apojeakademy

QUIZ ESPAGNOL 9e ANE

 

Rezilta yo

#1. La primera comida del día es el ________ .

La Réponse : B ✅
La Logique :
 Sa se vokabilè manje nan jounen an.

 Premye manje a se desayuno (dejene), dezyèm lan se almuerzo (dine), epi dènye a se cena (soupe).

#2. (Egzamen Jiyè 2012) Andrés es el muchacho _______ madre es profesora.

La Réponse : C ✅

La Logique : Nou itilize pwonon relatif posesif la pou nou montre yon relasyon ant de mo. Kòm “madre” se feminen sengilye, nou dwe itilize “cuya”. Sa vle di “Andrés se ti gason manman l se pwofesè a”.

#3. (Egzamen Out 2010) Pues, lo siento, no _______ de aquí (ser).

La Réponse : C ✅

La Logique : Lè yon moun di “Lo siento” (mwen regret sa), se de tèt li l ap pale. Kidonk, li dwe konjige vèb ser la nan premye moun sengilye (yo), ki bay “soy”.

#4. Escribe una palabra sinónima de: Antiguo.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Règ la di : Yon sinonim se yon mo ki gen menm sans. “Antiguo” vle di yon bagay ki la depi lontan.

 

  • Teknik : Viejo se mo ki pi pwòch “antiguo” nan sans sa a. Lòt yo se kontrè li.

#5. Identifica el objeto del “Salón”:

La Réponse : C ✅

La Logique : Yon “sillón” ki se  (yon gwo chèz an bra) se yon mèb nou jwenn nan yon salon.

Prima ak nieta se manm fanmi.

#6. (Egzamen Jen 2017) Estas casas son ………… grandes como aquéllas.

La Réponse : A ✅

La Logique : Pou konparezon egalite (menm jan), nou itilize “tan … como”.

#7. (Egzamen Jiyè 2015) Aquel año, nuestro equipo (ganar) _______ tres partidos (pretérito indefinido).

La Réponse : B ✅

La Logique : Tan Indefinido vèb ganar a pou twazyèm pèsòn  sengilye (nuestro equipo – li) se “ganó”. Sa endike yon aksyon ki te fini nèt nan yon moman presi.

#8. (Egzamen Out 2010). Reemplaza el objeto directo por un pronombre: Coge el autobús.

La Réponse : B ✅

La Logique : “El autobús” se maskilen sengilye, pwonon li se “lo”. Lè nou mete l dèyè vèb la, nou jwenn “Cógelo”.

#9. Hay que (hacer) _______ deporte para estar en buena salud.

La Réponse : C ✅

La Logique : Apre ekspresyon “Hay que” (li nesesè pou), nou toujou itilize vèb la nan fòm enfinitif li. Kidonk: “hacer”.

#10. (Egzamen Jiyè 2012) Escribe el adjetivo derivado de: Sinceridad.

La Réponse : B ✅

La Logique : “Sinceridad” se kalite yon moun ki “sincero” (sensè).

#11. (Egzamen Jiyè 2013) Mi padre (ser: presente de indicativo) _______ ingeniero.

La Réponse : es ✅

La Logique : “Mi padre” se li (él). Konjigezon vèb ser nan prezan pou él se “es”.

#12. (Egzamen Jiyè 2022) La primera comida del día es el …………

La Réponse : B ✅

La Logique : Premye manje nan jounen an rele “desayuno” (dejene).

#13. (Egzamen Jiyè 2023). _______ árbol que vemos a lo lejos es un manguero.

La Réponse : A ✅

La Logique : Nou itilize adjektif demonstratif “aquel” pou nou pale de yon bagay ki lwen ni moun k ap pale a, ni moun k ap koute a. Fraze la di “a lo lejos” (nan lwen), kidonk se “aquel” ki kòrèk.

#14. (Egzamen Jiyè 2020) El hermano de Julio ………… bien.

La Réponse : B ✅

La Logique : “El hermano de Julio” se li (él). Konjigezon vèb cantar nan prezan pou él se “canta”.

#15. (Egzamen Jiyè 2013) Necesito una píldora, voy a la …………

La Réponse : A ✅

La Logique : Lè yon moun bezwen grenn medikaman (píldora), li ale nan “farmacia” (famasya).

#16. (Egzamen Jiyè 2015) Nosotros ………… beber leche cada día.

La Réponse : C ✅

La Logique : Konjigezon vèb deber nan prezan pou “nosotros” fini nan -emos.

#17. (Egzamen Jiyè 2012) Luis me llama siempre ________ teléfono.

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Règ la di : Lè n ap pale de yon mwayen kominikasyon oswa transpò, nou itilize prepozisyon “por”.
  • Teknik : Nou di “por teléfono”, “por radio”, “por avión”.

#18. (Egzamen Jiyè 2012) Tú estudiaste en Francia, ¿verdad?

La Réponse : B ✅

La Logique : Pou nou di yon moun te etidye nan yon peyi, nou itilize prepozisyon “en” ki endike kote a.

#19. (Egzamen Jiyè 2023) ¿Cuál es el sustantivo derivado del adjetivo “Triste”?

La Réponse : D ✅

La Logique : Yon “sustantivo derivado” se yon non ki soti nan yon lòt mo. Pou adjektif “triste”, non ki koresponn avè l la se “tristeza” (tristès).

#20. El profesor es ………… España.

La Réponse : de

La Logique : Prepozisyon “de” a sèvi pou endike orijin oswa kote yon moun soti.

Lè nou di “es de España”, sa vle di pwofesè a se moun peyi Espay.

#21. Este bolígrafo es _______ .

La Réponse : B ✅

La Logique :

Lè nou vle di yon bagay se pou nou nan fen yon fraz san nou pa repete non objè a, nou itilize pwonon posesif la. “Mío” vle di “pa m”. (Remak: “mi” toujou devan yon non, pa egzanp: mi bolígrafo).

#22. (Egzamen Jiyè 2011) Ellos no me ________ nada.

La Réponse : A
La Logique :
  • Règ la di : Pou vèb ki fini nan -IR nan prezan (Prezente de Indicativo), teminezon pou twazyèm peson pliryèl la (Ellos/Ellas) se toujou -en.
  • Teknik : Vèb “decir” la gen yon chanjman nan rasin li (e -> i), sa nou rele vocalic change. Kidonk, “dec-” vin “dic-” + “-en” = dicen.

#23. Identifica la palabra que pertenece al “Aula”:

La Réponse : B ✅

La Logique : Yon “examen” (egzamen) se yon bagay ki fèt nan yon klas (aula). Lòt yo se kote nou jwenn nan yon vil.

#24. Hace falta que ustedes (escribir) _______ todos los ejercicios.

La Réponse : C ✅

La Logique : Estrikti “Hace falta que…” mande pou nou itilize mòd Subjuntivo. Pou pwonon “ustedes”, vèb la fini nan “-an”, sa ki bay “escriban”.

#25. (Egzamen Jiyè 2014) Anoche ………… mucho.

La Réponse : A ✅
La Logique : “Anoche” vle di yè swa. Se yon aksyon ki fini nèt nan pase. Kidonk, nou itilize Pretérito Indefinido vèb llover a, ki se “llovió”.

#26. Juna está ……….. casa.

La Réponse : en ✅

La Logique : Prepozisyon “en” sèvi pou endike kote yon moun ye (lokalizasyon). “En casa” vle di “nan kay la”.

#27. (Egzamen Jiyè 2022) Él va a hacer _______ tarea.

La Réponse : C ✅

La Logique : “Tarea” se yon non sengilye. Adjektif posesif ki mache ak li pou di “pa li” se “su”.

“Sus” ta itilize si se te “tareas” (pliryèl).

#28. Juliana es la muchacha _______ madre es mexicana.

La Réponse : D ✅

La Logique : Nou itilize “cuya” (ki se yon pwonon relatif posesif) paske l ap pale de manman Juliana. “Cuya” mache ak “madre” ki se feminen sengilye.

#29. (Egzamen Jiyè 2023) Tú y yo ________ juntos.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Règ la di : Lè sijè a se “Tú y yo” (Ou menm ak mwen), sa ekivalan ak pwonon Nosotros (Nou).
  • Teknik : Konjigezon vèb estar nan prezan pou nosotros se estamos.

#30. (Egzamen Jen 2016) Juan saca buenas notas, pero Mario saca ………… notas.

La Réponse : B ✅
La Logique : Kontrè adjektif “buenas” (bon) se “malas” (move).

#31. (Egzamen Jiyè 2013) ¿A qué hora _______ la clase de español?

La Réponse : B ✅

La Logique : Pou nou mande nan ki lè yon evènman (tankou yon klas) ap fèt, nou toujou itilize vèb ser. “Es” se fòm sengilye ki mache ak “la clase”.

#32. (Egzamen Jiyè 2014) El antónimo de “cerca de” es …………

La Réponse : C ✅

La Logique : “Cerca de” vle di “toupre”. Kontrè li se “lejos de” ki vle di “lwen”.

#33. (Egzamen Jiyè 2011) Juna está ………… casa.

La Réponse : C ✅

La Logique : Pou nou di kote yon moun ye, nou itilize prepozisyon “en” (nan).

#34. Selecciona la palabra relacionada con “Limpieza”

La Réponse : C ✅

La Logique : “Jabón” ki vle di (savon) se yon bagay nou sèvi pou nou fè netwayaj oswa pwòpte nou benyen.

Lòt mo yo gen rapò ak tan oswa fòs.

#35. Para ver una película vamos al _______.

La Réponse : B ✅

La Logique : Yon moun ale nan “cine”  ki vle di (sinema) pou li gade yon fim .

e fim vle di (película

#36. (Egzamen Jiyè 2012) Ella es ………… hermosa como su prima.

La Réponse : A ✅

La Logique : Pou nou fè yon konparezon egalite ak yon adjektif (hermosa), nou itilize estrikti “tan + adjektif + como”.

Sa vle di li bèl menm jan ak kouzen li an.

#37. (Egzamen Jiyè 2023) ¿Cuál es el sustantivo derivado del adjetivo “Limpio”?

La Réponse : C ✅

La Logique : Yon non “derivado” se yon mo ki soti nan yon lòt. Nan panyòl, anpil adjektif tounen non lè nou ajoute sifiks -eza.

“Limpio” (pwòp) bay “limpieza” (pwòpte).

#38. ¿Cuál es el sustantivo derivado de “Estudioso”?

La Réponse : B ✅

La Logique : “Estudioso” (yon moun ki renmen etidye) soti nan mo “estudio” (etid).

#39. (Egzamen Out 2010) Identifica la palabra que no está relacionada: limón / aguacate / zanahoria / libro.

La Réponse : D ✅

La Logique : “Limón” (sitwon), “aguacate” (zaboka), ak “zanahoria” (karòt) se tout bagay moun manje (fwi oswa legim). “Libro” (liv) se yon bagay pou moun li, li pa gen rapò ak manje yo.

#40. (Egzamen Jiyè 2013) Tiene un lápiz corto, él quiere tener un lápiz …………

La Réponse : A ✅

La Logique : Kontrè (antónimo) mo “corto” (kout) se “largo” (long).

#41. Él va a hacer ________ tarea.

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Règ la di : Adjektif posesif la dwe akòde nan kantite (sengilye/pliryèl) ak bagay moun nan genyen an.
  • Teknik : Mo “tarea” se sengilye. Kidonk, nou itilize su. Si se te “tareas”, nou ta itilize “sus”

#42. Ella (tener: imperfecto de indicativo) ________ una voz bonita.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Règ la di : Nan tan Imperfecto, vèb ki fini nan -er oswa -ir yo pran terminasyon -ía pou twazyèm pesonn sengilye a.
  • Teknik : Tener -> tenía. Tan sa a sèvi pou dekri karakteristik nan tan pase.

#43. (Egzamen Out 2010) Relaciona: Guanábana y papaya son …………

La Réponse : A ✅

La Logique : Korosòl (guanábana) ak papay (papaya) se nan kategori “fruta” (fwi) yo ye.

#44. Vamos a jugar _______ fútbol mañana.

La Réponse : C ✅

La Logique : Nan espanyòl, lè n ap pale de jwe yon spò, nou itilize “a + el”, sa ki bay kontraksyon “al”. Kidonk: “jugar al fútbol”.

#45. (Egzamen Jen 2013) Una ………… es una porción de tierra rodeada por agua.

La Réponse : C ✅

La Logique : Yon moso tè ki antoure ak dlo nèt rele yon “isla” (yon zile).

#46. Selecciona la palabra que pertenece a “Alimentos”

La Réponse : B ✅

La Logique : “Pescado” ki vle (pwason) se yon bagay moun manje. Falda ak camisa se rad.

#47. Ellos nos (comprar) ________ una casa. (Futuro de Indicativo),

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Règ la di : Pou nou fòme tan fiti (Futuro de Indicativo), nou pran vèb la nan fòm enfinitif li (comprar) epi nou ajoute teminasyon ki koresponn ak sijè a.
  • Teknik : Pou “Ellos”, terminasyon an se -án. Kidonk: comprar + án = comprarán.

#48. Los reyes se sientan con las _______.

La Réponse : B ✅

La Logique : Feminen mo “rey” (wa) se “reina” (rèn). Pliryèl la se “reinas”.

#49. (Egzamen Out 2010) Perdona, ¿(saber, tú) ………… a qué hora sale el autobús?

La Réponse : B ✅

La Logique : Y ap pale ak yon moun nan dezyèm moun sengilye “tú”. Konjigezon vèb saber nan prezan pou “tú” se sabes.

#50. (Egzamen Jiyè 2012) A Isabel ________ gustan chocolate y pan.

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Règ la di : Vèb gustar mande yon pwonon objè endirèk (me, te, le, nos, os, les).
  • Teknik : “Isabel” se yon twazyèm pesonn sengilye (ella). Pwonon ki koresponn avè l la se le.

#51. (Egzamen Out 2010) Reemplaza el objeto directo por un pronombre: Escribid la carta.

La Réponse : A ✅
La Logique : “La carta” se yon objè dirèk feminen sengilye, pwonon li se “la”. Nan fòm kòmandman (imperativo) tankou “Escribid”, pwonon an kole nan dèyè vèb la, sa ki bay “Escribidla”.

#52. (Egzamen Jiyè 2022) Escoge el sinónimo de la palabra “Despertarse”:

La Réponse : D ✅

La Logique : Lè yon moun reveye (despertarse), aksyon ki swiv li se leve nan kabann nan ki se (levantarse).

Nan kontèks lekòl, yo souvan itilize yo kòm sinonim pou aksyon kòmanse jounen an.

#53. (Egzamen Jiyè 2023) Este muchacho es _______ Haití.

La Réponse : B ✅

La Logique : Nan panyòl, pou nou di kote yon moun soti oswa nasyonalite li, nou itilize prepozisyon “de”. “Es de Haití” vle di “li soti Ayiti”.

#54. ¿Cuál es el adjetivo femenino de “Generosidad”?

La Réponse : B ✅

La Logique : Pou nou jwenn adjektif la, nou gade rasin mo a. “Generosidad” bay adjektif “generoso” (maskilen) ak “generosa” (feminen).

#55. (Egzamen Out 2010) María _______ triste.

La Réponse : B ✅

La Logique :

Nan lang panyòl, nou itilize vèb “estar” pou nou pale de yon eta emosyonèl oswa yon santiman ki ka chanje (tristès se pa yon kalite pèmanan).

 

“Está” se fòm kòrèk, men pou twazyèm pèsòn sengilye (él/ella).

#56. (Egzamen Jiyè 2014) Alfred y yo ………… a las cinco y media.

La Réponse : A ✅

La Logique : Pou “Alfred y yo” (nosotros), vèb refleksif la dwe gen pwonon “nos” epi fini nan -amos.

#57. (Egzamen Jen 2018) Nosotros ………… al aeropuerto con Octavio.

La Réponse : C ✅

La Logique : Vèb ir nan fiti (Futuro) pou “nosotros” se “iremos”.

#58. (Egzamen Jiyè 2012) Esos autos son caros, pero aquéllos son _______.

La Réponse : B ✅

La Logique : Kontrè mo “caros” (chè) se “baratos” (bon mache).

#59. (Egzamen Jiyè 2015) Hace falta hacer ………… tareas de casa.

La Réponse : C ✅

La Logique : “Tareas” se yon non feminen pliryèl. Adjektif posesif ki mache avè l la se “sus” (travay pa yo oswa travay pa l).

#60. (Egzamen Jen 2013) A los niños ………… comer las piñas.

La Réponse : C ✅

La Logique : Atansyon! Malgre “los niños” se pliryèl, se sa yo renmen an ki detèmine si vèb la ap nan pliryèl.

Yo renmen “comer” (manje), ki se yon enfinitif. Lè se yon vèb oswa yon bagay sengilye moun nan renmen, nou itilize “gusta” (sengilye). Pwonon an se “les” paske se “yo” (niños).

#61. (Egzamen Jiyè 2012) Yo no ………… vivir en aquella ciudad.

La Réponse : A ✅
La Logique : Vèb la se poder (kapab). Pou premye moun sengilye “Yo”, vèb la chanje soti nan “o” pou l tounen “ue”. Konjigezon an se “puedo”.

#62. (Egzamen Jiyè 2022) Escoge el sinónimo de la palabra “Cansado”:

La Réponse : B ✅

La Logique : Yon sinonim se yon mo ki gen menm sans. “Cansado” vle di fatige, epi “fatigado” se yon lòt mo ki vle di menm bagay la nan panyòl.

#63. Arregla la _______; tengo sueño.

La Réponse : C ✅

La Logique : Si yon moun gen dòmi (tengo sueño), li dwe ranje kabann li (la cama).

#64. (Egzamen Jen 2018) Las niñas ………… en el mar.

La Réponse : A ✅

La Logique : “Las niñas” se twazyèm pèsòn pliryèl (ellas). Vèb refleksif bañarse nan prezan bay “se bañan”.

#65. (Egzamen Jiyè 2020) Esta mesa ………… pesada.

La Réponse : A ✅

La Logique : Pou nou pale de yon karakteristik pèmanan yon bagay (pwa yon tab), nou itilize vèb ser. Pou “esta mesa”, li tounen “es”.

#66. (Egzamen Jiyè 2023) ¿Cuál es el sustantivo derivado del adjetivo “Débil”?

La Réponse : B ✅

La Logique : Menm jan ak kesyon anvan an, pou adjektif “débil” (febli), non an se “debilidad” (feblès). Sifiks -idad la sèvi souvan pou kreye non apati adjektif.

#67. Tu jardín es más bonito que _______ vecino

La Réponse : A ✅

La Logique : “Del” se kontraksyon “de + el”. Nan fraz sa a, l ap di jaden an pi bèl pase jaden “pa vwazen an” (del vecino).

#68. (Egzamen Jiyè 2015) Puerto Príncipe es una _______ ciudad.

La Réponse : B ✅

La Logique :

“Gran” se yon fòm kout (apócope) pou adjektif “grande” lè li devan yon non sengilye.

Sa vle di “Pòtoprens se yon gwo vil”.

#69. (Egzamen Jiyè 2013) Visitamos el _______ nacional.

La Réponse : A ✅

La Logique : Pami mo yo bay yo, se sèl “museo”  ki vle di  (mize) ki fè sans nan kontèks vizite yon kote “nasyonal” pou kilti.

#70. (Egzamen Jen 2017) . A mí ………… gustan estos programas.

La Réponse : C ✅

La Logique : Pou premye Pèsòn singilye “A mí”, pwonon ki mache ak vèb gustar la se toujou “me”.

#71. (Egzamen Jiyè 2022) ¿En qué tiempo está el verbo “Comprendemos”?

La Réponse : C ✅

La Logique : Terminasyon “-emos” nan vèb “Comprender” montre aksyon an ap fèt kounye a (Presente

#72. (Egzamen Jen 2013) llos nos (comprar) _______ una casa (futuro de ind).

La Réponse : B ✅

La Logique : Nan tan fiti (Futuro), terminasyon pou “ellos” se -án. Kidonk, vèb comprar a bay “comprarán”.

#73. Ella me (preguntar) _______ cómo es mi casa

La Réponse : C ✅

La Logique : Konjigezon vèb preguntar nan prezan pou “Ella” se “pregunta”.

#74. (Egzamen Jiyè 2023) Préstame el aparato …………

La Réponse : D ✅

La Logique : Nou itilize “tuyo” ki se yon pwonon posesif lè nou vle di “pa ou a”.

“Tu” (san aksan) se yon adjektif ki ta dwe devan yon non (ex: tu aparato), men kòm li nan fen fraz la, nou itilize tuyo.

#75. Catalina es de Cuba, ahora vive _______ Pétion-Ville, Haití.

La Réponse : C ✅

La Logique : Prepozisyon “en” sèvi pou endike kote yon moun rete oswa kote li ye nan moman an. Nou di “vive en Pétion-Ville”.

#76. (Egzamen Jiyè 2013) María y tú, ………… habláis muy bien el italiano.

La Réponse : A ✅

La Logique : Nan peyi Espay, “María y tú” ekivalan ak “vosotros” (nou menm). Nou konnen se li paske vèb la fini nan -áis (habláis).

#77. ¿Cuál es el adjetivo femenino de “Bondad”?

La Réponse : B ✅

La Logique : “Bondad” ki vle di (bonte) bay adjektif “bondadosa”  ki vle di (ki gen bonte) pou yon fi oswa yon bagay feminen.

#78. ¿________ alumnos hay en la sala? 10 alumnos.

La Réponse : Cuántos
La Logique :
  • Règ la di : Pou nou mande yon kantite, nou itilize mo interrogatif Cuánto/a/os/as. Li dwe akòde ak non ki vin apre a.
  • Teknik : “Alumnos” se maskilen pliryèl, kidonk nou chwazi Cuántos.

#79. . Escribe una palabra de la misma familia que tenga ‘cc’ o ‘ct’: Producir.

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Règ la di : Nan lang panyòl, gen yon relasyon ant vèb ki gen “uc” ak non ki gen “ct”.

 

  • Teknik : Rasin “produc-” bay non an producto.

#80. Identifica el miembro de la “Familia”:

La Réponse : C ✅

La Logique : Yon “nieta”  ki se (pitit pitit fi) se yon moun ki nan yon fanmi. Lòt yo se objè oswa bri.

#81. (Egzamen Jiyè 2013) ¿Cuántas escuelas ………… en este pueblo?

La Réponse : A ✅

La Logique : Vèb “hay” (ki soti nan vèb haber) sèvi pou endike egzistans yon bagay. Li vle di “genyen”.

#82. (Egzamen Jiyè 2012) Reemplaza la palabra “grande” por su antónimo: Esta casa es muy grande.

La Réponse : C ✅

La Logique : Antónimo vle di mo kontrè. Kontrè “grande” (gran/gwo) se “pequeña” (piti).

#83. ¿Cuál es el sustantivo derivado de “Maravilloso”?

La Réponse : A ✅

La Logique : “Maravilloso” (mèvèye) soti nan non “maravilla” (mèvèy).

#84. (Egzamen Jiyè 2012) Escribe un sustantivo derivado de: Participar.

La Réponse : B ✅

La Logique : Non ki soti nan vèb “participar” se “participación” (patisipasyon). Sifiks -ción la sèvi pou kreye non apati vèb.

#85. (Egzamen Jiyè 2019) ¿………… vas? Voy a la escuela.

La Réponse : C ✅

La Logique : Lè n ap mande destinasyon (ki kote w prale), nou itilize “A dónde”.

#86. (Egzamen Jiyè 2012) Escoge el sujeto que corresponde: _______ nací en 1998.

La Réponse : C ✅

La Logique : Vèb la se “nací”, ki fini nan “-í”. Sa se konjigezon tipik pou premye pèsòn sengilye (Yo) nan tan pase (Indefinido).

#87. Pablo es ………… inteligente ………… su primo.

La Réponse : más / que

 

La Logique : Estrikti “más + adjektif + que” sèvi pou fè konparezon siperyorite.

Li vle di Pablo gen plis entelijans pase kouzen li.

#88. . Luis es muy alto, pero su primo es _______.

La Réponse : A ✅

La Logique : Kontrè (antónimo) mo “alto” (wo/gran) se “bajo” (kout/piti).

#89. (Egzamen Jiyè 2013) Dar el verbo derivado del adjetivo siguiente: Cuidadoso.

La Réponse : A ✅

La Logique : Vèb ki bay adjektif “cuidadoso” a se vèb “cuidar” (pran swen).

#90. (Egzamen Jiyè 2012) Andrés es el muchacho ________ madre es profesora.

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Règ la di : Pwonon relatif cuyo/cuya sèvi pou montre posesyon. Li dwe toujou akòde nan jan (maskilen/feminen) ak non ki vin apre a, pa ak moun ki mèt bagay la.
  • Teknik : Mo ki vin apre a se “madre” (feminen sengilye), kidonk nou chwazi cuya.

#91. (Egzamen Jen 2016) ………… las diez de la mañana cuando llegué.

La Réponse : A ✅

La Logique : Lè n ap bay lè nan tan pase (Imperfecto), nou itilize “Eran” pou nenpòt lè ki plis pase “una”.

#92. (Egzamen Jiyè 2012) Anoche las chicas _______ al escondido (jugar).

La Réponse : B ✅

La Logique : “Anoche” (yè swa) mande pou nou itilize Pretérito Indefinido. Pou “las chicas” (ellas), vèb jugar la tounen “jugaron”.

#93. ¿Cuál es el adjetivo femenino de “Riqueza”?

La Réponse : C ✅

La Logique : “Riqueza” ki vle di (richès) bay adjektif “rica” pou yon fi oswa yon bagay feminen.

#94. Identifica la palabra que no está relacionada con el grupo: pluma / lápiz / aguacate / goma.

La Réponse : C ✅
La Logique : “Pluma” (plum), “lápiz” (kreyon), ak “goma” (gonm) se materyèl lekòl. “Aguacate” (zaboka) se yon fwi, kidonk li pa nan menm kategori ak lòt yo.

#95. (Egzamen Jiyè 2022) A Manuel ………… gustan los animales.

La Réponse : D ✅

La Logique : Vèb gustar mande pou nou itilize yon pwonon objè endirèk (me, te, le, nos, os, les). Pou yon twazyèm pèsòn sengilye tankou “Manuel”, nou itilize “le”.

#96. (Egzamen Jiyè 2012) Escoge el sujeto que corresponde: _______ somos amigos.

La Réponse : D ✅

La Logique : Vèb la se “somos”, ki se premye pèsòn  pliryèl (nosotros). Nan opsyon yo, se sèl “Carlos y yo” ki ekivalan ak “nosotros”.

#97. (Egzamen Jiyè 2022) Escoge el sinónimo de la palabra “Atentamente”:

La Réponse : A ✅

La Logique : “Atentamente” vle di fè yon bagay ak atansyon oswa swen. “Cuidadosamente” vle di menm bagay la (ak swen).

#98. (Egzamen Jiyè 2011) ¿Cuál es el sufijo apropiado para “Padre”?

La Réponse : D ✅

La Logique : Pou fè yon mo vin piti oswa pou montre afeksyon (diminutivo), nou ajoute -cito nan mo ki fini nan “e”. “Padre” vin tounen “padrecito”.

#99. (Egzamen Jen 2016) Ella está ………… cansada.

La Réponse : A ✅

La Logique : Pou nou ogmante entansite yon adjektif (cansada – fatige), nou itilize advèb “muy” (trè).

#100. (Egzamen Jiyè 2012) Escribe el adjetivo derivado de: Amabilidad.

La Réponse : A ✅

La Logique : “Amabilidad” se kalite yon moun ki “amable” (janti).

#101. Selecciona la palabra relacionada con “Tiempo”

La Réponse : C ✅

La Logique : “Anoche” ki vle di (yè swa) se yon mo ki endike yon moman nan tan. e yo te mande pou nou bay mo ki nan kategori tan

Lòt mo yo se objè (chapo, machin pou lave, miray).

#102. (Egzamen Jiyè 2014) A ti ………… gusta el volibol.

La Réponse : D ✅

La Logique : Estrikti fiks pou vèb gustar la ak “ti” se toujou “A ti te gusta”.

#103. (Egzamen Jiyè 2023) Tengo que ………… al tocar el piano.

La Réponse : A ✅

La Logique :

Apre estrikti “Tengo que” (mwen dwe), vèb ki vin apre a dwe toujou nan fòm enfinitif li (vèb ki fini nan -ar, -er, oswa -ir). Kidonk, nou itilize aprender.

#104. (Egzamen Jiyè 2022) La que está más en contacto con el paciente es la _______.

La Réponse : D ✅

La Logique : Pami opsyon yo bay yo, se sèl “enfermera” (enfimyè) ki se yon moun ki travay ak pasyan nan lopital. Lòt yo se manje oswa objè.

#105. Selecciona la palabra que pertenece a “Vestidos”

La Réponse : B ✅
La Logique : Yon “falda” ki vle di (jip) se yon kalite rad. Lòt yo se manje (ñame, plátano) oswa fenomèn lanati (lluvia).

#106. Para ir allá se pasa _______ esta avenida.

La Réponse : A ✅



La Logique : Prepozisyon “por” sèvi pou montre kote yon moun pase (chemen). “Pasar por la avenida” vle di pase nan avni an.

#107. Identifica la palabra que pertenece a la “Ciudad”:

La Réponse : C ✅

La Logique : Yon “avenida” (avni) se yon lari ki nan yon vil. Lòt mo yo (pizarra, tiza, pupitre) se bagay nou jwenn nan yon klas (aula).

#108. El avión viaja por el _______ mientras que el barco viaja por el mar.

La Réponse : C ✅

La Logique : Sa se yon kesyon lojik vokabilè. Avyon vwayaje nan “aire” (lè/syèl), bato vwayaje nan dlo.

#109. (Egzamen Out 2010) ¿Me (poder) _______ usted decir dónde está la catedral?

La Réponse : B ✅

La Logique : Vèb la dwe konjige ak pwonon “usted” (fòm respè). Nan prezan, vèb poder la chanje “o” a an “ue”, sa ki bay “puede”.

#110. (Egzamen Jiyè 2015) ¿A dónde (ir) _______ a vivir esas personas el año que viene? (futuro).

La Réponse : A ✅

La Logique : “El año que viene” ki vle di  (lane pwochèn) mande pou nou itilize tan fiti.

Pou “esas personas” (ellos), vèb ir la bay “irán”.

#111. María prepara la comida en el restaurante. Ella es una buena _______.

La Réponse : C ✅

La Logique : Yon fi ki prepare manje kòm pwofesyòn rele “cocinera” (kizinye).

#112. (Egzamen Jiyè 2022). Identifica la terminación de la forma verbal “Cantaré”

La Réponse : B ✅

La Logique : Nan tablo analiz vèbal ki nan egzamen an, yo mande “terminación” vèb la. Pou “Cantaré” ki vle di ( m ap chante), pati ki chanje a pou montre se fiti se

#113. (Egzamen Jiyè 2022) ¿………… alumnos hay en la sala? 10 alumnos.

La Réponse : A ✅

La Logique : Mo “Cuántos” sèvi pou poze kesyon sou kantite (konbyen). Kòm “alumnos” se yon non maskilen pliryèl, nou itilize fòm maskilen pliryèl la tou.

#114. (Egzamen Jen 2013) Hace falta que tú (irse) _______ (pres. de subj).

La Réponse : B ✅

La Logique : Estrikti “Hace falta que…” mande pou nou itilize mòd Subjuntivo. Pou “tú”, vèb irse a tounen “te vayas”.

#115. (Egzamen Jen 2013) La hermana de mi mujer es mi _______.

La Réponse : cuñada ✅

La Logique : Estrikti “acabar de + enfinitif” sèvi pou di yon aksyon ki fèk sot fèt. “Acabamos de jugar” vle di nou fèk sot jwe ….

#116. (Egzamen Jiyè 2012) Ella (tener: imperfecto) _______ una voz bonita.

La Réponse : B ✅

La Logique : Tan Imperfecto vèb ki fini nan -er oswa -ir yo toujou pran terminasyon -ía. Pou “ella”, vèb tener tounen “tenía”.

#117. (Egzamen Jiyè 2014) ¿Cuál es el plural de la frase “Tú te levantas”?

La Réponse : B ✅

La Logique : Pliryèl dezyèm pÈsonn sengilye “Tú” a se “Ustedes”.

Vèb la chanje pou l fini nan “-an” epi pwonon refleksif la tounen “se”. Donk: “Ustedes se levantan”

#118. . (Egzamen Jiyè 2012) Escribe un sustantivo derivado de: Escribir

La Réponse : B ✅

La Logique : “Escritura” (ekriti) se non ki soti nan vèb “escribir”.

#119. (Egzamen Jiyè 2012) Escribe el adjetivo derivado de: Pobreza.

La Réponse : C ✅

La Logique : “Pobreza” (pòvreté) se eta yon moun ki “pobre” (pòv).

#120. (Egzamen Jiyè 2014) El hermano de mi padre es mi …………

La Réponse : B ✅

La Logique : Frè papa w se tonton w, ki di “tío” nan lang panyòl.

#121. Mis amigos no me (decir) _______ la verdad ayer.

La Réponse : B ✅

La Logique : Y ap pale de yon bagay ki te pase “ayer” (yè). Pou “Mis amigos” (ellos), vèb decir la bay “dijeron” nan tan pase.

#122. (Egzamen Jen 2013) Hace falta que tú (irse) ________ .

La Réponse : B ✅ La Logique :
  • Règ la di : Lè yon fraz kòmanse ak yon ekspresyon enpèsonèl ki endike nesesite oswa volonte tankou “Hace falta que…”, vèb ki vin apre a dwe toujou nan mòd Subjuntivo.

 

  • Teknik : Pou vèb “ir” la, Subjuntivo a se “vaya”. Kòm se yon vèb refleksif (irse) ak sijè “tú”, nou mete pwonon “te” a devan, sa ki bay te vayas.
Anvan
Fini
Scroll to Top