apojeakademy

FRANCAIS QUIZZ 9AF

 
KÒMANSE QUIZ LA

Rezilta yo

 Gramè – Style Indirect (Sous: Juillet 2018) 

#1. Transformez au style indirect la phrase suivante : Le professeur nous a avertis : « Ne parlez pas tous en même temps ».

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Lè yon moun ap bay yon lòd (vèb la nan enperatif : “Ne parlez pas”), pou w rapòte sa li di a nan style endirèk, ou dwe sèvi ak mo “de” (oswa “d’”) epi mete vèb la nan enfinitif (parler).

  • Règle  : Dans le passage du style direct au style indirect, l’impératif se transforme en “de + infinitif”.

  • Teknik : Toujou chèche si fraz ki nan gimè yo se yon lòd. Si se yon lòd, repons lan dwe genyen “de” + vèb ki pa konjige a(Infinif).

Gramè – Pronom Relatif (Sous: Juillet 2018) 

#2. Complétez la phrase avec le pronom relatif correct : « Tu connais le nom de l’auberge ……….. ils ont dormi. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Nou sèvi ak “où” la paske l ap ranplase yon kote ki se (l’auberge). Nou ka di : Yo te dòmi “dans l’auberge”. Lè se yon kote, se “où” ki pronom nan.

  • Règle : Le pronom relatif “où” est utilisé pour remplacer un complément circonstanciel de lieu ou de temps.

  • Teknik : Ranplase pwen yo pa “nan kote sa a” (dans ce lieu). Si sa mache, se “où” pou w mete.

  • Poukisa lòt yo pa bon :Que” ranplase yon COD. “Qui” ranplase yon sijè. “Dont” ranplase yon konpleman ki kòmanse ak “de”.

Otograf – Participe Passé (Sous: Juillet 2018) 

#3. Écris correctement le participe passé entre parenthèses : « Elles ont été (surprendre) ……….. en train de copier. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon: la, vèb la nan “voix passive” (ont été). Lè gen oksilyè “être”, participe passé a dwe toujou fè akò ak sijè a.

Sijè a se “Elles” (feminen, pliryèl), donk nou mete “es” nan fen “surpris”.


  • Règle : Le participe passé employé avec l’auxiliaire “être” s’accorde en genre et en nombre avec le sujet du verbe.

  • Teknik : Depi w wè “être” (oswa “été”), gade sijè ki nan kòmansman an. Si se fi (elles), mete “e”. Si yo, anpil , mete “s”.

Gramè – Voix Active / Passive (Sous: Juillet 2021)  :

#4. Transformez à la voix active : « Les émissions de jeux étaient regardées par les petits et les grands. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Lè n ap pase soti nan voix passive pou n al nan voix active, nou dwe kenbe menm tan vèb la. Nan fraz la, vèb “être” a (étaient) nan Imparfait. Donk, vèb “regarder” a dwe ale nan Imparfait tou (regardaient).

  • Règle  : À la voix active, le verbe se conjugue au même temps que l’auxiliaire “être” de la voix passive.

  • Teknik : Gade nan ki tan vèb “être” (suis, étais, serai, etc.) konjige. Chwazi opsyon kote vèb prensipal la nan menm tan sa a.

Vokabilè – Kontrè / Antonyme (Sous: Juillet 2023)  :

#5. Quel est l’antonyme du mot « sincérité » ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon: “Sincérité” vle di di laverite oswa aji san kache anyen. Kontrè li (antonyme) se lè yon moun ap fè sanblan, sa nou rele “hypocrisie”.

  • Definisyon : L’antonyme est un mot dont le sens est opposé à celui d’un autre.

  • Teknik : Pa konfonn “synonyme” (menm sans) ak “antonyme” (sans kontrè).

  • Poukisa lòt yo pa bon : A, B, ak D se sinonim oswa mo ki gen rapò ak sans “sincérité” a.

Vokabilè – Antonyme (Sous: Juillet 2023) : 

#6. Trouvez l’antonyme du mot « chétif » :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Mo “chétif” la vle di yon moun oswa yon bèt ki frajil, ki pa gen anpil fòs, ki parèt maladif.

  • Eksplikasyon  : Nan egzamen an, yo  ka mande “antonyme”, sa vle di mo ki gen sans kontrè a. Si yon moun “chétif” (frajil), kontrè li se yon moun ki gen anpil fòs ak sante, sa nou rele “vigoureux”.

  • Règle  : L’antonyme est un mot dont le sens est opposé à celui d’un autre.

  • Teknik : Lè yo ba ou yon mo pou ou jwenn kontrè a, gade si li pozitif oswa negatif. “Chétif” se yon mo ki gen yon sans negatif (feblès). Donk, chèche yon opsyon ki gen yon sans pozitif (fòs).

  • Poukisa lòt yo pa bon : A, B, ak D se sinonim mo “chétif” la, yo tout vle di moun nan pa gaya.

Gramè – Pronom Relatif (Sous: Juillet 2023) :

#7. Complétez la phrase : « Ariane a choisi la solution ……….. lui paraissait meilleure. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Fraz la vle di : “Ariane chwazi solisyon ki te parèt pi bon pou li a”.

  • Eksplikasyon  : Nou sèvi ak “qui” paske mo k ap manke a se sijè vèb “paraissait” a.

La Pou nou jwenn sijè vèb la nou poze kesyon ,kisa ki ,kiyes ki .donk la nou poze kesyon ,Ki sa k te parèt pi bon an? Se “la solution” (sijè a).


  • Règle (en français) : Le pronom relatif “qui” remplace le sujet du verbe qui le suit.

  • Teknik : Gade mo ki vin touswit apre pwen yo. Si se yon vèb tankou (paraissait), ou bezwen yon sijè, donk chwazi “Qui”.

Gramè – Style Indirect (Sous: Juillet 2018) :

#8. Transformez au style indirect : Le professeur nous a avertis : « Ne parlez pas tous en même temps ».

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Pwofesè a ban nou yon lòd, li di nou: “Pa pale tout an menm tan”.

  • Eksplikasyon : Lè w ap rapòte yon lòd (vèb nan enperatif), “Ne parlez pas” vin tounen “de ne pas parler”. Nou itilize “de” plis vèb la nan enfinitif.

  • Règle : À l’impératif, le passage au style indirect se fait en utilisant “de + infinitif”.

  • Teknik : Depi gen yon lòd oswa yon konsèy nan gimè yo (« … »), chèche opsyon ki gen “de” ak yon vèb ki fini nan -er, -ir, oswa -re (enfinitif).

Otograf – Participe Passé (Sous: Juillet 2021)  : 

#9. Accordez correctement le participe passé : « La rivière est (détourner) ……….. pour permettre l’irrigation. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Yo chanje direksyon dlo rivyè a pou yo ka wouze jaden.

  • Eksplikasyon : Vèb la akonpaye ak oksilyè “est” (vèb être). Donk, participe passé a dwe fè akò ak sijè a ki se “La rivière”. “La rivière” se feminen senp, donk nou ajoute yon “e” nan fen “détourné”

    .

  • Règle : Le participe passé employé avec l’auxiliaire “être” s’accorde en genre et en nombre avec le sujet.

  • Teknik : Poze tèt ou kesyon sa a : “Ki sa ki détournée a?” Repons lan se “la rivière”. Kòm rivyè se yon “fi” (feminen), mete “e”.

Gramè – Types de phrases (Sous: Juillet 2013) :

#10. À quel type appartient cette phrase : « Pourriez-vous m’accompagner ? »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Moun nan ap mande : “Èske w ka akonpaye m?”.

  • Eksplikasyon : Se yon kesyon y ap poze. Depi gen yon pwen entewogasyon (?) nan fen fraz la, se yon fraz entewogatif.

  • Règle  : La phrase interrogative sert à poser une question et se termine par un point d’interrogation.

  • Teknik : Gade ponktyasyon an nan fen fraz la. Si se “?”, se interrogative. Si se “!”, li ka exclamative oswa injonctive.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A sèvi pou bay enfòmasyon. B sèvi pou bay lòd. D sèvi pou montre sipriz oswa emosyon.

. Vokabilè – Homophones (Sous: Juillet 2023) :

#11. Complétez la phrase avec le mot correct : « Les élèves jouent sur la ……….. de l’école. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Cour” se espas ki nan mitan oswa devan yon lekòl kote timoun yo jwe (lakou).

  • Eksplikasyon  : Mo sa yo pwononse menm jan men yo pa vle di menm bagay. Nan yon lekòl, nou pale de “la cour”.

  • Règle : Les homophones sont des mots qui ont la même prononciation mais des sens et des orthographes différents. “Cour” (nom féminin) désigne un espace découvert.

  • Teknik : Sonje “la cour”  se kote ou jwe. “Le cours” se leson pwofesè a ap bay.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • A) “Cours” se yon leson oswa dlo k ap koule.
  • B) “Court” vle di yon bagay ki pa long (oswa kote yo jwe tennat).
  • D) “Coure” se vèb “courir” nan subjonctif.

Gramè – Pronom Relatif (Sous: Juillet 2022)  : 

#12. Complétez avec le pronom relatif correct : « Que dis-tu de la nouvelle ……….. je t’ai annoncée ? »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Sa w di de nouvèl mwen te anonse w la?”

  • Eksplikasyon : la, nou bezwen yon mo pou ranplase “la nouvelle” kòm Complément d’Objet Direct (COD). Mwen anonse kisa? “La nouvelle”. Lè se yon COD n ap ranplase, nou itilize “Que”.

  • Règle: Le pronom relatif “que” remplace un nom complément d’objet direct (COD).

  • Teknik : Gade vèb ki apre a (ai annoncée). Li gen yon sijè deja (je). Donk ou pa ka mete “qui”. Poze kesyon “Kisa?” apre vèb la: “J’ai annoncé quoi?” -> “La nouvelle”. Se “Que” pou w mete.

  • Poukisa lòt yo pa bon : “Qui” ranplase yon sijè. “Dont” ranplase yon mo ki gen “de”. “Où” ranplase yon kote.

Gramè – Transformation Interro-négative (Sous: Juillet 2022) : 

#13. Transformez la phrase suivante en interro-négative : « Ce coin du pays est très célèbre. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Èske bò isit nan peyi a pa trè popilè?”

  • Eksplikasyon : Yon fraz “interro-négative” se yon kesyon (interrogative) ki gen yon negasyon (ne…pas) ladan l. Nou kòmanse ak vèb la, nou mete sijè a apre, epi nou antoure yo ak “ne…pas”.

  • Règle  : La phrase interro-négative combine l’inversion du sujet (ou “est-ce que”) avec les marques de la négation (ne…pas).

Otograf – Accord de l’adjectif (Sous: Juillet 2023) :

#14. Accordez correctement l’adjectif entre parenthèses : « Un pot en terre (cuit) ……….. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Yon po ki fèt ak tè yo kwit nan fou.

  • Eksplikasyon : Adjektif “cuit” a ap dekri “la terre”, se pa po a li ap dekri. Kòm “terre” se yon mo feminen senp (la terre), nou dwe mete yon “e” nan fen “cuit”.

  • Règle  : L’adjectif qualificatif s’accorde en genre et en nombre avec le nom qu’il qualifie.

  • Teknik : Poze tèt ou kesyon: “Ki sa k kwit la?” Se tè a (la terre). Tè se yon “fi”, donk chwazi “cuite”.

Gramè – Fonction des mots (Sous: Juillet 2014)  :

#15. Quelle est la fonction du mot souligné : « Elle lui demanda un carton garni de fleurs. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Li mande l yon bwat ki plen flè.”

  • Eksplikasyon : “Carton” se repons kesyon “Kisa?”. Li mande kisa? Yon “carton”. Se li ki resevwa aksyon vèb la dirèkteman.

  • Règle (en français) : Le COD répond à la question “Quoi ?” ou “Qui ?” posée après le verbe.

  • Teknik : Di vèb la epi di “Kisa/Quoi?”. Repons lan se COD a.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • “Sujet” se moun k ap fè aksyon an (Elle).
  • “COI” reponn a “À qui?” (lui).
  • “Attribut” vin apre vèb d’état (être, paraître).

Gramè – Pronom Relatif  (Sous: Juillet 2013 -)  : 

#16. Complétez avec le pronom relatif correct : « C’est une politesse ……….. on ne peut se dispenser. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Se yon fòm polistès nou pa ka manke (dispenser).”

  • Eksplikasyon : Nou sèvi ak “dont” paske vèb “se dispenser” a toujou mache ak prepozisyon “de”.

On se dispense DE quelque chose. Lè yon mo ranplase yon konpleman ki gen “de”, se “dont” pou w mete.


  • Règle  : Le pronom relatif “dont” remplace un nom ou un pronom précédé de la préposition “de”.

  • Teknik : Gade vèb ki apre pwen yo. Si se yon vèb ki mande “de” (parler de, se souvenir de, se dispenser de), repons lan se “dont”.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • Que ranplase COD (on dispense quoi?).
  • Qui se pou sijè.
  • se pou kote oswa tan.

Otograf – Homophones “Dès / Des” (Sous: Juillet 2014 -)  :

#17. Complétez la phrase : « ……….. le lever du jour nous partons à la pêche. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Depi solèy la leve, n ap pati al lapèch.”

  • Eksplikasyon :  la, n ap pale de yon tan (depi kilè). Nan fransè, pou w di “depi” (le temps), ou ekri “Dès” ak yon aksan grav sou “e” a.

  • Règle : Dès” est une préposition qui marque le temps ou le point de départ.
  • “Des” est un article défini contracté (de + les) ou un article indéfini pluriel.

  • Teknik : Si w ka ranplase mo a pa “Depuis”, se “Dès” (ak aksan) pou w mete. Si se pliryèl “un” oswa “une”, se “des”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : Des se pou pliryèl (des livres). De se pou montre posesyon oswa orijin.

Vokabilè – Féminin des noms (Sous: Juillet 2013 -) :

#18. Quel est le féminin du nom « Neveu » ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Neveu” se pitit gason frè w oswa sè w. “Nièce” se pitit fi frè w oswa sè w.

  • Eksplikasyon: Gen kèk non an fransè ki chanje nèt lè yo pase nan feminen. Ou pa ka jis mete yon “e” nan fen “neveu”. Li tounen nièce.

  • Règle : Certains noms ont un féminin totalement différent du masculin (ex: oncle/tante, neveu/nièce, homme/femme).

  • Poukisa lòt yo pa bon : Neveuse ak Neveue pa egziste. Cousine se pitit tonton w oswa tant ou.

Gramè – Pronom  (Sous: Juillet 2021 -)  :

#19. Complétez avec le pronom correct : « Du bon vin, il ……….. a encore. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Bon diven, genyen toujou.”

  • Eksplikasyon  : Nou sèvi ak “en” paske l ap ranplase yon kantite ki pa presize (du vin). Mo “en” an ranplase mo ki gen “du”, “de la”, “des” devan yo.

  • Règle  : Le pronom “en” remplace un nom précédé d’un article partitif (du, de la, des) ou d’une notion de quantité.

  • Teknik : Nan ekspresyon “Il y a”, si w ap pale de yon kantite, se “Il y en a” pou w di.

  • Poukisa lòt yo pa bon : Y ranplase yon kote. Le ranplase yon bagay presizé (le vin). Lui ranplase yon moun (à lui).

Vokabilè – Sinonim (Sous: Août 2010 -)  :

#20. Remplacez le verbe « avoir » par un synonyme plus expressif : « Avoir une bonne santé, voilà le secret de la réussite. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Gen yon bòn sante” vle di pwofite oswa benefisye de yon bòn sante.

  • Eksplikasyon : Vèb “Jouir de” pi fò pase vèb “avoir”. Li montre ke se yon avantaj oswa yon plezi ou genyen. “Jouir d’une bonne santé” se fòm ki pi kòrèk la.

  • Règle  : L’utilisation de verbes précis et expressifs (comme jouir de, posséder, disposer de) permet d’éviter la répétition du verbe “avoir”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : Faire (fè), Voir (wè), ak Tenir (kenbe) pa bay sans benefisye de sante a.

Vokabilè – Siyifikasyon Mo (Sous: Juillet 2014)  :

#21. Choisissez le mot qui convient pour définir : « Une phrase qui permet deux interprétations. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Lè yon fraz pa klè, li gen de sans, sa vle di moun ka konprann li nan de fason diferan.

  • Eksplikasyon  : Nan lang fransè, nou di yon bagay konsa “équivoque”. Sa vle di li gen “ambiguïté”.

  • Règle  : Un mot équivoque est un mot ou une expression qui peut s’interpréter de plusieurs manières.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • Corrupteur se moun k ap bay kòripsyon.
  • Incorruptible se moun ou pa ka achte.
  • Univoque se kontrè a, li vle di yon bagay ki gen yon sèl sans ki klè.

Gramè – Konparezon (Sous: Juillet 2014) : 

#22. Complétez la phrase : « ……….. maire de la commune, je vous remercie pour votre donation. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Kòm majistra komin nan, mwen di nou mèsi pou don nou fè a.”

  • Eksplikasyon  : Nou sèvi ak “En tant que” pou nou montre fonksyon oswa tit yon moun genyen lè n ap pale.

  • Règle  : La locution “en tant que” exprime la qualité, la fonction ou le rôle d’une personne.

  • Tèktik : Si pwen yo devan yon tit (pwofesè, doktè, majistra), se prèske toujou “En tant que” pou w mete.

  • Poukisa lòt yo pa bon :  Autant que sèvi pou konpare de bagay ki egal.

Gramè – Cause / Faute (Sous: Juillet 2014) : 

#23. Complétez la phrase : « ……….. patience, il ne gagne jamais. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Paske li manke pasyans, li pa janm genyen.”

  • Eksplikasyon : la, n ap pale de yon bagay ki manke. Ekspresyon “Faute de” vle di “paske yon moun pa genyen yon bagay” (par manque de).

  • Règle : La locution “faute de” exprime la cause liée à un manque ou une absence de quelque chose.

  • Tèktik : Si fraz la montre yon echèk (il ne gagne jamais) paske yon bagay manke, chwazi “Faute de”.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • À cause de se pou yon rezon negatif an jeneral, men li pa fòseman di yon bagay manke.
  • Grâce à se pou yon bagay pozitif.

Otograf – Homophones “Hors / Or” (Sous: Juillet 2014) : 

#24. Complétez : « Nous bondissons ……….. de la maison pour aller à la recherche de meilleurs endroits. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Nou soti kouri deyò kay la…”

  • Eksplikasyon  : Nou bezwen yon mo ki vle di “deyò”. Nan fransè, se “Hors” (ak yon “h” ak yon “s”).

  • Règle  : “Hors” est une préposition qui signifie “en dehors de”. À ne pas confondre avec la conjonction de coordination “or”.

  • Teknik : Si w ka ranplase mo a pa “Dehors”, se “Hors” pou w ekri.

  • Poukisa lòt yo pa bon : Or sèvi pou fè yon lyezon nan yon rezònman (tankou “poutan”).

Gramè – Fonction des mots (Sous: Juillet 2014)  :

#25. Quelle est la fonction du groupe de mots entre les ” ” : « Mardy reste “immobile”. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Mardy rete san l pa fè yon mouvman.”

  • Eksplikasyon  :  la, “immobile” ap bay yon karakteristik sou sijè a (Mardy) apre yon vèb d’état (rester). Lè konsa, fonksyon mo a se Attribut du sujet.

  • Règle: L’attribut du sujet exprime une caractéristique du sujet par l’intermédiaire d’un verbe d’état (être, paraître, sembler, rester, devenir).

  • Teknik : Idantifye vèb la. Si se “être, rester, sembler, paraître”, mo ki vin apre a se Attribut.

  • Poukisa lòt yo pa bon : Se pa yon COD paske “rester” se pa yon vèb aksyon ki gen yon objè.

Gramè – Transformation Pluriel (Sous: Juillet 2023)  :

#26. Quel est le pluriel correct de « Un pot en terre cuite » ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Plizyè po ki fèt ak tè kwit.”

  • Eksplikasyon  : Nan “Un pot en terre cuite”, se sèlman “pot” la ki miltipliye. “Terre” a rete menm jan paske se matyè a li ye, li pa chanje.

  • Règle : Dans un nom composé avec une préposition (comme “en” ou “de”), seul le premier nom prend généralement la marque du pluriel si le second désigne une matière.

  • Teknik : Lè w wè “en terre”, “en or”, “en bois”, pa janm mete “s” nan mo sa yo nan pliryèl.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A, C gen erè paske yo mete “s” nan terre oswa cuite. D manke “s” nan pot.

Otograf – Adjectifs Numéraux (Sous: Juillet 2023)  : 

#27. Écrivez correctement : « Marise a obtenu (cinq million) ……….. de gourdes. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Marise jwenn 5 milyon goud.”

  • Eksplikasyon : Mo “million” an se yon non li ye, li pa yon adjèktif senp. Donk, depi gen plizyè tankou (5), li dwe pran yon “s”. Men “cinq” pa janm pran “s”.

  • Règle: “Million” et “milliard” sont des noms et prennent toujours la marque du pluriel.

  • Teknik : Sonje “vingt” ak “cent” gen règleman konplike, men “million” ak “milliard” toujou pran “s” si yo plis pase youn.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A manke “s”. C ak D mete “s” nan “cinq”, sa pa fèt.

Gramè – Akò Participe Passé (Sous 2: Juillet 2014) : 

#28. Accordez le participe passé entre parenthèses : « Mes vieilles blessures m’ont (travailler) ……….. toute la nuit. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Vye blesi m yo te rann mwen lavi di (fè m soufri) pandan tout nuit lan.”

  • Eksplikasyon  : Nou gen oksilyè “avoir” (ont). Avèk “avoir”, nou sèlman fè akò si gen yon COD anvan vèb la.

Nan fraz sa a, “mes vieilles blessures” se sijè a, se pa COD. Donk, vèb la rete envaryab.


  • Règle  : Le participe passé employé avec l’auxiliaire “avoir” ne s’accorde jamais avec le sujet. Il s’accorde avec le COD seulement si celui-ci est placé avant le verbe.

  • Teknik : Si vèb la gen “avoir” (ai, as, a, avons, avez, ont), gade si repons kesyon “Kisa?” a anvan vèb la. Si se pa sa, chwazi fòm ki fini ak “é” senp la.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se enfinitif. C ak D ap eseye fè akò ak sijè a, sa pa fèt ak vèb “avoir”.

Gramè (Sous 3: Juillet 2014)  :

#29. Identifiez la forme verbale entre parenthèses(): « Je répétais mes leçons en (chantant). »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “M te konn repete leson m yo pandan m ap chante.”

  • Eksplikasyon : Lè w wè ti mo “en” nan devan yon vèb ki fini nan “-ant”, yo rele sa yon Gérondif. Li montre de aksyon k ap fèt anmenm tan.

  • Règle : Le gérondif est formé de la préposition “en” suivie du participe présent. Il exprime souvent la simultanéité.

  • Teknik : Depi w wè “en” + “-ant”, se Gérondif. Pa konfonn li ak adjectif verbal ki pa gen “en” devan l.

  • Poukisa lòt yo pa bon : Se pa yon adjektif paske li gen “en”. Se pa enfinitif paske li pa fini nan -er, -ir, oswa -re.

Otograf – Adjectifs Numéraux (Sous 4: Juillet 2023)  : 

#30. Écrivez correctement en lettres : Marise a gagné (10.500) gourdes.

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Marise genyen dis mil senksan goud.”

  • Eksplikasyon : Mo “mille” an fransè pa janm pran “s”. Mo “cent” pran “s” sèlman si li miltipliye epi si pa gen anyen ki vin apre l.

La, “cent” se dènye chif la, men li pa miltipliye (gen sèlman 1 santèn nan 500 la? Non, se 5 fwa 100, men li envaryab si gen yon lòt mo apre).

Atansyon: Règle la di “cent” pran “s” si li fini fraz la epi li miltipliye. la 500 fini fraz la, men nan gramè klasik, yo konsidere “gourdes” apre l.


  • Règle  : “Mille” est toujours invariable. “Cent” prend un “s” s’il est multiplié et qu’il n’est suivi d’aucun autre chiffre.

  • Teknik : Pa janm mete “s” nan “mille”. Pa janm mete “s” nan “cent” si gen yon chif apre li (ex: deux cent deux).

  • Poukisa lòt yo pa bon : B ak D mete “s” nan “mille”, sa se yon gwo fot.

Gramè – Ranplase pa yon Pronom (Sous 5: Juillet 2015) :

#31. Remplacez le groupe entre les () par un pronom : « Le professeur explique (à Jacques) les mécanismes. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Pwofesè a esplike Jak kijan sa mache.”

  • Eksplikasyon  : “À Jacques” se yon Complément d’Objet Indirect (COI) senp (yon sèl moun). Pou ranplase “à + yon moun”, nou sèvi ak “lui”.

  • Règle: Le pronom “lui” remplace un COI singulier (à lui ou à elle).

  • Tèktik : Si w wè “à” devan non yon moun, chwazi “lui” (si se yon sèl moun) oswa “leur” (si se anpil moun).

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se pou COD. C se pou pliryèl.

Vokabilè – Antonyme (Sous 6: Juillet 2015)  :

#32. Quel est le contraire du mot « calme » ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Calme” vle di yon bagay ki poze. Kontrè li se yon bagay ki gen anpil mouvman, ki pa poze: “agitée”.

  • Eksplikasyon  : Pou yon lanmè oswa yon moun, si li pa “calme”, li “agitée”.

  • Règle : L’antonyme exprime l’idée inverse du mot donné.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A, C, ak D se sinonim (menm sans ak calme).

 Gramè – Conjonction de Coordination (Sous 7: Juillet 2016)  :

#33. Complétez : « De goût ……….. de couleurs, on ne discute pas. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Nan zafè gou ak koulè, moun pa fè diskisyon.”

  • Eksplikasyon  : N ap mete de bagay ansanm (gou + koulè). Donk nou bezwen conjonction “et” ki sèvi pou adisyon.

  • Règle : La conjonction “et” sert à relier deux éléments de même nature.

  • Rapèl: Sonje ti fraz : “Mais, donc , et, car , ni or, ou.”. Chak gen wòl pa yo. “Et” se pou ajoute.

Gramè – Nature de “Leur” (Sous 8: Juillet 2016)  :

#34. Dans la phrase « Ils leur ont dit de partir », quelle est la nature de “leur” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Yo di yo (moun yo) pou yo ale.”

  • Eksplikasyon : Lè “leur” devan yon vèb (ont dit), se yon pronom personnel li ye. Li pa janm pran “s” nan ka sa a.

  • Règle  : “Leur” est un pronom personnel lorsqu’il est placé devant un verbe. Il est invariable.

  • Teknik : Si “leur” bò kote yon vèb, se pronom. Si li bò kote yon non (leur livre), se adjectif

Vokabilè – Cris d’animaux (Sous 9: Juillet 2016) : 

#35. Quel animal pousse un « braiment » ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Kri bourik la bay la, yo rele l “braiment” an fransè.

  • Eksplikasyon: Chak bèt gen non kri pa yo. Bourik la “brait”.

  • Règle : Le cri de l’âne est le braiment.

  • Teknik : Aprann lis kri bèt yo (chien = aboiement, bœuf = meuglement).

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • Chien “aboie”.
  • Bœuf “meugle”.
  • Poule “glousse”.

Vokabilè – Sens Propre / Figuré (Sous 10: Juillet 2013): 

#36. Dans quelle phrase le mot “montagne” est-il au sens figuré ?

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Yon mòn jwèt” vle di gen anpil anpil jwèt, se pa yon vrè mòn ak tè ak wòch.

  • Eksplikasyon : Sens figuré se lè nou sèvi ak yon mo pou nou fè yon imaj, pou nou di yon bagay ki pa literal.

  • Règle  : Le sens figuré est un sens imagé, par opposition au sens propre (sens réel).

  • Teknik : Poze tèt ou kesyon: “Èske sa ka rive tout bon nan nati a?” Yon mòn ki fèt ak jwèt pa egziste tout bon, se yon imaj.

Gramè – Voix Passive (Sous 12: Juillet 2017)  : 

#37. Transformez à la voix passive : « Le directeur récompensera le lauréat. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Direktè a ap rekonpanse loreya a.” -> “Loreya a pral rekonpanse pa direktè a.”

  • Eksplikasyon : Vèb la (récompensera) nan Futur simple. Donk, nan voix passive, nou dwe mete vèb être nan Futur tou (sera) epi ajoute participe passé a.

  • Règle  : À la voix passive, l’auxiliaire “être” se conjugue au même temps que le verbe de la voix active.

Gramè – Pronoms Démonstratifs (Sous 13: Août 2010)  :

#38. Complétez avec le pronom correct : « Je te pardonne ……….. erreur-là. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Mwen padone w erè sa a.

  • Eksplikasyon  : “Erreur” se yon mo feminen (une erreur). Donk nou sèvi ak “cette”.

  • Règle  : L’adjectif démonstratif s’accorde en genre avec le nom : “ce” (masculin), “cette” (féminin).

  • Teknik : Si mo a kòmanse ak yon voyèl (a, e, i, o, u) men li maskilen, nou mete “cet”. Si li feminen, se toujou “cette”.

Vokabilè – Prépositions (Sous 14: Août 2010)  :

#39. Quelle préposition complète la phrase : « Se défendre ……….. l’ennemi. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Defann tèt ou kont lènmi an.”

  • Eksplikasyon  : Lè w ap pwoteje tèt ou, se “contre” (kont) yon danje ou fè sa.

  • Règle : La préposition “contre” indique l’opposition ou la protection.

Gramè – Verbe Pronominal (Sous 17: Juillet 2014) :

#40. Précisez le sens du verbe : « Je me coiffe. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “M ap penyen tèt mwen.”

  • Eksplikasyon : Se yon vèb réfléchi paske sijè a (Je) ap fè aksyon an sou pwòp tèt li.

  • Règle  : Un verbe pronominal a un sens réfléchi quand le sujet exerce l’action sur lui-même.

  • Teknik : Si se yon sèl moun k ap fè bagay la sou tèt li, se réfléchi. Si se de moun k ap fè l youn pou lòt, se réciproque (Ils se battent).

Otograf – Homophones (Sous 19: Juillet 2013) :

#41. Choisissez le mot correct : « Le (thym / teint) ……….. est utilisé comme aromate. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Ten” se yon zèb yo mete nan manje pou bay gou. Nan fransè li ekri “Thym”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : “Teint” se koulè po vizaj yon moun.

Gramè – Akò Participe Passé (Sous 21: Juillet 2013)  :

#42. Accordez : « Les films que j’ai (vu) ……….. jouer m’ont plu. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Fim mwen te wè y ap jwe yo te fè m plezi.”

  • Eksplikasyon : Menm si “films” anvan vèb la, nou pa fè akò a paske se pa fim yo ki fè aksyon “jouer” a (se aktè yo). Lè gen yon enfinitif apre, fòk COD a fè aksyon enfinitif la pou gen akò.

  • Règle  : Le participe passé suivi d’un infinitif reste invariable si le COD ne fait pas l’action de l’infinitif.

. Gramè – Degré de comparaison (Sous 27: Juillet 2012) 

#43. Identifiez le degré de comparaison : « Cet homme est aussi riche qu’un milliardaire. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Misye rich menm jan ak yon milyadè.”

  • Eksplikasyon  : Mo “aussi… que” sèvi pou montre de bagay egal. Se yon comparatif d’égalité.

Otograf – Homophones (Sous 29: Juillet 2011) : 

#44. Choisissez la forme correcte : « ……….. il dise, on le sent indécis. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : “Quoi que” (an de mo) vle di “nenpòt kisa” (quelle que soit la chose que…).

“Quoique” (an yon sèl mo) vle di “poutan/bien que”.  la sans lan se “nenpòt kisa li di”. donk repons lam dwe QUOI QUE ,Ki ap vin quoi qu’il dise…….


  • Règle : “Quoi que” s’écrit en deux mots quand il signifie “quelle que soit la chose que”

Gramè – Types de phrases (Sous 23: Juillet 2013)  :

#45. Quel est le type de la phrase : « Venez, approchez, n’hésitez pas ! »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Vini, pwoche, pa ezite!”

  • Eksplikasyon : Lè Se lòd oswa envitasyon y ap bay. Vèb yo nan enperatif. Yo rele sa “phrase injonctive”.

Gramè – Les propositions (Sous: Juillet 2014) :

#46. Identifiez le type de proposition : « La nuit tombe, les étoiles brillent. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Nuit la ap tonbe, zetwal yo ap klere.” Se de lide ki mache ansanm men ki separe.

  • Definisyon (Concept) : Yon proposition juxtaposée se de fraz ki kole youn ak lòt sèlman ak yon siy ponktyasyon (vigil “,”, pwen vigil “;”, oswa de pwen “:”). Pa gen okenn mo lyezon (ak, men, paske) nan mitan yo.

  • Eksplikasyon: Nan fraz la, nou gen de pati ki separe ak yon vigil sèlman. Yo pa bezwen mo “et” oswa “car” pou yo kenbe.

  • Règle  : La juxtaposition consiste à placer deux propositions l’une à côté de l’autre en les séparant par un signe de ponctuation.

  • Teknik : Gade nan mitan de vèb yo. Si se yon vigil (,) ki separe yo san okenn lòt mo lyezon, chwazi “juxtaposée”.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • C t ap bon si te gen yon mo tankou “et, mais, car”.
  • A t ap bon si te gen “qui, que, dont”.

Vokabilè – Nuances de sens (Sous: Juillet 2023)  : 

#47. Quel mot définit une « Obscurité profonde » ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Yo vle di yon kote ki tèlman nwa ou pa ka wè menm pwent nen w.

  • Definisyon (Concept) : Les ténèbres se nivo ki pi wo nan fènwa. Se pa sèlman nwa, se yon nwa ki total.

  • Eksplikasyon : Nou gen plizyè mo pou fènwa. “Crépuscule” se lè solèy kouche. “Pénombre” se yon ti limyè ki melanje ak fènwa. Men “ténèbres” se nwa san sekou.

  • Règle  : Le mot “ténèbres” désigne une obscurité totale, souvent associée à une absence complète de lumière.

  • Teknik : Toujou gade adjektif ki akonpaye “obscurité” a. Si yo di “profonde” oswa “totale”, se “ténèbres” pou w chwazi.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • A se moman ant lajounen ak lannwit.
  • B se yon fènwa lejè kote w ka wè toujou.

Gramè – Fonction des mots (Sous,: Juillet 2014 / 2023) : 

#48. Quelle est la fonction du groupe souligné : « Josette est restée aux Cayes pendant les vacances. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Josette te rete Okay pandan vakans lan.”

  • Eksplikasyon : “Aux Cayes” ap di nou ki kote Josette te rete a. Depi se yon enfòmasyon sou yon kote, se yon Complement Circonstanciel de Lieu (CCL).

  • Definisyon (Concept) : Le Complément Circonstanciel de Lieu (CCL) bay detay sou kote aksyon an ap fèt. Li reponn kesyon “Où ?” (Kote?).

  • Règle  : Le CCL indique l’endroit où se situe l’action. On le trouve en posant la question “où ?” après le verbe.

  • Teknik : Poze kesyon : “Josette est restée OÙ ?”. Repons lan se “Aux Cayes”. Donk se CCL.

  • Poukisa lòt yo pa bon : COD reponn “Quoi?”.
  • COI reponn “À qui?”.
  • Malgre vèb “rester” se yon vèb d’état, “aux Cayes” pa yon kalite (adjektif) men se yon kote, donk li pa ka attribut.

Otograf – Homophones grammaticaux (Sous: Juillet 2014) : 

#49. Complétez la phrase : « À peine venait-il ……….. finir son travail qu’il se plongeait sur le suivant. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Li te fenk fini travay li, li te gen tan kòmanse yon lòt.”

  • Eksplikasyon  : la, nou gen ekspresyon “venir de” ki vle di yon aksyon ki fenk fèt. Nou ajoute “en” pou ranplase “le travail”. Lè “de” ak “en” rankontre, yo vin tounen “d’en”.

  • Definisyon (Concept) : D’en se konbinezon prepozisyon “de” (ki montre tan ki sot pase a) ak pronom “en” (ki ranplase yon bagay).

  • Règle  : Le pronom “en” peut être précédé de la préposition “de” élidée (d’) pour exprimer une action qui vient de s’achever.

  • Teknik : Si w wè vèb “venir” ap pale de yon bagay ki te fèt tèlman vit, epi gen yon vèb nan enfinitif apre, gen anpil chans pou se “d’en” pou w mete.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • A se pou yon kote (anndan).
  • C se “dan” nan bouch.
  • D pa bay okenn sans nan fraz sa a.

Gramè – Mòd Subjonctif (Sous: Juillet 2013,) :

#50. Choisissez la forme verbale correcte : « Il faut qu’ils (vint / viennent) ……….. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Fòk yo vini.” Se yon obligasyon oswa yon nesesite ki genyen pou yo prezan.

  • Eksplikasyon : Lè w ap bay yon lòd oswa w ap montre yon bagay nesesè ak ekspresyon “Il faut que”, ou oblije sèvi ak mòd Subjonctif la. Subjonctif la se mòd volonte ak posibilite.

  • Définition : Le subjonctif est un mode utilisé pour exprimer un doute, un souhait, une émotion ou une obligation après certaines conjonctions comme “que”.

  • Règle  : Après la tournure impersonnelle “il faut que”, le verbe de la proposition subordonnée doit obligatoirement être conjugué au subjonctif.

  • Teknik : Depi w wè “Il faut que”, di nan tèt ou “Mòd Subjonctif!”. Pou vèb “Venir”, subjonctif la se “ils viennent”

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • “Vint” se passé simple (istwa).
  • “Viendront” se futur (demen).
  • “Viendraient” se conditionnel (si te gen yon kondisyon).

Vokabilè – Féminin des noms (Sous 4: Juillet 2023) : 

#51. Quel est le féminin du mot « Héros » ?

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Yon “Héros” se yon moun ki fè yon gwo aksyon kouraj. Si se yon fi, yo rele l yon “Héroïne”.

  • Esplikasyon  : Atansyon timoun! Pa kwè se tout mo ki fini ak “s” k ap pran yon “e” sèlman. Mo “Héros” a gen yon fòm espesyal pou medam yo, li tounen “Héroïne”.

  • Définition  : Une héroïne est une femme qui se distingue par la grandeur de son âme et la force de son caractère.

  • Règle : Certains noms de personnes masculins forment leur féminin par l’ajout du suffixe “-ine” au radical.

  • Teknik : Panse ak fim oswa istwa kote yon fi sove moun, yo rele l “Héroïne”. Pa janm ekri “Hérose”, li pa egziste nan diksyonè.

  • Poukisa lòt yo pa bon : B ak D se move envansyon. C se fòm gason an.

Gramè – Conditionnel Présent (Sous 1: p. 26) :

#52. Conjuguez correctement le verbe au temps demandé : « À ta place, je ne me (vanter, cond. présent) ……….. pas après un tel succès. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Si m te nan plas ou, mwen pa t ap fè lwanj pou tèt mwen (vante m) apre gwo siksè sa a.”

  • Esplikasyon  : Lè w di “À ta place”, w ap imajine yon sitiyasyon ki pa reyèl kounye a. Pou sa, nou sèvi ak mòd “Conditionnel” la. Kòm se “Je”, li dwe fini ak “-ais”.

  • Définition : Le conditionnel présent exprime une action imaginaire, un souhait ou un conseil lié à une condition.

  • Règle  : On forme le conditionnel présent en prenant le radical du futur simple auquel on ajoute les terminaisons de l’imparfait (-ais, -ais, -ait, -ions, -iez, -aient).

  • Tèktik : Depi w wè “À ta place” oswa “Si…”, chèche vèb ki fini ak son “r-ais” oswa sak konjige nan kondisyonel la.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se prezan.
  • C se pou “il/elle”.
  • D se futur (yon bagay k ap fèt tout bon).

Gramè – Forme Négative (Sous 12: Juillet 2017)  : 

#53. Transformez la phrase suivante à la forme négative : « Nous sommes tous en retard. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Nou tout pa anreta.” Nou vle di se pa tout moun nan gwoup la ki rive ta.

  • Esplikasyon : Nan lang fransè, pou w di “non”, ou dwe vlope vèb la ak de ti mo : “ne” ak “pas”. Isit la vèb la se “sommes”.

  • Définition : La forme négative sert à nier l’existence d’une action ou d’un état à l’aide d’adverbes de négation.

     

  • Règle  : Dans une phrase à temps simple, la négation encadre le verbe conjugué (ne verbe pas).

     

  • Teknik : Toujou mete “ne” anvan vèb la epi “pas” apre li. Atansyon ak plas mo “tous” la, li dwe rete kote li te ye a.

  • Poukisa lòt yo pa bon : B mal plase “pas”.
  • C ak D chanje sans fraz la paske yo retire lide “tous” la oswa yo fè l twò fò.

Vokabilè – Prépositions (Sous 14: Août 2010) : 

#54. Complétez avec la préposition correcte : « Agir ……….. connaissance de cause. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Aji ak tout konesans ou sou konsekans yo.” Sa vle di ou konn sa w ap fè a byen.

  • Esplikasyon  : Sa a se sa yo rele yon “expression figée”. Se yon jan yo toujou di l depi lontan, ou pa ka chanje prepozisyon an.

  • Définition  : L’expression “en connaissance de cause” signifie agir en étant parfaitement informé des faits et des conséquences.

  • Règle  : Certaines locutions adverbiales utilisent la préposition “en” pour introduire une manière d’agir.

Gramè – Pronom Relatif (Sous 21: Juillet 2013)  : 

#55. Complétez correctement : « Aimes-tu les films d’action dans ……….. il y a des poursuites de voitures ? »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Èske w renmen fim aksyon kote (nan yo) gen kous machin?”

  • Esplikasyon : Nou bezwen yon pwonon ki ranplase “les films”. Kòm “films” se maskilen epi yo anpil (pliryèl), nou sèvi ak “lesquels”.

  • Définition : Le pronom relatif composé s’accorde en genre et en nombre avec son antécédent (le nom qu’il remplace).

  • Règle  : On utilise “lesquels” pour un antécédent masculin pluriel après une préposition (ici “dans”).

  • Tèktik : Gade mo ki anvan “dans” an. Se “les films”. Di nan tèt ou : “Films se maskilen donk (le), yo anpil (s)”. Donk se “le + s” = lesquels, ak yon sel “L”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : B se pou yon sèl fim.
  • C ak D se pou mo  (feminen).

Vokabilè – Adverbe de manière (Sous 19: Juillet 2013) : 

#56. Remplacez le groupe enre les () par un adverbe : « La police réprima la manifestation (sans pitié.) »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Lapolis kraze manifestasyon an san yo pa gen pitye ditou.”

  • Esplikasyon  : Lè w vle di yon moun aji “san pitye” nan yon sèl mo, ou mete prefiks “im-” (ki vle di pa) devan mo “pitoyablement”. Sa bay “impitoyablement”.

  • Définition  : L’adverbe de manière exprime la façon dont une action est accomplie.

  • Règle  : Beaucoup d’adverbes se forment en ajoutant “-ment” à l’adjectif féminin.

  • Teknik : “Sans” vle di kontrè a. Chèche mo ki gen yon prefiks negatif tankou “im-“.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A, B ak D vle di “ak pitye” oswa “yon fason ki bay lapenn”, se pa sa nou bezwen.

Gramè – Subjonctif (Sous 11: p. 16) :

#57. Choisissez la forme correcte : « Nous souhaitons qu’elle (Obtenir) ……….. justice. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Nou swete pou li jwenn jistis.”

  • Esplikasyon  : Vèb “souhaiter” a montre yon dezi, yon swè. Apre mo “que”, vèb ki vin apre a dwe toujou nan mòd Subjonctif.

  • Définition : Le subjonctif est le mode de l’incertain, du souhait et de l’émotion.

  • Règle  : Après les verbes exprimant un souhait ou une volonté, on emploie obligatoirement le subjonctif présent.

  • Teknik : Pou vèb “Obtenir”, subjonctif la pran de “n” ak yon “e” nan fen l pou “elle”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se prezan (reyalite). B se futur. D se conditionnel.

Vokabilè – Homonymes (Sous 11: p. 16)  :

#58. Complétez avec le mot juste : « Tous ses efforts ont été ……….. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Tout jefò l yo pa sèvi anyen (yo gaspiye).”

  • Esplikasyon  : Atansyon! Isit la “vain” vle di “san rezilta”. Kòm se “efforts” (maskilen pliryèl ) k ap dekri, nou dwe mete yon “s”.

  • Définition : L’adjectif “vain” qualifie ce qui est inutile, sans valeur ou sans effet.

  • Teknik : Pa konfonn “vin” (bwason) ak “vain” (initil). Si se efò, se “vain”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se diven.
  • B se chif 20.
  • C se “vain” san akò pliryèl la.

Gramè – Degré de comparaison (Sous 34: Juillet 2021)  :

#59. Quel est le degré de comparaison dans : « Judeline est moins laborieuse que sa sœur. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Judeline pa travay di menm jan ak sè l (li travay mwens).”

  • Esplikasyon  : Depi w wè mo “moins… que”, sa vle di premye moun nan “anba” dezyèm nan nan kalite sa a. Se sa yo rele “infériorité”.

  • Définition  : Le comparatif d’infériorité établit un rapport de “moins” entre deux éléments.

  • Teknik : Sonje :
  • “Plus” = Supériorité.
  • “Aussi” = Égalité.
  • “Moins” = Infériorité. Se tankou yon echèl.

Otograf – Accord de l’adjectif (Sous 10: p. 18) : 

#60. Accordez correctement : « Entretenir de bonnes relations (social) ……….. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Kenbe bon relasyon ak moun nan sosyete a.”

  • Esplikasyon : Adjektif “social” la ap mache ak mo “relations”. “Relations” se feminen (une relation) epi li nan pliryèl (gen yon “s”). Donk nou dwe mete “es”.

  • Règle : L’adjectif s’accorde en genre et en nombre avec le nom auquel il se rapporte.

  • Teknik : Toujou gade mo ki anvan an. Si l fini ak “s” epi li se Feminen, chèche opsyon ki gen “es”.

Gramè – Radical et Suffixe (Sous 25: Juillet 2012) : 

#61. Trouvez le radical du mot « Endiablé » :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Esplikasyon : “Radical” la se “kè” mo a, kote sans lan soti. Nan “Endiablé”, mo prensipal la se “Diable”.

  • Définition  : Le radical est l’élément de base d’un mot qui porte son sens principal.

Vokabilè – Homophones (Sous 29: Juillet 2011) : 

#62. Choisissez la forme correcte : « Il y a un grand ……….. entre eux. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Gen yon gwo chirepit oswa dezakò nan mitan yo.”

  • Esplikasyon : Atansyon pyèj la ! “Différent” ak “t” nan fen a se yon adjektif (yo pa menm). Men “différend” ak “d” se yon non ki vle di “disput / konfli”. la, nou gen “un grand”, donk nou bezwen non an.

  • Règle  : Le nom “un différend” désigne un désaccord ou une contestation entre deux parties.

Gramè – Pronom “le / la / l’” (Sous 31: Juillet 2023)  :

#63. Complétez : « Gaëlle a commandé une console de jeux, elle ……….. recevra demain. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Gaëlle kòmande yon jwèt, l ap resevwa l demen.”

  • Esplikasyon : “La” ap ranplase “la console”. Li se yon pwonon ki devan vèb “recevra”. Nou pa mete “l’a” paske se pa passé composé.

  • Teknik : Si vèb la pa kòmanse ak yon voyèl, epi bagay w ap ranplase a se feminen, sèvi ak “la”.

Figi Estil  (Sous: Juillet 2019) :

#64. Identifiez la figure de style dans cette phrase : « Tends-lui le rameau d’olivier pour faire la paix. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Lonje yon branch oliv ba li pou nou fè lapè.”

  • Eksplikasyon : Nan fraz sa a, yo pa bezwen branch bwa a tout bon vre, men yo sèvi ak “branch oliv” la pou yo pale de “lapè”. Depi yo sèvi ak yon objè (seng) pou reprezante yon lide, se yon métonymie.

  • Définition  : La métonymie est une figure de style qui consiste à remplacer un concept par un autre terme avec lequel il entretient un rapport de contiguïté (le symbole pour la chose).

  • Règle  : Dans la métonymie, on désigne le contenu par le contenant, l’effet par la cause, ou l’idée abstraite par un objet concret.

  • Teknik : Gade si mo a reprezante yon senbòl. Si mo a se yon bagay ou ka manyen tankou (oliv) men lide a se yon bagay ou pa ka manyen tankou (lapè), se métonymie.

  • Poukisa lòt yo pa bon :
  • A pa bon paske pa gen yon imaj dirèk “nèg la se yon oliv”.
  • C pa bon paske pa gen mo “comme”.

Diskou – Passage au Style Direct (Sous: Juillet 2018)  : 

#65. Transformez au style direct : « Dana explique qu’elle croit que les garderies sont indispensables. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Dana ap esplike li kwè gadri yo nesesè anpil.”

  • Eksplikasyon : Lè w ap mete yon moun ap pale dirèkteman (style direct), ou dwe sèvi ak de pwen (:) ak gimè (« »). Kòm se Dana k ap pale de tèt li, pwonon “elle” la dwe tounen “Je”.

  • Définition  : Le style direct consiste à rapporter les paroles telles qu’elles ont été prononcées, en utilisant les marques de ponctuation spécifiques.

  • Règle : Lors du passage du style indirect au style direct, les pronoms personnels et les adjectifs possessifs changent pour s’adapter au nouveau locuteur.

  • Teknik : Retire mo “que” a, mete : « » epi chanje “li/elle” pou w mete “/Je”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : B kenbe mo “que” a (sa se yon fot).
  • C pa chanje pwonon an, sa vle di Dana t ap pale de yon lòt fi.

Figi Estil – Comparaison (Sous: Juillet 2014):

#66. Laquelle de ces phrases contient une comparaison ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Ekriti se tankou yon glas ki montre sa k nan nanm ou.”

  • Eksplikasyon  :  la, yo konpare “ekriti” ak yon “glas”. Pou yo fè sa, yo sèvi ak mo “comme” (tankou). Depi w wè mo sa a ki mare de lide yo, se yon comparaison.

  • Définition  : La comparaison établit un lien entre deux éléments (le comparé et le comparant) à l’aide d’un outil de comparaison.

  • Règle  : Les outils de comparaison les plus fréquents sont : comme, tel que, semblable à, pareil à, ainsi que.

  • Teknik : Chèche “ti mo zouti” a (comme). Si li la, se comparaison. Si li pa la epi imaj la la, se métaphore.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A, B ak D se métaphore yo ye paske yo di yon bagay “se” yon lòt bagay dirèkteman san sèvi ak “comme”.

Gramè – Adjectif Épithète (Sous: Juillet 2014)  : 

#67. Dans la phrase « L’écriture remplace la parole absente », quelle est la fonction du mot “absente” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Ekriti ranplase pawòl ki pa la a.”

  • Eksplikasyon  : Mo “absente” a kole kò l ak mo “parole” la pou l ba nou yon detay sou li. Li pa bezwen okenn vèb (tankou “est”) pou l fè sa. Se sa yo rele yon épithète.

  • Définition  : L’épithète est une fonction de l’adjectif qualificatif lorsqu’il est placé directement à côté du nom qu’il qualifie.

  • Règle  : Contrairement à l’attribut, l’épithète fait partie du groupe nominal et n’est pas séparé du nom par un verbe d’état.

  • Teknik : Si adjektif la kole ak non an “tèt-a-tèt”, se épithète. Si gen “est/paraît/semble” nan mitan yo, se attribut.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A pa bon paske pa gen vèb d’état.
  • C ak D se fonksyon pou non, pa pou adjektif nan ka sa a.

Figi Estil – (Sous: Juillet 2019)  : 

#68. Identifiez la figure de style : « Les livres fermés dorment sur leur rang. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Liv ki fèmen yo ap dòmi nan plas yo.”

  • Eksplikasyon : Yon liv pa ka dòmi tout bon vre, se moun ki dòmi. Lè nou bay yon bagay ki pa gen lavi tankou yon (liv) yon aksyon moun fè tan kou (dòmi), nou rele sa personnification.

  • Définition : La personnification consiste à attribuer des traits, des sentiments ou des comportements humains à une chose inanimée ou à un animal.

  • Règle  : Cette figure de style humanise l’objet pour créer une image poétique ou expressive.

  • Teknik : Gade vèb la. Si vèb la se yon bagay “moun sèlman” fè, epi se yon “bagay” k ap fè l nan fraz la, chwazi personnification.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A manke “comme”. C se repete yon lide (monter en haut). D t ap “les livres sont des dormeurs”.

Diskou – Passage au Style Indirect (Sous: Juillet 2017) : 

#69. Transformez au style indirect : L’équipe de Bel-Air écrit : « Nous avons été battus par le Racing. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Ekip Bèlè a ekri yo te pèdi kont Rasing.”

  • Eksplikasyon  : Lè n ap rapòte sa yo te di a, nou retire pwen yo ak gimè yo. Pwonon “Nous” (nou menm elèv Bèlè) la vin tounen “Ils” (yo menm) paske se nou menm k ap pale de yo kounye a.

  • Définition : Le style indirect rapporte les paroles en les intégrant à la phrase principale à l’aide d’une conjonction de subordination (que).

  • Règle : Les marques de l’énonciation (pronoms, temps, indicateurs de temps) doivent être modifiées pour correspondre au point de vue du rapporteur.

  • Teknik : Mete “que” apre vèb la, epi chanje “Nous” pou “Ils”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : B pa chanje pwonon an (sa ta vle di se nou menm ki pèdi). C manke mo lyezon “que” a.

Gramè – Phrase Nominale (Sous: Août 2010)  :

#70. Transformez cette phrase verbale en phrase nominale : « Le prix du pain augmente. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Pri pen an moute.”

  • Eksplikasyon  : Yon phrase nominale se yon fraz ki pa gen vèb konjige ladan l. Pou w fè sa, ou dwe chanje vèb “augmente” a pou w mete non li ki se “augmentation”.

  • Définition  : La phrase nominale est une phrase construite autour d’un nom, sans verbe conjugué. Elle est fréquente dans les titres de journaux.

  • Règle  : La nominalisation consiste à transformer un verbe ou un adjectif en nom tout en conservant le sens du message.

  • Teknik : Jwenn vèb la, chèche non ki mache avè l la, epi kòmanse fraz la ak non sa a.
  • Poukisa lòt yo pa bon : A, C ak D gen vèb konjige (coûte, a augmenté, est), donk yo se phrase verbale toujou.

Figi Estil –  (Sous: Juillet 2015)  : 

#71. Identifiez l’erreur de style dans cette phrase : « Je l’ai entendu de mes propres oreilles. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Mwen tande l ak pwòp zòrèy mwen.”

  • Eksplikasyon  : Sa se yon bagay nou di souvan, men nan gramè, li se yon fot “bèl langaj”. Si w tande, se obligatwa se ak zòrèy ou. Repete “ak pwòp zòrèy mwen” an se mete twòp dlo nan diri.

  • Définition : Le pléonasme est une figure de style où l’on répète des termes qui ont le même sens (redondance).

  • Règle : Bien qu’il puisse servir à insister, le pléonasme est souvent considéré comme une maladresse lorsqu’il n’apporte aucune information nouvelle.

  • Teknik : Si de mo nan fraz la vle di menm bagay (ex: monter en haut, petit nain), se pléonasme.

  • Poukisa lòt yo pa bon : B se di nan anpil mo sa w ta ka di nan yon sèl.
  • D se di mwens pou fè konprann plis.

Vokabilè – Homophones “Près / Prêt” (Sous: Juillet 2014)  :

#72. Complétez correctement : « Le voyageur est ……….. à partir. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Vwayajè a pare pou l pati.”

  • Eksplikasyon  : Pa konfonn “près” (ki vle di bò kote) ak “prêt” (ki vle di pare). Isit la, vwayajè a fini preparasyon l, li “pare”.

  • Définition : L’adjectif “prêt” signifie que l’on est préparé pour une action. L’adverbe “près” indique la proximité spatiale.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A vle di “toupre”.
  • B pa egziste.
  • D se pliryèl, men la nou gen yon sèl vwayajè.

Gramè – Types de phrases (Sous: Juillet 2013) :

#73. Quelle est la nature de cette phrase : « Pourriez-vous m’accompagner ? »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Èske w ka akonpaye m?”

  • Eksplikasyon : Sa a se yon kesyon y ap poze yon fason politès. Depi gen pwen entewogasyon (?) nan fen an, se interrogative.

  • Règle  : La phrase interrogative sert à poser une question. Elle se caractérise par l’inversion du sujet ou l’emploi de “est-ce que”.

Otograf – Akò Adjektif Qualificatif (Sous…)  :

#74. Accordez correctement l’adjectif entre parenthèses : « Des connaissances (acquis) ……….. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Konesans yon moun fin genyen oswa li fin metrize.”

  • Eksplikasyon  : Adjektif la (acquis) dwe mache ak non l ap dekri a (connaissances). Kòm “connaissances” se feminen (une connaissance) epi yo anpil (pliryèl), nou dwe mete “es” nan fen mo a.

  • Définition  : L’adjectif qualificatif est un mot qui s’ajoute à un nom pour lui donner une qualité ou une précision particulière.

  • Règle  : L’adjectif s’accorde en genre (masculin/féminin) et en nombre (singulier/pluriel) avec le nom qu’il qualifie.

  • Teknik : Toujou chèche “ki sa ki gen kalite sa a?”. Si se yon mo feminen ki nan pliryèl, chwazi opsyon ki fini ak “es”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se pou gason.
  • B se pou yon sèl fi. D se yon move fòm ki pa egziste.

Vokabilè – Féminin des animaux (Sous)  :

#75. Quel est le féminin du nom « Le jars » ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Jars” se vèsyon gason an, “Oie” se vèsyon fi a (yon kalite zwa).

  • Eksplikasyon  : Gen kèk bèt an fransè ki chanje non nèt selon si yo se mal oswa femèl. Se tankou “coq” ak “poule”. Pou “jars”, fi a se “oie”.

  • Définition  : Le jars est le mâle de l’oie. Ces deux termes désignent la même espèce de palmipède mais avec une distinction de sexe.

  • Règle  : Certains noms de genres animés utilisent des radicaux différents pour marquer la distinction entre le mâle et la femelle.

  • Teknik : Mo sa a se yon pyèj klasik nan egzamen ofisyèl. Si w wè “Jars”, toujou chèche “Oie”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A pa egziste. C se femel “mulet”. D se femel “coq”.

Gramè – Passage au Singulier (Sous….) : 

#76. Mettez au singulier : « Ces homes se demandent où ils enverront leurs enfants. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Mesye sa a ap mande tèt li ki kote l ap voye pitit li.”

  • Eksplikasyon  : Lè w ap pase nan sengilye, tout mo yo dwe chanje: “Ces” vin “Cet”, “homes” vin “homme” (ak de ‘m’), “se demandent” pèdi ‘nt’ li, epi “leurs” vin “son”.

  • Définition  : Le passage au singulier est une transformation grammaticale qui exige l’accord de tous les éléments du groupe nominal et de la chaîne verbale.

  • Règle : Le déterminant, le nom et le verbe doivent s’accorder en nombre avec le nouveau sujet singulier.

  • Teknik : Fè atansyon ak “homme” ki pran de ‘m’. Anpil elèv fè fot sa a nan egzamen.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A gen yon fot nan “home”. B kite “ses enfants” (pliryèl). C pa konjige vèb yo byen.

Gramè – Voix Passive (Sous….) : 

#77. Transformez à la voix passive : « Le chien conduit le troupeau. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Chyen an ap mennen bann bèt yo.” -> “Bann bèt yo ap mennen pa chyen an.”

  • Eksplikasyon  : Vèb “conduit” a nan prezan. Donk, nan voix passive, nou dwe mete vèb être nan prezan tou (est) epi ajoute participe passé a.

  • Définition  : La voix passive est une forme verbale où le sujet subit l’action au lieu de l’accomplir.

  • Règle  : À la voix passive, on utilise l’auxiliaire “être” conjugué au même temps que le verbe de la voix active, suivi du participe passé.

  • Poukisa lòt yo pa bon : B se passé composé. C se futur. D se imparfait.

Konjigezon – Futur Simple (Sous…) :

#78. Conjuguez au futur simple de l’indicatif : « Le directeur (s’adresser) ……….. aux nouveaux élèves. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Direktè a pral pale ak nouvo elèv yo.”

  • Eksplikasyon  : Futur simple la montre yon aksyon ki pral fèt pita. Pou vèb an “-er”, nou kenbe tout vèb la epi nou ajoute teminasyon “a” pou “il” (le directeur).

  • Définition  : Le futur simple de l’indicatif exprime une action qui aura lieu dans un avenir plus ou moins proche par rapport au moment présent.

  • Règle  : Pour les verbes du 1er groupe, on ajoute au radical de l’infinitif les terminaisons : -ai, -as, -a, -ons, -ez, -ont.

  • Teknik : Pou “il” oswa “elle”, futur la toujou fini ak “a” san anyen apre (pa gen ‘s’ ni ‘t’).

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se prezan.
  • C se conditionnel.
  • D se imparfait.

Gramè – Sens des verbes pronominaux  :

#79. Précisez le sens du verbe pronominal dans : « Les adversaires se dévisagent. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Siyifikasyon (Sans) : De moun ki lènmi (adversaires) ap gade youn lòt fiks nan je ak kòlè.

  • Eksplikasyon  : Pyèj l an la a se pou konnen si se yon sèl moun k ap aji sou tèt li, oswa si se de moun k ap fè menm bagay la youn bay lòt. Si se “youn bay lòt”, se réciproque.

  • Définition : Un verbe pronominal a un sens réciproque lorsque deux ou plusieurs sujets exercent l’action l’un sur l’autre.

  • Règle : Le sens réciproque se reconnaît par la possibilité d’ajouter “l’un l’autre” ou “mutuellement” à la fin de la phrase.

  • Teknik : Di nan tèt ou: “Èske msye ap gade pwòp tèt li nan glas?” Non, l ap gade lòt nèg la, epi lòt nèg la ap gade l tou. Depi se yon echanj, se réciproque.

Vokabilè – Precision Lexicale (Homophones) :

#80. Choisissez le mot correct pour compléter : « Le maître a ……….. une punition à l’élève qui avait triché. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Siyifikasyon (Sans) : Pwofesè a bay yon elèv ki te kopye nan egzamen yon pinisyon.

  • Eksplikasyon : Mo sa yo sanble, men yo gen de sans diferan nèt.

“Infliger”, se lè w ap bay yon moun yon chaj (tankou yon amand oswa yon pinisyon).

“Affliger”, se lè w tris oswa w nan gwo lapenn. Isit la, se yon pinisyon pwofesè a ap bay, donk se “infligé”.


  • Définition  :
  • Infliger signifie imposer une peine ou une sanction.
  • Affliger signifie causer une grande douleur morale ou de la tristesse.

  • Règle  : On inflige une punition, mais on est affligé par une mauvaise nouvelle.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se pou tristès.
  • C ak D se fòm feminen, men isit la se pwofesè a (le maître) ki fè aksyon an, donk pa gen akò fi pou fè

Gramè – Pronoms Personnels (Y / En) :

#81. Complétez avec le pronom correct : « Elle veut se rendre à Haiti, elle croit qu’elle ……….. vivra mieux. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Siyifikasyon (Sans) : Li vle ale Sen Domeng, li panse l ap viv pi byen lòtbò a.

  • Eksplikasyon  : Pwonon “y” ak “en” toujou bay pwoblèm. Sonje sa: “Y” ranplase yon kote (lieu) kote w prale oswa kote w ye a. Isit la, n ap pale de AYITI (yon kote).

  • Définition  : Le pronom “y” remplace un complément de lieu introduit par les prépositions “à”, “en”, “dans”, “chez”, etc.

  • Règle  : Pour éviter la répétition d’un lieu, on place “y” devant le verbe.

  • Teknik : Di nan tèt ou: “L ap viv pi byen OÙ (Kote)?” -> “À HAITI”. Depi gen yon “À” ki kache, se “y” pou w mete.

  • Poukisa lòt yo pa bon : “En” ranplase yon bagay ki kòmanse ak “de”.
  • “Le” ak “la” ranplase objè dirèk (COD).

Gramè – Transformation Pluriel (Noms composés)  : 

#82. Mettez au pluriel : « Hinche et Port-au-Prince sont des ……….. de Département. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Siyifikasyon (Sans) : Ench ak Pòtoprens se vil ki alatèt depatman yo.

  • Eksplikasyon  : Sa a se yon règ ki rèd! Nan yon non konpoze ki gen de “non” (chef + lieu), an jeneral yo tou de pran “s”. Men atansyon ak “lieu” ki pran “x” nan pliryèl.

  • Définition : Dans les noms composés formés de deux noms, les deux éléments s’accordent généralement en nombre.

  • Règle : Le mot “lieu” au pluriel se termine par un “x”. Le mot “chef” prend un “s”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A bliye “s” nan “chef” epi mete move pliryèl nan “lieu”.
  • B bliye “s” nan “chef”.
  • D se yon dezas total nan otograf.

Gramè – Accord du Participe Passé :

#83. Choisissez la bonne forme : « La directrice du collège, je l’ai (voir) ……….. arrivé avec les bras chargés de livres. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Siyifikasyon (Sans) : Mwen te wè direktè a ki t ap rive ak yon pil liv nan bra l.

  • Eksplikasyon  : Men pyèj lan: vèb la gen oksilyè “avoir” (ai), donk ou pa sipoze fè akò ak sijè a (mwen/je). Men, gen yon ti pwonon “l’” anvan vèb la ki reprezante “la directrice”. Kòm direktè a se yon fi epi l ap fè aksyon an, ou dwe mete yon “e”.

  • Définition (Regle) : Le participe passé employé avec l’auxiliaire “avoir” s’accorde en genre et en nombre avec le complément d’objet direct (COD) si celui-ci est placé avant le verbe.

  • Teknik : Poze kesyon “Kisa?” apre vèb la: “Mwen te wè KISA?” -> “l’” (la directrice). Kòm “l’” anvan vèb la, mete “e” pou fi a.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se pou gason. B ak D se pou pliryèl (anpil moun).

Vokabilè – Homophones “S’en / Sans / Cent / Sang”  : 

#84. Complétez la phrase : « Ne le critiquez pas, il ……….. savait ce qui s’est passé. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Siyifikasyon (Sans) : “Pa kritike l, li te konn sa k te pase a.”

  • Eksplikasyon  : Kat mo sa yo sonnen menm jan, men yo pa vle di menm bagay. Men isit la, nou bezwen yon estrikti kote pwonon “se” ak “en” konbine. “Il s’en savait” vle di li te konn sa.

  • Définition  : “S’en” est composé du pronom réfléchi “se” et du pronom adverbial “en”.

  • Teknik : Ranplase mo a nan tèt ou.
  • “Sans” vle di san (pa gen yen).
  • “Sang” se san k ap koule nan kò w.
  • “Cent” se chif 100. Si okenn nan sa yo pa mache, se “s’en” pou w mete.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A, B, ak C pa bay okenn sans nan gramè fraz la.

Gramè – Radical et Suffixe : 

#85. Trouvez le radical du mot « Enrubannée » :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Siyifikasyon (Sans) : Yon bagay ki mare ak riban (ruban).

  • Eksplikasyon  : Pou w jwenn “kè” (radical) yon mo, retire tout ti moso yo mete devan (préfixe) ak dèyè (suffixe). Sa k rete a, se li k bay sans prensipal la.

  • Définition  : Le radical est la partie invariable d’un mot qui contient son sens de base et permet de former d’autres mots de la même famille.

  • Teknik : Gade mo a: “En-ruban-née”. “En” se yon prefiks, “née” se yon sufiks ak yon mak akò. Sa k rete nan mitan an se “ruban”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A ak B se moso yo ajoute (affixes).
  • D se yon moso mo a ki pa konplè.

Otograf – Homophones “Dès / Des” (Sous:) :

#86. Complétez avec le mot correct : « ……….. le lever du jour nous partons à la pêche. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Depi solèy la leve, n ap pati al lapèch.”.

  • Esplikasyon  : Pèlen sa a baze sou son. “Dès” (ak aksan) ak “Des” (san aksan) sonnen menm jan, men yo pa gen menm travay. Isit la, n ap pale de yon moman nan tan an.

  • Définition : “Dès” est une préposition de temps qui signifie “à partir de”. Elle indique le point de départ d’une action..

  • Règle  : Il ne faut pas confondre la préposition “dès” (accent grave) avec l’article indéfini ou défini contracté “des” (pluriel de un/une)..

  • Teknik : Eseye ranplase mo a pa “Depuis”. Si sa mache nan sans fraz la, se “Dès” (ak aksan) pou w mete.

  • Poukisa lòt yo pa bon : “Des” se pou plizyè bagay (des livres).
  • “De” montre orijin.
  • “Det” pa egziste vraimment pou pati sa.

Gramè – Subordonnée  (Sous:,)  : 

#87. Indiquez le type de subordonnée : « Cache-toi de peur qu’on ne te voit. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Kache kò w paske w pè pou moun pa wè w.”,.

  • Esplikasyon  : Isit la, n ap pale de yon “bi” (objektif). Men se yon objektif negatif: w ap aji pou yon move bagay pa rive.

  • Définition : La proposition subordonnée de but exprime la finalité d’une action. “De peur que” exprime une crainte que l’on veut éviter.,.

  • Règle : Les locutions “de peur que” ou “de crainte que” sont toujours suivies du subjonctif..

  • Teknik : Depi w wè mo “peur” oswa “crainte” ki mare de fraz yo, se yon “But” pou evite yon danje.

  • Poukisa lòt yo pa bon : Cause t ap di “paske yo wè w”. Conséquence t ap di “donk yo wè w”.

ramè – Pronom Relatif Composé (Sous:,) :

#88. Complétez avec le pronom correct : « C’est un vase ……….. je tiens beaucoup. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Se yon po flè mwen atache avè l anpil (mwen renmen l).”.

  • Esplikasyon : Sa a se yon kesyon trè teknik. Vèb “tenir” a mache ak prepozisyon “À” (tenir À quelque chose). Lè w ap ranplase yon bagay ki gen “À” devan l, epi bagay la se yon objè, ou sèvi ak “auquel”.

  • Définition  : Le pronom relatif composé (auquel, laquelle, etc.) s’utilise après une préposition pour remplacer un antécédent inanimé..

    .

  • Teknik : Gade vèb la: si li mande “À” (penser à, tenir à), chwazi “auquel”. Si li mande “DE” (parler de), chwazi “dont”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : “Que” t ap bon si te gen “Je vois le vase”.
  • “Dont” t ap bon si te gen “Je parle du vase”.

Gramè – Concordance des temps nan Diskou Endirèk (Sous: Juillet 2016)  : 

#89. Transformez au style indirect : On nous avait prévenus : « Les bureaux postaux seront fermés après demain. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : Yo te gentan di nou davans ke biwo lapòs yo t ap gen pou yo fèmen nan de jou (apre demen).

  • Esplikasyon : Sa a se youn nan pwen ki pi difisil pou elèv yo. Lè vèb ki an kòmansman an (prévenus) nan yon tan pase, vèb ki nan futur la (seront) dwe chanje pou l tounen Conditionnel Présent (seraient). Epitou, mo “après demain” an dwe chanje pou l tounen “le surlendemain”.

  • Définition : La concordance des temps dans le discours rapporté impose une modification du futur simple en conditionnel présent lorsque le verbe de déclaration est au passé.

  • Règle  : Futur simple Conditionnel présent ; Après-demain Le surlendemain.

  • Teknik : Depi w wè vèb anvan gimè yo nan yon tan pase (avait prévenu), chèche opsyon ki gen vèb ki fini nan “-aient” oswa “-ait”.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A pa chanje tan vèb la
  • . C chanje sans fraz la nèt.
  • D sèvi ak yon lòd, men isit la se yon enfòmasyon yo t ap bay.

Gramè – Futur Simple Iregilye (Sous: Juillet 2012) : 

#90. Écrivez le verbe au futur simple : « Cela ne (valoir) ……….. pas la peine de l’aider. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Sa p ap vo lapenn pou n ede l.”

  • Esplikasyon  : Vèb “Valoir” gen yon futur ki chanje nèt (irregular). Li pa fè “valera” jan anpil elèv konn ekri l, li fè “vaudra”.

  • Définition  : Le futur simple exprime une action à venir. Certains verbes du 3e groupe modifient leur radical au futur.                                                      Valoir Je vaudrai, tu vaudras, il vaudra.

  • Teknik : Sonje ke vèb ki fini nan “-oir” souvan chanje radikal yo pou yo pran yon “d” oswa “rr” (vouloir voudra, pouvoir pourra).

  • Poukisa lòt yo pa bon : A ak C se move fòmasyon. D mete yon “t” ki pa sipoze la nan futur pou “il/elle”.

. Gramè – Subjonctif vèb “Aller” (Sous: Août 2010) :

#91. Conjuguez correctement : « Leur père ne veut pas qu’elles (aller) ……….. voir ce film. »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Papa yo pa vle pou y al gade fim sa a.”

  • Esplikasyon  : Vèb “vouloir que” kòmande subjonctif. Vèb “aller” nan subjonctif chanje nèt: “que j’aille, que tu ailles, qu’il aille, qu’elles aillent”.

  • Définition : Le subjonctif présent du verbe aller est irrégulier et se construit sur le radical “aill-“.

  • Poukisa lòt yo pa bon : A se prezan. B se futur. D se imparfait.

Otograf – Akò Adjektif “Tel quel” (Sous: Juillet 2023) :

#92. Accordez correctement : « Louis a retrouvé les cartes postales (tel quel) ……….. »

La Réponse : D ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Louis jwenn kat postal yo egzakteman jan yo te ye a.”

  • Esplikasyon  : Ekspresyon “tel quel” la dwe fè akò ak mo l ap dekri a. Isit la, l ap dekri “les cartes postales”. Kat postal se feminen (une carte) epi yo anpil (pliryèl). Donk “tel” vin “telles” epi “quel” vin “quelles”.

  • Définition  : L’expression “tel quel” signifie “dans l’état où l’on est”. Elle s’accorde en genre et en nombre avec le nom qu’elle qualifie.

  • Teknik : Toujou tcheke si bagay y ap pale a se yon “feminen” oswa yon “maskilen” anvan w chwazi fòm “tel” la.

Gramè – Akò Participe Passé (Sous: Juillet 2014)

#93. : Accordez : « Ces choses, je les ai (voir) ……….. ; elles sont restées (peindre) ……….. dans mon esprit. »

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Bagay sa yo, mwen te wè yo; yo rete grave (pentire) nan lespri m.”

  • Esplikasyon : Gen de akò la a.

1) Avèk “avoir” (ai), pwonon “les” la (ki reprezante “ces choses”) anvan vèb la, donk nou mete “es”.

2) Avèk “être” (sont restées), nou toujou fè akò ak sijè a (elles), donk nou mete “es” tou.


  • Définition (regle) : Le participe passé avec “avoir” s’accorde avec le COD placé avant le verbe. Avec un verbe d’état (rester), il s’accorde avec le sujet.

Gramè – Tan vèb ki pa mache (L’intrus) (Sous: Août 2010)  : 

#94. Soulignez l’intrus par rapport au temps des verbes : « Nous trions – nous envions – nous avions – nous crions »

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Esplikasyon : Sa a se yon pyèj pou moun ki pa gade byen. “Trions”, “envions”, ak “crions” se vèb nan Indicatif Présent (nou triye, nou anvi, nou rele). Men “avions” se vèb “avoir” nan Imparfait (nou te genyen).

  • Définition  : L’intrus est le mot qui ne respecte pas la série temporelle (ici le Présent de l’indicatif).

  • Teknik : Pa sèlman gade jan mo a fini (ons), gade si se prezan oswa si se yon tan pase.

Gramè – Passage à la Voix Active (Sous: Août 2010)  :

#95. Transformez à la voix active : « Tu seras maintenant plus fort par nos soins assidus. »

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Sans (Siyifikasyon) : “Swen nou ba ou ak tout kè nou pral fè w vin pi fò.”

  • Esplikasyon : Pou w pase nan voix active, vèb la dwe nan menm tan ak vèb “être” ki nan voix passive la. “Seras” se Futur Simple. Donk, vèb la nan voix active la dwe nan futur tou (rendront).

  • Définition (Regle) : À la voix active, le sujet accomplit l’action. Le temps du verbe actif doit être identique à celui de l’auxiliaire de la voix passive.
Anvan
Fini

Leave a Reply

Scroll to Top