tube, provoquée par le souffle du musicien.

#159. Juillet 2023) Les impuretés qui accompagnent un minerai s’appellent :

La Réponse : B ✅

La Logique :

Nan yon ròch kote yo retire metal, gen pati ki gen valè a (metal la) epi gen rès fatra ki pa sèvi anyen yo. Se rès sa yo yo rele gangue.

Définition : Gangue : Substance sans valeur qui entoure le minerai.

Anvan
Fini

Leave a Reply

Scroll to Top