apojeakademy

SVT-SMP BIO-GEO QUIZ NS4

Byenvini nan Quiz Biologie et Geologie sa ki fèt apati de 10 dènye exam ofisyèl yo. ApojeakaDemy fel pou ka revize epi teste konesans ou ak nivow pou exam kap vini an, tanpri evite itilize ,Google,ChatGPT , elatriye si gen yonm kesyon ou pa ka reponn jis chwazi nenpot epi platfom nan ap eksplikew li byen. Bon travay LOREYA

 

Rezilta yo

( sous: Biologie – Jiyè 2025)

#1. L’inhabilité à distinguer le rouge du vert est appelée :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Daltonisme se yon maladi kote yon moun pa ka byen fè diferans ant koulè wouj ak koulè vèt.

Gèn ki responsab maladi sa a chita sou kwomozòm seksyèl X la.


  • Définition  : Le daltonisme est une anomalie visuelle liée aux photorécepteurs de la rétine, transmise de manière héréditaire liée au sexe.

  • Poukisa lòt yo pa bon? :

 

    • Myopie : Se lè yon moun pa wè byen de lwen.
    • Astigmatisme : Se yon deformation nan kòne a ki rann vizyon an flou.
    • Héméralopie : Se yon difikilte pou moun wè nan fènwa (souvan akòz mank Vitamin A).

  • Teknik pou memorize : Sonje “Wouj-Vèt = X”. Piske gèn nan sou X, gason yo (XY) pi fasil genyen l paske yo gen yon sèl X, alòske fi (XX) dwe genyen de X malad yo pou yo daltonyen

(Biologie – Jiyè 2025)

#2. La vitamine qui combat l’anémie pernicieuse s’appelle :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Vitamin B12 (yo rele tou cyanocobalamine) esansyèl pou kò a ka pwodwi globil wouj ki sen.

Lè yon moun manke li, li fè yon maladi yo rele Anémie de Biermer oswa Anémie pernicieuse.


  • Définition : La vitamine B12 est un cofacteur essentiel à la synthèse de l’ADN et à la maturation des érythrocytes.

  • Karakteristik lòt vitamin yo :

 

    • Vitamine C : Goumen kont Scorbut (sa ki bay senyen nan jansiv).
    • Vitamine D : Kontwole kalsyòm nan zo; mank li bay Rachitisme lakay timoun.
    • Vitamine K : Sèvi pou kowagulasyon san an (anpeche moun pèdi twòp san lè yo blese)

(Biologie – Jiyè 2022) 

#3. Le caryotype d’une personne atteinte du syndrome de Down est :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Sendwòm Down (yo rele tou Trisomie 21) se yon anomali kote moun lan gen 3 kwomozòm nan pè nimewo 21 an, olye de 2. Sa fè moun lan gen 47 kwomozòm total nan selil li yo

  • Définition : Le syndrome de Down est une aberration chromosomique de nombre caractérisée par la présence d’un autosome surnuméraire sur la paire 21.

  • Poukisa lòt yo pa bon? :

 

    • 45, XO : Se Syndrome de Turner (yon fi ki manke yon X).
    • 47, XXY : Se Syndrome de Klinefelter (yon gason ki gen yon X anplis).
    • 46, XY : Se kariyotip yon gason nòmal.

  • Tektik : Chak fwa ou tande “Trisomie”, sonje se 3 kwomozòm (47 total).
  • Lè se “Monosomie” (tankou Turner), se 1 ki manke (45 total)

(Géologie – Jiyè 2022) 

#4. Le point de la surface terrestre situé à la verticale du foyer d’un séisme est :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Nan yon tranblemanntè, kote krak la fèt anba tè a rele Foyer (oubyen Hypocentre). Pwen ki dwat anlè foyer a sou sifas tè a, kote sekous la pi fò a, rele Épicentre.

 

  • Définition  : L’épicentre est la projection verticale du foyer sur la surface terrestre.

  • Lòt konsèp enpòtan :
    • Faille : Se kote kouch tè a fann epi glise a.

 

    • Ondes sismiques : Se vibrasyon ki vwayaje nan tè a lè gen séisme.

  • Tektik : Sonje prefiks “Épi-” vle di “sou/anlè”. Kidonk, Épicentre se sant ki “sou” sifas tè a.

(Géologie – Jiyè 2025)

#5. Reliez les éléments de la colonne A (Phénomène) à la colonne B (Rôle)

La Réponse : a-2, b-1 ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Effet de serre la pa yon move bagay nan nati a; se li ki pèmèt tè a gen yon tanperati ki bon pou lavi

 

  • . Kouch Ozone lan menm aji tankou yon filtè oswa “ekran solè” ki bloke reyon iltravyolèt (UV) ki danjere yo.

  • Règle : L’effet de serre naturel maintient la température moyenne globale à un niveau viable, tandis que la couche d’ozone protège la biosphère des rayons UV nocifs.

  • Atansyon : Pa konfonn Effet de serre naturel ak Effet de serre renforcé. Renforcé a se li ki lakòz chanjman klimatik paske gen twòp gaz poliyan (CO2, Méthane) moun voye nan lè a

(Biologie – Jiyè 2025) 

#6. La manifestation externe du génotype est appelée :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Jenotip la se enfòmasyon ki kache nan ADN nou, men sa nou wè ak je nou (tankou koulè je, fòm cheve, wotè) se sa nou rele Phénotype. Se rezilta travay jèn yo ansanm ak enfliyans anviwònman an.

  • Définition  : Le phénotype est l’ensemble des caractères apparents d’un individu, correspondant à l’expression visible de son génotype.

  • Pou kisa lòt yo pa bon? :

 

    • Allèle : Se diferan vèsyon yon jèn ka genyen (pa egzanp: jèn koulè je ka gen allèle “ble” oswa “mawon”).
    • Génome : Se tout jèn yon moun genyen nèt.
    • Lignée pure : Se lè paran yo gen menm rès jèn (homozygote) epi pitit yo toujou sanble ak yo san chanjman

(Géologie – Fevriye 2022 / Jiyè 2025)

#7. Une planète composée essentiellement de roches et de métaux est une :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Planèt ki fèt ak matyè solid tankou wòch ak metal (tankou Latè, Mas, Venis) yo rele yo planètes telluriques. Yo gen yon sifas solid kote moun ka mache.

  • Définition : Une planète tellurique est une planète rocheuse de haute densité, principalement composée de silicates et de métaux, possédant une surface solide.

  • Poukisa lòt yo pa bon? :
    • Planète gazeuse : Se planèt ki fèt ak gaz sèlman, yo pa gen kote solid pou moun poze pye yo (tankou Jupiter oswa Saturne).

    • Étoile filante : Se pa planèt, se ti moso wòch (météoroïdes) k ap boule lè yo antre nan atmosfè a.

  • Teknik : Sonje “Tellurique” soti nan mo Latin “Tellus” ki vle di “Tè”. Si gen tè ak wòch, li se tellurique.

(Biologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2025)

#8. Le pancréas est considéré comme une glande mixte parce qu’il :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Pankreyas la se yon glande mixte (oswa amphicrine) paske li fè de (2) travay:

1) Li voye ji pankreyatik nan trip la pou dijere manje (fonksyon exocrine).

2) Li voye jèn tankou ensilin ak glikagon dirèkteman nan san an pou kontwole sik (fonksyon endocrine).


  • Karakteristik : Le pancréas est une glande mixte car il assure une sécrétion exocrine (sucs digestifs via des canaux) et une sécrétion endocrine (hormones déversées dans le sang).

  • Teknik pou egzamen : Si yo mande w non selil yo, sonJe:

Acini yo se pou dijesyon (exocrine), epi Ilots de Langerhans yo se pou sik nan san (endocrine)

(Biologie – Jiyè 2021 / Jiyè 2025) 

#9. La vitamine nécessaire pour une bonne coagulation du sang est la?……… :

La Réponse : Vitamin K ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Vitamin K se li ki penmèt san an kowagile (fè boul) lè yon moun blese pou l pa pèdi tout san l.

 

  • Si yon moun manke vitamin K, yon ti blese ka fè l pèdi anpil san.

  • Définition  : La vitamine K est une vitamine liposoluble essentielle à la synthèse des protéines intervenant dans la coagulation sanguine.

  • Eksplikasyon lòt yo :
    • Vitamine A (Rétinol) : Bon pou je, pou moun ka wè nan fènwa.
    • Vitamine B12 : Goumen kont anemi pernicieuse.
    • Vitamine C : Goumen kont scorbut (senyen jansiv)

(Géologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2022)

#10. Le principe de la stratigraphie selon lequel une couche est plus récente que celle qu’elle recouvre est le :………….

La Réponse :  Principe de superposition ✅
La Logique :

Eksplikasyon  : Nan jewoloji, pou n konnen laj kouch tè yo (strates), nou itilize prensip Superposition. Sa vle di, kouch ki anba a pi ansyen, kouch ki vin poze sou li a pi jenn (pi resan).


 

  • Règle : Le principe de superposition stipule que toute couche sédimentaire est plus récente que celle qu’elle recouvre et plus ancienne que celle qui la recouvre.

  • Lòt prensip yo :
    • Continuité : Yon kouch gen menm laj sou tout longè li.
    • Identité paléontologique : De kouch ki gen menm kalite fosil ladan yo gen menm laj.

  • Teknik : Panse ak yon pil rad w ap ranje. Sa w mete an premye a ap anba nèt (li pi vye), sa w mete an dènye a ap anlè nèt (li pi resan).

(Biologie – Jiyè 2022 / Jiyè 2025)

#11. La liaison entre deux gènes situés sur le même chromosome s’appelle? :…….

La Réponse : Le linkage✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Lè de jèn chita sou menm kwomozòm lan, yo gen tandans vwayaje ansanm nan desandans lan. Fenomèn sa a rele linkage. Sa vle di yo lye.

  • Définition : Le linkage (ou liaison génétique) désigne la tendance des gènes à être hérités ensemble car ils sont localisés physiquement à proximité sur un même chromosome.

  •  kek lòt  ki ka konfonn ou :
    • Crossing-over : Se lè kwomozòm yo boukante moso ant yo.
    • Transcription : Se lè kò a kopye ADN pou fè ARN.
  • Règle : Linkage la anpeche lwa Mendel sou separasyon endepandan karaktè yo (3èm lwa) aplike nòmalman.

(Biologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2025) 

#12. Les cellules des îlots de Langerhans du pancréas qui sécrètent l’insuline sont :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Nan pankreyas la, gen yon  ti gwoup selil ki rele “îlots de Langerhans“.

 

  • Ladan yo, gen selil Bêta ki pwodwi insuline (pou bese sik) epi gen selil Alpha ki pwodwi glucagon (pou monte sik lè l ba).

  • Caractéristique  : Les cellules bêta représentent environ 70% des cellules des îlots de Langerhans et sont responsables de la sécrétion de l’insuline, hormone hypoglycémiante.

  • Teknik : Sonje B-I (Bêta-Insuline) ak A-G (Alpha-Glucagon).

(Biologie – Jiyè 2022 / Jiyè 2025)

#13. La coque protectrice qui entoure le matériel génétique d’un virus est appelée :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon an kreyòl : Yon viris pa yon selil nòmal. Li gen ADN oswa ARN li ki kache anndan yon “kokiy” pwoteyin yo rele capside.

  • Définition  : La capside est une structure protéique complexe enveloppant et protégeant le génome viral (acide nucléique).

  • Atansyon : Yon viris pa janm gen yon “noyau” tout bon (li se yon acaryote). 

 

  • e Li pa ka viv pou kont li, li bezwen yon lòt selil pou l miltipliye (parasite obligatoire)

(Géologie – Jiyè 2025)

#14. Les fossiles caractéristiques de l’ère primaire sont les :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Pou chak gwo peryòd nan istwa latè a, gen bèt ki te viv sèlman nan tan sa a. Pou Ère Primaire la, se Trilobites yo ki pi popilè kòm fossile stratigraphique.

  • Règle : Un bon fossile stratigraphique doit avoir une large extension géographique et une courte durée de vie à l’échelle des temps géologiques (ex: Trilobites pour le Primaire).

  • Poukisa lòt yo pa bon? : Dinosaures yo te viv nan Ère Secondaire (Ère des reptiles).

(Géologie – Jiyè 2025) 

#15. Le nom générique chimique du calcaire (CaCO3) est :

a Réponse : Le carbonate de calcium ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : CaCO3 se fòmil chimik pou Carbonate de calcium. Se li ki fòme wòch nou rele calcaire yo ak kokiyaj bèt nan lanmè.

  • Définition  : Le carbonate de calcium est un composé chimique majeur présent dans les roches sédimentaires carbonatées comme le calcaire et la craie.

(Géologie – Jiyè 2025) 

#16. Le représentant actuel du genre Homo sur la Terre est : ? KOnplete fraz la

La Réponse : Homo Sapiens ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : daprè la syans Nan tout branch ras moun ki te pase sou latè, se yon sèl ki rete vivan jodi a: se nou menm, Homo sapiens. Lòt yo (Habilis, Erectus) disparèt depi byen lontan.

  • Définition  : Homo sapiens est la seule espèce subsistante du genre Homo, caractérisée par une bipédie parfaite et un volume crânien important.

  • Teknik : “Sapiens” vle di “ki konnen” oswa “ki entèlijan”.

(Géologie – Jiyè 2022 / Jiyè 2025) 

#17. La discontinuité de LEHMANN sépare :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Latè gen 3 gwo kouch (croûte, manteau, noyau).
  • Noyau a gen 2 pati: yon pati deyò ki likid ak yon boul anndan ki solid. Liy kote chanjman sa a fèt la rele Discontinuité de Lehmann.

  • Règle : Les discontinuités marquent un changement brusque de la vitesse des ondes sismiques, indiquant un changement de composition ou d’état physique de la matière.

  • Lòt yo pou memorize :
    • Mohorovicic (Moho) : Ant croûte ak manteau.
    • Gutenberg : Ant manteau ak noyau.

(Biologie – Jiyè 2025)

#18. Une fille atteinte du syndrome de Turner possède la formule chromosomique suivante :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Syndrome de Turner se yon maladi ki rive fi sèlman. Olye yo gen de kwomozòm X, yo gen yon sèl (XO). Sa fè yo gen yon total 45 kwomozòm nan selil yo.

  • Définition : Le syndrome de Turner est une monosomie X, caractérisée par l’absence totale ou partielle d’un second chromosome sexuel chez une femme.

  • Teknik : “Mono” = 1. Nan Turner, gen yon sèl X. Nan Trisomie, gen 3 (47 total).

Tèks pou kesyon 19 rive 21:

Tèm 1: La Drépanocytose (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2019

La drépanocytose affecte l’hémoglobine des globules rouges. Cette maladie génétique très répandue se manifeste notamment par une anémie, des crises douloureuses et un risque accru d’infections… La recherche poursuit ses efforts pou rtraiter la maladie à la source, là où naissent les globules rouges.”

#19. En quoi consiste cette maladie(La drépanocytose) du point de vue cellulaire ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon an kreyòl : Nan maladi sa a, emoglobin lan ki se (pwoteyin ki pote oksijèn) chanje fòm. Sa fè globil wouj yo (hématies) pèdi fòm won yo pou yo pran yon fòm “faucille” (tankou yon kouto digo). Sa ki vin anpeche yo pase byen nan ti veso san yo.

Caractéristique  : La drépanocytose est caractérisée par la synthèse d’une hémoglobine anormale (HbS) qui polymérise, entraînant la falciformation des hématies.



 

  • Poukisa lòt yo pa bon? :

 

  • Opsyon A se lesemi: Une production excessive de globules blancs 
  •  Opsyon C se anemi ferriprive: Une carence en fer dans le plasma 
  • Opsyon D se hemophilie: ne mauvaise coagulation du sang

  • Teknik : Sonje mo “Falciforme” vle di fòm digo. Drépanocytose = Globil wouj an fòm digo.

Tèm 1: La Drépanocytose (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2019

#20. Cette pathologie (de La Drépanocytose )est-elle liée aux hétérochromosomes (chromosomes sexuels) ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Drépanocytose se yon maladi autosomale. Sa vle di jèn ki malad la pa chita sou X oswa Y (sèks), li chita sou yon kwomozòm nòmal (pè nimewo 11). Kidonk, li frape fi kou gason menm jan.

  • Règle  : C’est une maladie héréditaire autosomale récessive. Le gène responsable est situé sur la paire d’autosomes n°11.

  • Teknik pou egzamen : Si yo mande w jistifye, di: “Elle frappe les deux sexes avec la même fréquence.”

Tèm 1: La Drépanocytose (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2019

#21. Quelle vitamine peut-on prendre pour stimuler l’hématopoïèse (production de globules rouges) ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Pou kò a fabrike globil wouj, li bezwen asid folik (B9) ak Vitamin B12. Lè yon moun gen drépanocytose, kò l detwi globil yo vit, donk li bezwen vitamin sa yo pou l ka kontinye pwodwi lòt nèf.

  • Définition : La vitamine B12 (cyanocobalamine) et l’acide folique (B9) sont indispensables à la division cellulaire et à la maturation des érythrocytes.

  • Tektik : Toujou asosye B12 ak “San” oswa “Anémie”.

Pwoblèm pou repwodwi (Kesyon 22-23):

Tèm 2: Problème de Génétique – Monohybridisme Referans: Egzamen Jiyè 2022 (SVT).
“Des souris de couleur noire sont croisées avec des souris blanches de lignée pure. La première génération (F1) ne donne que des souris noires.”

#22. Quels sont les génotypes des parents (P) si on utilise “N” pour noir et “b” pour blanc ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon an kreyòl : Tèks la di paran yo se “lignée pure” (homozygote). Piske tout pitit yo (F1) soti nwa, sa vle di koulè nwa a gen dominans sou koulè blan an. Donk, nwa se (NN) epi blan se (bb).

  • Règle  : La lignée pure signifie que les individus sont homozygotes pour le caractère considéré (NN x bb).

  • Teknik : Dominan an toujou an majiskil (N), resesif la an miniskil (b).
Tèm 2: Problème de Génétique – Monohybridisme Referans: Egzamen Jiyè 2022 (SVT).

#23. Si on croise deux individus de la F1 entre eux, quels seront les résultats à la F2 ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Pitit F1 yo se (Nb). Si w kwaze (Nb) ak (Nb), w ap jwenn:

 

  • 1 (NN), 2 (Nb), ak 1 (bb). Sa bay 3 nwa pou 1 blan (sa vle di 75% kont 25%). Sa se dezyèm lwa Mendel la.

  • Logique detaye (Tableau de Punnett) : | | N | b | | :— | :— | :— | | N | NN (Noir) | Nb (Noir) | | b | Nb (Noir) | bb (Blanc) |

  • Loi  : La deuxième loi de Mendel ou loi de pureté des gamètes se traduit par une ségrégation des caractères en 3/4 [Dominant] et 1/4 [Récessif] à la F2.

Tèks pou kesyon 24 rive 26:

Tèm 3: Les Séismes (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2025.
“Lorsqu’un séisme est déclenché, un front d’ondes sismiques se propage dans la croûte terrestre. On nomme foyer le lieu où se produit le séisme, alors que l’épicentre désigne le point à la verticale du foyer.”

#24. Comment appelle-t-on l’appareil qui enregistre les ondes sismiques ?……

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Se Sismographe la ki pèmèt nou mezire vibrasyon tè a. Papye li ekri sou li a rele Sismogramme.

  • Définition  : Le sismographe est un appareil de mesure équipé d’un capteur sensible aux mouvements du sol et d’un système d’enregistrement.

     

  • Poukisa lòt yo pa bon? : Thermomètre se pou chalè; Baromètre se pou presyon lè; Hygromètre se pou imidite.
Tèm 3: Les Séismes (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2025.

#25. Quels sont les deux types d’ondes qui se propagent à l’intérieur du globe terrestre ?

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Gen de kalite ond k ap vwayaje anba tè a:

 

  • OND P (ki pi vit, yo pase nan solid ak likid) ak OND S (ki pi dousman, yo pase nan solid sèlman).

 

Ond L ak R yo vwayaje sèlman sou sifas tè a.


  • Diferans  : Les ondes de volume (P et S) traversent la Terre, tandis que les ondes de surface (L et R) se propagent le long de la croûte et causent le plus de dégâts.

  • Teknik : P = “Première” (li rive anvan), S = “Seconde” (li rive apre).

Tèm 3: Les Séismes (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2025.

#26. Quelle échelle mesure l’énergie libérée (magnitude) par un séisme ?

La Réponse : L’échelle de Richter✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Gen de fason yo evalye yon tranblemanntè: Richter mezire fòs (énèji) ki soti nan foyer a, alòske Mercalli mezire dega ak sa moun santi sou sifas la.

  • Règle  : La magnitude d’un séisme est mesurée sur l’échelle de Richter (logarithmique), tandis que l’intensité est évaluée sur l’échelle EMS-98 ou Mercalli.

     

  • Teknik : Richter = Chif (1 rive 9), Mercalli = Chif Women (I rive XII).

(Biologie – Jiyè 2025) 

#27. L’hormone qui favorise la réabsorption de l’eau par le rein est :

La Réponse : L’ADH (Hormone antidiurétique)✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Lè w swaf oswa kò w manke dlo, sèvo a voye ADH (yo rele tou Vasopressine). Hormone sa a di ren yo pou yo pa voye dlo a jete nan pipi, men pou yo re-aspirat li nan san an.

  • Fonction  : L’ADH, produite par l’hypothalamus et stockée dans la neurohypophyse, augmente la perméabilité des tubes collecteurs du rein pour économiser l’eau.

(Géologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2025) 

#28. Quel minerai est la principale source d’aluminium en Haïti ?

a Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Nan peyi Ayiti (sitou nan zòn Miragwan), nou gen anpil Bauxite. Se wòch wouj sa a yo itilize pou fè aliminyòm.

  • Formule Chimique : La bauxite (Al2O3, nH2O) est le minerai d’aluminium. Elle a été exploitée en Haïti par la Reynolds Haitian Mines.

  • Konnen lòt yo : Azurite = Kwiv (Cu); Blende = Zenk (Zn); Sidérose = Fè (Fe).

Tèks pou kesyon 29 rive 31:

Tèm 4: Le Pancréas (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2022

“Le pancréas est un viscère situé à proximité de l’estomac, relié au duodénum. Toute variation de la glycémie est détectée par des cellules spécialisées de cette glande considérée comme mixte.”

#29. Pourquoi le pancréas est-il qualifié de “glande mixte” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Yo diL yon glann “mixte” (oswa amphicrine) paske  li fè de (2) kalite travay:

 

  • 1) Exocrine: li voye ji nan trip pou dijesyon.
  • 2) Endocrine: li voye jèn (hormones) tankou ensilin nan san an.

  • Définition  : Une glande mixte possède à la fois une sécrétion externe (sucs pancréatiques vers le tube digestif) et une sécrétion interne (hormones vers le sang).

  • Tektik : Si yo mande w non kanal la, sonje se canal de Wirsung ki mennen ji yo nan duodénum lan.

Tèm 4: Le Pancréas (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2022

#30. Laquelle des substances sécrétées par le pancréas agit spécifiquement en cas d’hypoglycémie ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Lè sik ou ba (hypoglycémie), pankreyas la voye glucagon pou l di fwa a lage sik nan san an. Ensilin lan menm sèvi lè sik la twò wo (hyperglycémie).

  • Fonction : Le glucagon est une hormone hyperglycémiante qui stimule la libération du glucose stocké dans le foie.

  • Poukisa lòt yo pa bon? : Insuline se pou bese sik; Thyroxine se pou kwasans ak metabolis; Adrénaline se pou strès.

Tèm 4: Le Pancréas (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2022

#31. En quoi consiste la glycogénolyse et quel est l’organe principal concerné ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Lè kò a bezwen sik, li kase rezèv li te genyen an (ki rele glycogène). Travay sa a fèt sitou nan fwa a, epi li rele glycogénolyse.

  • Définition  : La glycogénolyse est la dégradation du glycogène en glucose sous l’action du glucagon, principalement dans le foie.

  • Teknik : Sonje pwent mo yo: “-lyse” vle di koupe oswa kase. Kidonk, Glycogéno-lyse = kase glikojèn.

Tèks pou kesyon 32 rive 34:

Tèm 5: Le Changement Climatique (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2025
“La hausse de la température moyenne enregistrée depuis quelques décennies est liée aux activités humaines. Les gaz rejetés retiennent la chaleur, provoquant l’effet de serre renforcé.”

#32. Quelle est une conséquence directe de la fonte des glaciers liée au changement climatique ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Lè glas nan pot nò ak pot sid yo fonn, dlo a vide nan lanmè. Sa fè nivo dlo a monte, sa ki ka neye zile ak lavil ki bò dlo yo. Moun ki oblije kouri yo rele yo “réfugiés climatiques”.

  • Règle  : La dilatation thermique de l’eau et la fonte des calottes glaciaires entraînent une élévation du niveau marin
Tèm 5: Le Changement Climatique (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2025

#33. En quoi consistent les “pluies acides” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Lè lafimen faktori ak machin melanje ak dlo nan nwayaj yo, lapli ki tonbe a vin asid. Li touye bwa nan forè yo epi li touye pwason nan dlo dous yo.

  • Définition : Les pluies acides résultent de la retombée de polluants atmosphériques (SO2, NOx) qui s’acidifient au contact de l’humidité.

Tèm 6: Les Vitamines et Pathologies (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2022

#34. La carence en Vitamine B3 (ou Vitamine PP) provoque une maladie appelée :

La Réponse : La Pellagre✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Mank Vitamin B3 bay Pellagre. Yo rekonèt li ak 3 siy (les 3 D):

Dermatite (pwoblèm po), Diarrhée (vant bouyi dyare), ak Démence (pèdi tèt, tankou moun ki pa gen bon tet yo).


 

  • Technique : La pellagre est une avitaminose liée à une carence en niacine (B3). Le “PP” signifie Pellagra Preventive.

Tèm 6: Les Vitamines et Pathologies (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2022

#35. La vitamine A, essentielle pour la vision nocturne, est aussi connue sous le nom de :

La Réponse : Rétinol
La Logique :
  • Eksplikasyon  Yo rele Vitamin A Rétinol paske li travay dirèkteman sou rétine je a. Si w manke l, ou fè héméralopie (ou pa wè byen nan fènwa).

  • Tektik : Sonje “Rétinol” sanble ak “Rétine”.

Tèm 6: Les Vitamines et Pathologies (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2022

#36. Quel est l’effet d’une carence sévère en Vitamine D chez l’enfant ?

a Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon an kreyòl : Vitamin D ede kò a fikse kalsyòm nan zo yo. Si yon timoun manke l, zo l ap mou. Yo rele sa Rachitisme.

  • Définition (Français) : Le rachitisme est une maladie de la croissance caractérisée par une minéralisation insuffisante de l’os.

#37. Quelle vitamine est synthétisée par la flore intestinale humaine ?

La Réponse : Vitamin K✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Se pa nan manje sèlman nou jwenn Vitamin K. Ti bèt ki rete nan trip nou (flore intestinale) fabrike yon pati pou nou tou. Li enpòtan pou kowagulasyon san.

  • Source (Français) : La vitamine K provient de l’alimentation mais est également synthétisée par les bactéries commensales de l’intestin.
Tèm 7: Stratigraphie et Datation (Géologie) Referans: Egzamen 2021 / 2022

#38. Un fossile qui permet de dater précisément une couche sédimentaire est un :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Pou yon fosil bon pou dater, li dwe te viv nan anpil kote sou latè men pandan yon ti tan byen kout. Yo rele l fossile stratigraphique.

  • Poukisa lòt la pa bon? : Fossile de faciès la sèlman di nou nan ki kalite kote bèt la te viv (nan dlo, nan sab, elatriye), men li pa bay laj la.

Stratigraphie et Datation (Géologie) Referans: Egzamen 2021 / 2022

#39. Le principe selon lequel deux couches contenant les mêmes fossiles stratigraphiques ont le même âge est le :

La Réponse : Identité paléontologique.
La Logique :
  • Eksplikasyon : Si w jwenn de (2) mòn ki lwen anpil, men nan chak ou jwenn menm kalite fosil, sa vle di de kouch sa yo te fòme nan menm tan. Se sa yo rele Identité paléontologique.

  • Règle : Le principe d’identité paléontologique stipule que deux strates ayant le même contenu fossilifère sont de même âge

Stratigraphie et Datation (Géologie) Referans: Egzamen 2021 / 2022

#40. Quelle méthode de datation permet d’obtenir l’âge réel (en millions d’années) d’une roche ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Datation relative sèlman di w kilès ki pi gran pase kilès. Men datation absolue (ak sibstans radyo-aktif) di w egzakteman konbe milyon ane wòch la genyen.

  • Différence  : La datation relative ordonne les événements les uns par rapport aux autres, tandis que la datation absolue fournit un âge chiffré.

Tèm 8: Hérédité et Groupe Sanguin (Biologie) Referans: Egzamen 2022

#41. Deux parents de groupe sanguin B peuvent-ils donner naissance à un enfant de groupe sanguin O ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Si manman an se (BO) epi papa a se (BO), gen yon chans sou 4 (25%) pou yo chak bay ti “O” a, sa ki ap fè pitit la (OO), kidonk gwoup O.

  • Démonstration :
    • B x B -> BB (25%), BO (50%), OO (25%).

  • Technique : Gwoup O se yon karaktè récessif. Pou l parèt, fòk tou de paran yo pote l kache nan jèn yo.

Tèm 8: Hérédité et Groupe Sanguin (Biologie) Referans: Egzamen 2022

#42. Le syndrome de Turner (45, XO) se caractérise par :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Nan sendwòm sa a, moun lan gen 45 kwomozòm olye de 46. Li gen yon sèl X, li manke dezyèm kwomozòm seksyèl la. Se fi sèlman ki fè maladi sa a.

  • Formule :  Le syndrome de Turner est une monosomie de la paire sexuelle (45, X)

Tèm 8: Hérédité et Groupe Sanguin (Biologie) Referans: Egzamen 2022

#43. Que signifie l’acronyme O.G.M. ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon an kreyòl : Yon OGM se yon bèt oswa yon plant kote syantifik yo chanje ADN li nan laboratwa pou ba li yon nouvo kapasite (tankou reziste ak pwazon oswa grandi pi vit).

  • Définition (Français) : Un OGM est un être vivant dont le patrimoine génétique a été modifié par intervention humaine (transgénèse)
Tèm 9: Généralités et Géologie Interne Referans: Sous divès (2019-2025)

#44. Quelle discontinuité sépare la croûte terrestre du manteau ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Premye “miray” oswa separasyon nou jwenn anba pye nou rele Moho. Se li ki separe po tè a (croûte) ak rès kò tè a (manteau).

  • Technique : Sonje lòd la: Moho (anlè), Gutenberg (nan mitan), Lehmann (anba nèt). 

#45. L’organite cellulaire responsable des oxydations cellulaires (respiration) est :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Mitochondrie se “izin kouran” selil la. Se ladan li kò a boule sik ak oksijèn pou bay énèji nou bezwen pou n mache ak pale.

  • Rôle  : La mitochondrie est le siège de la respiration cellulaire et de la production d’ATP (énergie).

#46. Le processus par lequel l’ARN messager est transformé en protéine s’appelle :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Se nan Traduction selil la “li” mesaj ki nan ARN nan pou l fabrike pwoteyin. Travay sa a fèt nan yon ti kote yo rele ribosome.

  • Différence  : La transcription se passe dans le noyau (ADN -> ARN), la traduction se passe dans le cytoplasme (ARN -> Protéine)

Tèks pou kesyon 47 ak 48:

Tèm 1: Défaut de pigmentation (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 (SVT/Neurone)
“Très souvent vous vous retrouvez en présence d’un homme, d’une femme ou d’un enfant au teint très clair, laissant paraître les capillaires, gardant les yeux fermés en face du soleil. En général, ces individus proviennent de parents à l’épiderme normal.”

#47. Quel nom donneriez-vous à cette pathologie ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Maladi sa a se Albinisme. Se yon anomali kote kò a pa ka pwodwi yon pigman yo rele mélanine ki bay po a, cheve ak je yo koulè. Se sa k fè moun sa yo gen po trè klè epi solèy fè je yo mal (photophobie).

  • Définition : L’albinisme est une affection génétique héréditaire caractérisée par une absence totale ou partielle de mélanine dans la peau, les poils et les yeux.

     

  • Poukisa lòt yo pa bon? :
    • Myopie : Se yon pwoblèm vizyon (moun lan pa wè de lwen).
    • Daltonisme : Se konfizyon ant koulè wouj ak vèt.
    • Hémophilie : Se yon maladi kote san an pa ka kowagile (koagulasyon).

  • Teknik : Lè w tande “teint très clair” ak “yeux fermés face au soleil”, panse ak mank mélanine, kidonk Albinisme.

Tèm 1: Défaut de pigmentation (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 (SVT/Neurone)

#48. Cette pathologie(Albinisme) est-elle liée aux hétérochromosomes (chromosomes sexuels) ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Albinisme se yon maladi autosomale récessive. Sa vle di li pa sou kwomozòm seksyèl yo, epi pou yon pitit genyen l, fòk tou de paran yo (ki ka parèt nòmal) te pote jèn nan nan kache.

  • Règle  : Une maladie est dite autosomale récessive quand le gène responsable est situé sur un autosome et que le phénotype ne s’exprime que chez les individus homozygotes pour l’allèle muté.

  • Tektik : Si de paran nòmal bay yon pitit malad, maladi a obligatwa “Récessive”. Si li frape gason ak fi menm jan, li “Autosomale”

Tèm 2: Dominance (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 (Neurone)

#49. Un agronome croise des haricots rouges et des haricots blancs de lignée pure. À sa grande stupéfaction, il obtient des haricots roses à la première récolte (F1). Comment interpréter ce résultat(donne le nom ) ?

La Réponse : dominance incomplète ou codominance.
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Lè w kwaze wouj ak blan epi w jwenn Woz, sa vle di jèn wouj la pa rive kouvri jèn blan an nèt. Yo melanje. Sa rele dominance incomplète oswa codominance.

  • Règle : Il y a dominance incomplète (ou hérédité intermédiaire) lorsque le phénotype des hybrides F1 est intermédiaire entre les phénotypes des deux parents homozygotes.

  • Poukisa lòt yo pa bon? : Si se te “Dominance complète”, tout pitit yo t ap wouj nèt.

  • Teknik : Chak fwa w wè yon twazyèm koulè ki se melanj de premye yo (Rouge + Blanc = Rose / Noir + Blanc = Gris), se dominance incomplète li ye

Les Séismes (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 (Morphologie)

#50. Le lieu exact à l’intérieur de la Terre où se produit la rupture de la faille est appelé : …………..

La Réponse : Foyer oswa Hypocentre
La Logique :
  • Eksplikasyon : Se anba tè a tranblemanntè a kòmanse, nan pwen kote wòch la kase a. Pwen sa a rele Foyer oswa Hypocentre. Épicentre la se pwen ki dwat anlè li sou sifas tè a.

  • Définition  : Le foyer (ou hypocentre) est le point de départ de la rupture sismique sur une faille, d’où partent les ondes de volume.

  • Poukisa lòt yo pa bon? :
    • Épicentre : Se sou po tè a li ye (sifas).
    • Strate : Se non yon kouch tè sédimantè.

  • Teknik : “Hypo” vle di “anba”. Donk Hypocentre se sant ki anba tè a

Régulation de la Glycémie (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2025

#51. En cas de jeûne prolongé, quelle hormone stimule le foie pour libérer du sucre dans le sang ?…….. ? JIS BAY NON HORMONE NAN

La Réponse :  Glucagon
La Logique :
  • Eksplikasyon : Lè w fè yon tan san w pa manje (jeûne), sik nan san w ap desann. Pankreyas la voye Glucagon pou l di fwa a kase rezèv li genyen yo pou bay san an sik.

  • Fonction : Le glucagon est une hormone hyperglycémiante sécrétée par les cellules alpha des îlots de Langerhans du pancréas.

Stratigraphie et Fossiles (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2025

#52. Un bon fossile stratigraphique doit posséder les caractéristiques suivantes :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Pou yon fosil sèvi kòm “revèy” pou bay laj yon kouch tè, fòk bèt sa a te viv nan anpil kote sou latè an menm tan, men pandan yon ti bout tan sèlman nan istwa latè a.

  • Règle  : Un bon fossile stratigraphique est caractérisé par une évolution rapide (courte durée de vie) et une vaste répartition géographique.

  • Egzanp : Ammonites yo se bon fosil pou Ère Secondaire la

#53. Le principe de stratigraphie qui dit qu’une couche sédimentaire a le même âge sur toute son étendue est le :

La Réponse : Principe de continuité✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Prensip Continuité a di nou si nou wè yon kouch tè k ap swiv sou yon distans, menm si gen yon kote dlo rache yon bout ladan l, de bout ki rete yo gen menm laj paske yo se menm kouch la.

  • Règle  : Le principe de continuité stipule qu’une couche a le même âge sur toute sa surface.

(Biologie – Jiyè 2022 / Fevriye 2022)

#54. Gérard saigne abondamment à la moindre blessure et présente des troubles de coagulation. De quelle maladie héréditaire souffre-t-il ?………

La Réponse : Maladie Hémophilie ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Hemophilie se yon maladi kote san yon moun pa ka kowagile (fè boul) nòmalman. Lè moun sa a blese, li ka pèdi anpil san paske “faktè koagulasyon” yo manke nan san li. Se yon maladi ki lye ak sèks (sou kwomozòm X).

  • Définition : L’hémophilie est une anomalie héréditaire de la coagulation sanguine liée au chromosome sexuel X, caractérisée par des hémorragies prolongées.

(Biologie – Bakaloreya Desanm 2023)

#55. Le long prolongement d’un neurone qui conduit le message nerveux vers la synapse est :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Yon neurone gen ti branch ki resevwa mesaj ki se (dendrites) ak yon sèl gwo branch byen long ki voye mesaj la ale: se sa yo rele Axone la.

  • Structure  : L’axone est le prolongement unique de la cellule nerveuse qui transmet l’influx nerveux du corps cellulaire vers les terminaisons synaptiques.

  • Teknik : Dendrite = “Antèn” (resevwa). Axone = “Otowout” (voye ale).

(Géologie – Bakaloreya Desanm 2023)

#56. La masse centrale de la Terre, composée à environ 80% de fer, est appelée :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Noyau a se kè tè a. Li fèt sitou ak metal lou tankou fè (fer) ak nikèl. Se li ki pi cho ak pi lou nan tout kouch latè yo.

  • Composition  : Le noyau terrestre est la partie centrale de la Terre, principalement constituée de fer (80%) et de nickel, divisée en noyau externe liquide et noyau interne solide.

(Biologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2022)

#57. Quel nom donne-t-on à la vitamine dont la carence provoque la pellagre ? ………

La Réponse :  Vitamine B3 ou Vitamine PP✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Mank Vitamin B3 (yo rele tou Niacine oswa PP pou Pellagra Preventive) bay maladi Pellagre la. Maladi sa a gate po moun, bay vant bouyi, epi ka rann moun fou.

  • Avitaminose : La pellagre est une maladie due à une carence en vitamine B3, se manifestant par une dermatite, une diarrhée et des troubles mentaux.

  • Teknik : PP = “Prèvansion Pellagre”. Se yon mwayen fasil pou w sonje relasyon an

(Géologie – Jiyè 2025 / Jiyè 2019)

#58. Le nom générique du minerai de formule Cu2S est :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Cu2S se yon minerai kwiv (cuivre). Nan langaj chimik ak jewolojik, yo rele l Chalcocite.

  • Formule  : La chalcocite est un sulfure de cuivre de formule Cu2S, constituant un minerai de cuivre important.

  • Konnen lòt yo :
    • Chalcopyrite : CuFeS2.
    • Cuprite : Cu2O.

  • Teknik : Mo “Chalco” a souvan gen relasyon ak kwiv.

(Biologie – Jiyè 2022 / Bakaloreya 2020)

#59. Quelle enzyme favorise la transcription de l’ADN en ARN ?

La Réponse : L’ARN polymérase✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Transcription se lè selil la kopye yon moso ADN pou l fè yon ARN. Se ARN polymérase la ki fè travay kopye sa a.

  • Processus : L’ARN polymérase est l’enzyme responsable de la synthèse de l’ARN à partir d’une matrice d’ADN lors de la transcription.

  • Poukisa lòt yo pa bon? : ADN polymérase sèvi pou repwodui ADN (réplication), pa pou fè ARN.

  • Teknik : Si w ap fè ARN, ou bezwen yon polymérase “ARN”

(Géologie – Jiyè 2025 / Jiyè 2022)

#60. Quel gaz de l’atmosphère joue spécifiquement le rôle d’écran solaire contre les rayons UV ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Kouch Ozone lan fonksyone tankou yon gwo rido oswa yon “ekran solè” natirèl ki bloke reyon iltravyolèt (UV) ki ka bay moun kansè oswa boule plant yo.

  • Rôle  : L’ozone atmosphérique absorbe la majeure partie du rayonnement solaire ultraviolet, protégeant ainsi les êtres vivants des effets nocifs des UV.

  • Atansyon : CO2 ak Méthane se gaz ki kenbe chalè (effet de serre), yo pa bloke UV.

(Biologie – Jiyè 2022 / Jiyè 2019) 

#61. La drépanocytose est causée par quel type de mutation génétique ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Nan maladi drépanocytose la, gen yon sèl ti baz nan ADN lan ki chanje plas ak yon lòt (yo ranplase yon baz Adénine pa yon Thymine). Se sa yo rele yon Substitution.

  • Génétique : La drépanocytose résulte d’une mutation ponctuelle par substitution au niveau du 6ème codon de la chaîne bêta de l’hémoglobine.

  • Detay teknik : Ranplasman sa a fè asid aminé Glutamate la vin tounen Valine, sa ki chanje fòm globil wouj la

(Géologie – Jiyè 2022) 

#62. Définissez le mot “Pangée” :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : selon syantifik yo,Nan tan lontan (sa gen anviwon 200 a 300 milyon ane), tout kontinan nou wè jodi a te kole ansanm nan yon sèl gwo blòk tè. Syantifik Alfred Wegener te rele gwo kontinan sa a Pangée.

  • Définition : La Pangée est le nom donné au supercontinent primordial ayant existé à la fin de l’ère Primaire, avant de se diviser par la dérive des continents.

  • Karakteristik : Mo sa a soti nan lang Grèk: “Pan” vle di tout, “Gée” vle di tè. Kidonk: “Tout Tè a”.

  • Referans : Gade teyori “Dérive des continents” Wegener a

(Géologie – Jiyè 2022 / Jiyè 2025)

#63. Où se situe la discontinuité de LEHMANN ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Anndan nwayo (noyau) tè a, gen yon pati ki likid epi gen yon boul solid nan mitan nèt la (graine). Liy ki separe de pati sa yo rele Discontinuité de Lehmann.

  • Technique  : Les discontinuités sont des zones de transition marquant un changement de phase physique (liquide à solide) ou de composition chimique à l’intérieur du globe.

  • Tektik pou memorize :
    1. Moho = Montre (anlè).
    2. Gutenberg = Gwo mitan.
    3. Lehmann = Lwen anba nèt.

(Biologie – Desanm 2023)

#64. Enoncer la première loi de Mendel (Loi de l’uniformité des hybrides de la F1) :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Premye lwa Mendel la di si w pran de paran ki “pure” (homozygote), tout pitit yo ap sanble tèt koupe nan premye jenerasyon an (F1). Pa gen divèsite nan F1 lan si paran yo te pure.

  • Règle : La première loi de Mendel stipule que tous les individus de la génération F1 issus du croisement de deux lignées pures sont phénotypiquement et génotypiquement identiques.

  • Teknik : “Uniformité” vle di yo tout “menm jan”.

(Biologie – Desanm 2023)

#65. Quels sont les organes cibles de la parathormone ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Parathormone lan (PTH) travay pou l ogmante kantite kalsyòm nan san an. Pou l fè sa, li al pran kalsyòm nan zo yo, li di ren yo pou yo pa jete kalsyòm nan pipi, epi li ede trip (intestin) lan absòbe plis kalsyòm nan manje.

  • Fonction  : La parathormone régule la calcémie en agissant sur le remodelage osseux, la réabsorption rénale et l’absorption intestinale du calcium.

  • Karakteristik : Se yon hòmon ki “hypercalcémiante” (li moute nivo kalsyòm)

(Géologie – Desanm 2023) 

#66. Qu’est-ce que le “gradient géothermique” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Plis w ap desann fon anba tè a, plis li fè cho. Gradyan sa a an mwayèn se 3°C chak 100 mèt. Se sa n rele Gradient géothermique.

  • Définition  : Le gradient géothermique est le taux d’augmentation de la température interne du globe en fonction de la profondeur.

(Biologie – Jiyè 2023) 

#67. Une mutation qui est due à la perte d’un fragment de chromosome est dite :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Nan lang franse, “délétion” vle di efase oswa wete. Lè yon moso nan yon kwomozòm rache epi li pèdi, se yon délétion li ye. Sa lakòz anpil gwo maladi paske enfòmasyon ki te nan moso sa a disparèt.

  • Définition : La délétion est une mutation chromosomique structurelle consistant en la perte d’un segment de matériel génétique.

  • Poukisa lòt yo pa bon? : Substitution se lè yo ranplase yon baz; Insertion se lè yo mete yon moso anplis.
Tèm 1: Régulation Hormonale et Feedback (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019 / Jiyè 2022
“Sur une femelle de mammifère, on réalise l’ablation des ovaires (on enlève les ovaires). Comment seront les taux de LH, FSH et GnRH après cette opération ? Expliquez le mécanisme.”

#68. Quelle est la conséquence de l’ablation des ovaires sur les hormones cérébrales ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Nan kò a, gen yon sistèm “kontwòl” (rétrocontrôle). Ovarè yo voye hòmon (estrogène) ki di sèvo a sispann voye lòd (LH/FSH). Lè w retire ovarè yo, sèvo a pa resevwa siyal sa a ankò. Li panse kò a manke hòmon, donk li kòmanse voye yon gwo kantite GnRH, FSH, ak LH pou l eseye fè ovarè yo travay, menm si yo pa la ankò.

  • Règle : L’ablation des gonades supprime le rétrocontrôle négatif exercé par les hormones ovariennes sur le complexe hypothalamo-hypophysaire, entraînant une hypersécrétion de GnRH, FSH et LH.
Hominisation et Comparaison (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2025 / Jiyè 2022.

#69. Quelle est la différence majeure entre le caryotype de l’Homme et celui du Chimpanzé ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Menmsi chimpanzé yo ta anvi sanble anpil ak moun , nan fason yo aji yo jan men ak pat yo tankou moun nan, gen yon diferans nan kantite kwomozòm nou. Moun gen 46 (23 pè), men Chimpanzé gen 48 (24 pè). Syantifik yo wè de (2) kwomozòm lakay chimpanzé a te kole ansanm pou bay yon sèl lakay moun (kwomozòm nimewo 2).

  • Comparaison : Le caryotype humain comporte 46 chromosomes (2n=46), alors que celui des grands singes comme le chimpanzé en comporte 48 (2n=48).

  • Lòt diferans :  konnen moun gen yon kolòn vètebral ki gen 4 koubi (courbures), alòske chimpanzé a gen yon sèl koubi ki gen fòm “C”.

Microbiologie et Retrovirus (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022

#70. Qu’appelle-t-on un “rétrovirus” et quel est l’exemple le plus connu ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Pifò bèt gen ADN kòm kòd. Yon rétrovirus (tankou VIH) gen ARN sèlman. Pou l anvayi yon selil moun, li oblije fè yon travay “a lanvè” (rétro): li chanje ARN li a an ADN gras ak yon anzim ki rele transcriptase inverse.

  • Définition  : Un rétrovirus est un virus à ARN capable de transcrire son génome viral en ADN grâce à l’enzyme transcriptase inverse, afin de l’intégrer au génome de la cellule hôte.

  • Teknik : “Rétro” vle di “an aryè”. Li fè transcription an an aryè (ARN → ADN).

Pathologie du Pancréas (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2019

#71. Quelle est la différence fondamentale entre le diabète de type 1 et le diabète de type 2 ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Nan Type 1 lan, sistèm defans kò a detwi selil Bêta nan pankreyas la, kò a pa gen insuline ditou (insulinodépendant).

 

  • Nan Type 2 an, kò a pwodwi insuline men selil yo pa koute l ankò oswa li pa ase (insulinorésistant). Sa rive souvan akòz pwa lou ak move manje.

  • Comparaison  : Le diabète de type 1 résulte d’une carence absolue en insuline par destruction auto-immune des îlots de Langerhans. Le type 2 est caractérisé par une insulinorésistance et une déficience relative de sécrétion.

  • Siy pou rekonèt li : Yo di pou n veye “Polyurie” (pipi anpil), “Polydipsie” (swaf anpil), ak “Polyphagie” (grangou anpil).

Cytologie et Digestion Cellulaire (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022

#72. Préciser le nom de l’organite vivant responsable de la digestion intra-cellulaire. ? JIS BAY NON AN

La Réponse : Le lysosome ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Selil la  Li gen yon “lestomak” pou l dijere fatra oswa manje l pran yo e nan pqosesis sa yo : se Lysosome lan. Li gen anzim ladan l ki kraze tout vye bagay.

  • Définition (Français) : Le lysosome est une vésicule contenant des enzymes hydrolytiques capables de décomposer les protéines, les acides nucléiques et les lipides au sein de la cellule.

Stratigraphie technique (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2021

#73. En quoi consiste la magnéto-stratigraphie ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Latè gen yon chan mayetik ki konn chanje direksyon (Nò a vin Sid, Sid la vin Nò) pandan plizyè milyon ane. Lè wòch yo ap fòme, yo “anrejistre” direksyon sa a. Lè syantifik yo gade direksyon mayetik la nan kouch tè yo, yo ka konnen ki lè kouch sa a te fòme.

  • Définition : La magnétostratigraphie est une technique de datation relative basée sur l’enregistrement des inversions de la polarité magnétique de la Terre dans les sédiments ou les coulées volcaniques.

Cosmologie et Origine (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2019

#74. Présenter trois arguments en faveur de la théorie du Big Bang.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Pou syantifik yo di te gen yon Big Bang, yo baze sou 3 prèv:

1) Galaksi yo ap elwaye youn ak lòt (linivè a ap grandi).

2) Gen yon ti chalè (rayonnman) ki rete nan tout lespas la depi lè sa a.

3) Kantite gaz hydrogène ak hélium nou jwenn nan espas la koresponn ak sa yon gwo eksplozyon ta dwe bay.

  • Preuve : La théorie du Big Bang repose sur la loi de Hubble (expansion de l’univers), le fond diffus cosmologique et la nucléosynthèse primordiale.

Pathologie de la Vision (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 / Jiyè 2019

#75. Différencier la xérophtalmie de l’héméralopie.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Tou de se mank Vitamin A ki bay yo, men sentòm yo pa menm.

Héméralopie se lè w pa wè nan fènwa. Si mank lan kontinye, je a vin chèch nèt, li fè sikatris, epi moun lan ka avèg: se sa yo rele Xérophtalmie.

  • Distinction : L’héméralopie est la perte de la vision crépusculaire, alors que la xérophtalmie est une pathologie oculaire grave entraînant le dessèchement de la conjonctive et de la cornée.

 

Composition Chimique du Corps (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022.

#76. Différencier les acides aminés des acides gras.

La Réponse : A ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Manje nou manje yo kraze an ti moso (nutriments). Lè kò a kraze vyann (protéines), li bay acides aminés. Lè li kraze epi li tire  luil oswa nan bè (lipides), li bay acides gras.

  • Définition  : Les acides aminés sont les monomères constituant les protéines, tandis que les acides gras sont les composants essentiels des lipides.

Tèks pou kesyon 77-78

Tèm 11: Le Sperme et l’Infertilité (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2021 (Ocytocine).
“Le sperme est composé de millions de spermatozoïdes et de sécrétions de différentes glandes. Quelle est la composition du sperme par ml d’éjaculat ? Nommer deux (2) anomalies des cellules nageuses qui peuvent causer l’infertilité.”

#77. Quelle est la concentration normale de spermatozoïdes dans un millilitre (ml) de sperme ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Pou yon gason ka fè pitit nòmalman, li dwe gen yon gwo kantite (spermatozoïdes) nan san li. Sous yo di nou yon gason nòmal gen ant 20 a 150 milyon pou chak ml.

Si li gen mwens pase 20 milyon, yo rele sa Oligospermie, epi sa ka rann li difisil pou l fè pitit.

  • Définition  : La concentration spermatique normale se situe entre 20 et 150 millions de spermatozoïdes par millilitre d’éjaculation. En dessous de ce seuil, on parle d’oligospermie.

Tèm 11: Le Sperme et l’Infertilité (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2021 (Ocytocine).

#78. Parmi ces anomalies, laquelle désigne des spermatozoïdes qui ne bougent pas (mobilité nulle ou réduite) ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Pou spermatozoïde la al jwenn ovil la, fòk li konn naje byen. Lè yo “fayan” oswa yo pa bouje ase vit, yo rele sa Asthénospermie. Se yon gwo kòz “infertilité” lakay gason.

  • Caractéristique : L’asthénospermie est une diminution de la mobilité des spermatozoïdes, empêchant leur remontée dans les voies génitales féminines.

  • Lòt anomali yo pou w sonje :
    • Tératospermie : Yo gen fòm dwòl (de tèt, de ke, elatriye).
    • Azoospermie : Pa gen spermatozoïde ditou nan likid la.

  • Teknik : Sonje “Asthéno” vle di “Fayan/San fòs”.
Organisme Génétiquement Modifié – OGM (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2021 (Prolactine)
“Voici la séquence d’une portion du gène codant pour une protéine toxique isolée pour protéger le Tabac contre les chenilles : TTTAGAGTAAGAGCACAA. Reconstituez la portion de molécules d’ADN à partir de ce brin.”

#79. Quelle est la séquence complémentaire (le deuxième brin) de l’ADN pour ce fragment : TTTAGAGTAAGAGCACAA ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Nan ADN, baz yo toujou mache de (2) pa de (2). T toujou mache ak A, epi C toujou mache ak G.

  • Demonstrasyon teknik :
    • T T T ➔ A A A
    • A G A ➔ T C T
    • G T A ➔ C A T
    • A G A ➔ T C T
    • G C A ➔ C G T
    • C A A ➔ G T T

  • Règle  : L’appariement des bases azotées dans l’ADN est spécifique : l’Adénine (A) se lie à la Thymine (T) par deux liaisons hydrogène, et la Guanine (G) à la Cytosine (C) par trois liaisons.

  • Tektik : Si w wè “U” nan yon opsyon, elimine l paske se nan ARN sèlman yo jwenn “U” (Uracile). ADN se A, T, C, G.

Syndrome du Cri du Chat (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 (Morphologie).

#80. Le syndrome du “cri du chat” est-il causé par une anomalie de nombre ou de structure des chromosomes ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Yo rele l “Cri du chat” paske timoun ki genyen l lan kriye tankou yon ti chat k ap rele. Sa pa rive paske li gen twòp kwomozòm, men paske gen yon ti moso nan kwomozòm nimewo 5 lan ki rache sa yo rele(délétion).

  • Définition : Le syndrome du cri du chat est une anomalie de structure chromosomique causée par la délétion d’une partie du bras court du chromosome 5.

  • Diferans : Trisomie 21 se yon anomali de nombre (47 kwomozòm). Cri du chat se yon anomali de structure (46 kwomozòm men youn gate).

L’Atmosphère Primitive (Géologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022

#81. Quelle était la composition de l’atmosphère primitive de la Terre, et quel gaz essentiel y manquait ?

La Réponse : A✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Syantifik yo di Lè latè te fèk fòme, pa t gen lè nou ka respire a (Oxygène). Te gen anpil gaz toksik tankou Méthane (CH4) ak Ammoniaque (NH3) ki te soti nan vòlkan yo. Se “Cyanobactéries” yo (stromatolithes) ki pral lage oksijèn nan apre.

  • Caractéristique  : L’atmosphère primitive était réductrice, riche en vapeur d’eau, gaz carbonique, méthane et ammoniac, mais totalement dépourvue de dioxygène libre (O2).

Immunité – Sérum vs Vaccin (Biologie) Referans: Egzamen Jiyè 2022 (Glucides)

#82. Quelle est la différence fondamentale entre la sérothérapie (sérum) et la vaccination ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Vaksen se pou aprann kò w defann tèt li (li pran tan men li dire lontan). Sérum se lè w malad deja, yo ba w “zam” (anticorps) pou sove w touswit (sa pa dire lontan).

  • Règle  : La vaccination induit une immunité active et durable. La sérothérapie procure une immunité passive, immédiate mais temporaire par transfert d’anticorps.

(Biologie – Jiyè 2022) 

#83. Comment se présentent les staphylocoques au microscope et que provoquent-elles ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Staphylocoques yo se bakteri won. Yo renmen mete yo an gwoup, sa ba yo fòm yon grap rezen. Se yo ki souvan bay move bouton (furonc), abse, oswa enfeksyon nan blese.

  • Caractéristique  : Les staphylocoques sont des cocci à Gram positif, groupés en amas ou grappes, responsables d’infections suppuratives et de septicémies.

  • Tektik : Sonje prefiks “Staph-” vle di grap. “Strept-” (Streptocoques) vle di an liy (chaînette).

(Géologie – Jiyè 2019)

#84. Quel changement majeur les STROMATOLITHES ont-ils apporté dans l’atmosphère terrestre ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Daprè Syantifik yo,Stromatolithes yo se premye fòm lavi ki te kòmanse fè photosynthèse nan dlo. Yo pran gaz kabonik (CO2) epi yo lage Oksijèn (O2). Se gras ak yo ki fè nou gen lè pou n respire jodi a.

  • Impact : Les stromatolithes (structures sédimentaires d’origine biologique) ont joué un rôle crucial dans le passage d’une atmosphère anaérobie à une atmosphère riche en oxygène.

(Géologie – Jiyè 2025) 

#85. Le terme “biosphère” a été proposé par :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Se syantifik Eduard Suess ki te premye itilize mo “Biosphère” la nan ane 1875. Li te vle pale de tout kote sou planèt la (tè, dlo, lè) kote lavi posib

  • Définition  : La biosphère désigne l’ensemble des organismes vivants et les milieux où ils se développent (lithosphère, hydrosphère et atmosphère).

  • Poukisa lòt yo pa bon? :

 

    • Darwin : Li te travay sou evolisyon espès yo.
    • Wegener : Li te travay sou teyori “Dérive des continents” (Pangée).
    • Lamarck : Li te premye moun ki te itilize mo “Biologie” a.

  • Teknik : Pa konfonn “Biologie” (Lamarck) ak “Biosphère” (Suess).

(Biologie – Jiyè 2022 Physiologie) 

#86. Qu’entend-on par “provitamine” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Yon provitamine se tankou yon “vitamin ki poko fini”. Se yon sibstans ou jwenn nan manje, epi lè l antre nan kò w, kò a travay li pou l fè l tounen yon vitamin tout bon.

  • Définition : Une provitamine est un précurseur vitaminique, c’est-à-dire une substance transformée par l’organisme en une vitamine spécifique (ex: le bêta-carotène en vitamine A).

  • Karakteristik : Pa egzanp, Carotène ki nan karòt la se yon provitamine A. Kò a bezwen li pou l fè vitamin A ki bon pou je.

 

(Géologie – Jiyè 2023 / Jiyè 2025)

#87. La croûte continentale est composée essentiellement des éléments chimiques suivants :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Kouch tè kote nou mache a (croûte continentale) fèt sitou ak de (2) bagay: Silice ak Aluminium. Se sa k fè yo rele l souvan SIAL.

  • Définition : La croûte continentale, principalement granitique, est riche en silicates d’aluminium, contrairement à la croûte océanique (SIMA) riche en magnésium.

  • Lòt opsyon yo :
    • Fer et Nickel : Sa yo se metal ki nan noyau (mitan nèt latè).
    • Hélium : Sa se yon gaz ki nan atmosfè a.

(Biologie – Jiyè 2022 Morphologie)

#88. Pourquoi l’hémoglobine est-elle appelée “pigment respiratoire” ?

La Réponse : B ✅

La Logique :
  • Eksplikasyon  : Emoglobin lan se yon pwoteyin ki nan globil wouj yo. Yo rele l “pigment” paske li bay san an koulè wouj, epi yo rele l “respiratoire” paske se li menm ki aji tankou yon kamyon k ap pran oksijèn nan poumon pou l distribiye l nan tout kò a.

  • Fonction : L’hémoglobine est une métalloprotéine contenant du fer, capable de fixer réversiblement le dioxygène pour assurer son transport systémique.

  • Teknik : San emoglobin, kò a t ap toufe menm si w t ap respire, paske oksijèn nan pa t ap ka rive nan sèvo w ak lòt manm yo.

(Géologie – Jiyè 2025)

#89. Citer deux (2) minerais non métalliques parmi les ressources de la Terre :

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Yon minerai “non métallique” se yon wòch oswa sèl nou fouye nan tè a men ki pa gen metal ladan l. Sel (NaCl) ak Gypse (yo sèvi pou fè plastè) se de (2) bon egzanp.

  • Classification  : Les minéraux industriels non métalliques incluent les sels, les phosphates, les sulfates (gypse) et les matériaux de construction (sable, calcaire).

  • Poukisa lòt yo pa bon? : Or, Cuivre, Bauxite (Aluminium), tout sa yo se metal.

  • Referans : Nan peyi Ayiti, nou gen gwo min sèl nan zòn Gonayiv ak Latòti.

(Biologie – Jiyè 2022 Physiologie)

#90. Citer deux (2) signes cliniques retrouvés en cas d’hyperthyroïdie.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Hyperthyroïdie vle di glann thyroïde la ap travay “twò fò”. Kò a vin ap boule tout enèji l twò vit. Sa fè moun lan pèdi pwa (amaigrissement) epi li toujou eksite oswa nève (nervosité/agitation).

  • Symptômes : L’hyperthyroïdie accélère le métabolisme basal, provoquant tachycardie, perte de poids malgré un appétit conservé, et thermophobie.

  • Tektik : Si moun lan ap gwosi epi l toujou ap dòmi, se kontrè a li genyen: Hypothyroïdie.

(Géologie – Jiyè 2022 Physiologie)

#91. Quelle est la différence entre un macrofossile et un microfossile ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Diferans lan se nan “gwosè” yo. Yon macrofossile se yon vye zo oswa yon mak ki gwo (tankou yon tèt dinozò oswa yon fèy bwa). Yon microfossile se ti moso bèt ki piti anpil (tankou polèn oswa ti selil lanmè) ou pa ka wè si w pa gen mikwoskòp.

  • Définition  : Un macrofossile est un reste biologique fossilisé de taille centimétrique ou plus. Un microfossile est de taille microscopique (souvent < 1mm).

 

(Biologie – Jiyè 2022 Vitamines)

#92. Quelle vitamine est reconnue pour protéger les appareils reproducteurs ?

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Vitamin E (yo rele tou Tocophérol) trè enpòtan pou sistèm repwodiksyon an travay byen. Li aji tou tankou yon “antioxydant” ki pwoteje selil yo kont vye radikal k ap gate yo.

  • Fonction  : La vitamine E joue un rôle essentiel dans la fertilité et la protection des membranes cellulaires contre le stress oxydatif.

(Biologie – Jiyè 2022)

#93. Quel autre nom donne-t-on à la vitamine B9 et quelles sont ses sources alimentaires ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Vitamin B9 la, yo rele l Acide folique. Li trè enpòtan pou fabrike globil wouj ak pou bon devlopman sèvo timoun lè yo nan vant manman yo. Yo jwenn li anpil nan tout sa k gen fèy vèt (tankou pwa, epina) ak nan fwa bèt.

  • Définition  : L’acide folique (vitamine B9) est une vitamine hydrosoluble indispensable à la synthèse des acides nucléiques et à la division cellulaire.

  • Poukisa lòt yo pa bon? :
    • Acide ascorbique : Se Vitamin C.
    • Calciférol : Se Vitamin D.
    • Rétinol : Se Vitamin A.

(Géologie – Jiyè 2022)

#94. Énumérez au moins quatre (4) gaz toxiques présents dans l’atmosphère terrestre mentionnés dans les sources.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Gen yon diferans ant gaz “effet de serre” ak gaz “toxiques”. Gaz toxiques yo (poliyan) se sa k soti nan lafimen machin ak izin ki rann nou malad oswa ki bay lapli asid. Sous yo site monoxyde de carbone (CO), dioxyde de soufre (SO2), ak oxydes d’azote (NOx) kòm gaz ki danjere pou lasante.

  • Caractéristique  : Les polluants atmosphériques toxiques altèrent la qualité de l’air et provoquent des pathologies respiratoires et environnementales (pluies acides).

  • Teknik : Pa konfonn! CO2 (gaz kabonik) se yon gaz effet de serre (li chofe tè a), men CO (monoxyde de carbone) se yon gaz toxique (li touye moun).

(Biologie – Jiyè 2023) 

#95. Différencier le terme “Locus” du terme “Allèle”.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Panse ak yon lari ki gen anpil kay. Lari a se kwomozòm nan.

Locus la se “adrès” kay la (kote jèn nan rete).

Allèle la se “koulè” kay la (èske se vèsyon wouj oswa vèsyon blan?).


  • Définition : Le locus est la position physique fixe d’un gène sur un chromosome. Un allèle est l’une des formes alternatives d’un même gène occupant un même locus.

  • Karakteristik : Yon moun gen de (2) allèles pou chak locus (youn nan men manman, youn nan men papa).

(Biologie – Jiyè 2023) 

#96. Distinguez un “Antigène” d’un “Anticorps”.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Antigène la se nenpòt bagay kò a pa rekonèt kòm zanmi (yon mikwòb, yon pwazon, elatriye). Anticorps la se “zam” oswa “sòlda” kò a (système immunitaire) fabrike espesyalman pou al mare ak antigène sa a pou l touye l.

  • Relation : L’antigène déclenche une réponse immunitaire. L’anticorps (immunoglobuline) est une protéine sécrétée par les lymphocytes B pour neutraliser spécifiquement cet antigène.

  • Teknik : Chak fwa w wè “Anti-corps”, sonje se kò a (corps) k ap voye yon bagay “kont” (anti) yon lènmi.

(Géologie – Jiyè 2023)

#97. Sur quel principe de la stratigraphie se base spécifiquement la “Datation Relative” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Datation relative la sèlman di w kilès ki pi vye pase kilès. Li baze sou prensip Superposition an ki di: sa k anba a fèt an premye (li pi vye), sa k poze sou li a fèt apre (li pi jenn).

  • Règle : La datation relative ordonne chronologiquement des événements géologiques les uns par rapport aux autres sans donner d’âge chiffré, en s’appuyant sur la superposition des strates.

  • Tektik : Si yo mande w laj egzak la (chif), se Datation Absolue (pa egzanp ak iranyòm oswa kalsyòm)

(Biologie – Jiyè 2023 / Jiyè 2022)

#98. Citer deux (2) caractéristiques du “Réflexe Conditionné” (ou acquis).

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon an kreyòl : Yon réflexe conditionné se pa yon bagay ou fèt ak li (tankou respire). men pito Se yon bagay ou aprann fè lew fin fèt oubyen pandan wap viv (tankou yon chen k ap bagay  saliv li lè l tande yon kloch paske l konnen l pral manje). Si w sispann antrene l, li ka disparèt (ou bliye l).

  • Karakteristik : Le réflexe conditionné est individuel, acquis par l’expérience et nécessite l’intervention du cortex cérébral. Il est réversible

  •  Konparezon :  Inné (Natirèl) Ou fèt ak li

          Conditionné (Acquis) Non Ou pa fèt ak li                         (fòk ou aprann li)

(Géologie – Jiyè 2022)

#99. Donner la formule chimique des minerais suivants : Azurite et Blende.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Chak wòch (minerai) nou fouye gen yon fòmil chimik. Azurite se yon minerai kwiv ki gen koulè ble (fòmil li gen kabonat ak kwiv). Blende se prensipal minerai kote yo tire Zenk (Zn).

  • Identification  : L’azurite est un carbonate de cuivre bleu. La blende (ou sphalérite) est un sulfure de zinc de formule ZnS.

  • Lòt yo pou egzamen :
    • Cuprite : Cu2O.
    • Sidérose : FeCO3.
    • Bauxite : Al2O3.

#100. Définissez le terme “Asthénosphère”.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Anba plak n ap mache sou yo a (lithosphère), gen yon kouch nan manteau a ki yon ti jan “mou” (ductile). Se sou kouch sa a plak yo “glise” pou yo fè tranblemanntè oswa mòn. Kouch sa a rele Asthénosphère.

  • Propriété  : L’asthénosphère est la zone ductile du manteau terrestre située entre la lithosphère et la mésosphère, permettant les mouvements de convection

(Biologie – Jiyè 2021 / Jiyè 2022) 

#101. Indiquer deux (2) rôles essentiels de la vitamine B12 (Cyanocobalamine).

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Vitamin B12 la (yo rele tou Cyanocobalamine) se yon “faktè” ki penmèt kò a fabrike ADN nan selil yo epi ede globil wouj yo grandi byen pou yo ka pote oksijèn. Si yon moun pa genyen l, li fè “Anémie de Biermer”.

  • Règles : La vitamine B12 intervient dans le métabolisme de toutes les cellules, particulièrement pour la synthèse de l’ADN et l’érythropoïèse (production des hématies).

  • Karakteristik : Yo jwenn li sèlman nan manje ki soti nan bèt (vyann, ze, lèt).

  • Poukisa lòt yo pa bon? :

Opsyon A se wòl Vitamin D: Formation des os et absorption du calcium 

Opsyon B se wòl Vitamin A; Vision nocturne et protection de la peau

Opsyon D se wòl Vitamin K: Coagulation du sang et cicatrisation

(Biologie – Jiyè 2022 SVT)

#102. Jeanne est atteinte du syndrome de Down. Parmi ces signes, lesquels correspondent au phénotype de cette anomalie ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Sendwòm Down (Trisomie 21) bay plizyè mak sou kò moun lan (phénotype). Timoun sa yo konn gen je yo ki yon ti jan “bridés” (pli palpébral), zòrèy yo ki ba nan figi yo, epi yo gen difikilte pou yo aprann vit.

  • Caractéristique  : Le phénotype du syndrome de Down inclut une dysmorphie faciale (fentes palpébrales obliques), une hypotonie musculaire et une déficience intellectuelle variable.

  • Teknik pou memorize : Toujou sonje ke sa a se yon anomali de nombre (yon kwomozòm anplis sou pè 21)

(Biologie – Jiyè 2022 SVT)

#103. Qu’appelle-t-on “Linkage” en génétique ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Lè de (2) jèn chita sou menm kwomozòm lan, yo rele sa Linkage. Piske yo nan menm bato, yo gen tandans vwayaje ansanm lè y ap pase soti nan paran pou ale nan pitit.

  • Définition  : Le linkage (ou liaison) désigne l’association de plusieurs gènes sur le même chromosome, ce qui empêche leur ségrégation indépendante lors de la méiose.

  • Atansyon : Sèl fason yo ka separe se si gen yon “Crossing-over

(Biologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2022) 

#104. Quel est l’effet de l’ablation des ovaires sur le taux de FSH et de LH chez une femelle ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Nan kò a, gen yon sistèm kontwòl. Ovarè yo voye hòmon (estrogène) pou di sèvo a (hypophyse) sispann voye FSH/LH. Si w wete ovarè yo (ablation), sèvo a pa resevwa siyal la ankò, donk li kòmanse voye yon gwo kantite FSH ak LH pou l eseye jwenn yon repons.

  • Mécanisme : L’ablation des ovaires lève le rétrocontrôle négatif sur l’axe hypothalamo-hypophysaire, provoquant une hypersécrétion de gonadostimulines

(Biologie – Jiyè 2020 / Jiyè 2022) 

#105. Pourquoi les virus sont-ils qualifiés de “parasites obligatoires” ?

La Réponse :  A✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Yon viris pa ka fè pitit oswa miltipliye pou kont li deyò nan lè a. Li oblije “Pran” machin yon lòt selil (moun, bèt oswa plant) pou l sèvi ak zouti selil sa a pou l fè kopi tèt li.

  • Définition : Un virus est un parasite intracellulaire obligatoire car il est dépourvu de métabolisme propre et nécessite la machinerie enzymatique d’une cellule hôte pour sa réplication

(Géologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2022) 

#106. Indiquez deux (2) critères majeurs d’appartenance à la lignée humaine.

La Réponse : A✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Pou yo mete yon bèt nan “lignée humaine”, syantifik yo gade de (2) gwo bagay:

1) Si bèt la mache sou de (2) pye nòmalman (bipédie).

2) Si sèvo li gwo ak fòm zo tèt li chanje (volume crânien).


  • Critères (Français) : Les critères d’hominisation incluent l’acquisition de la station debout (bipédie), le développement du langage articulé et l’augmentation de la capacité crânienne

#107. Le processus de formation de la Terre par agglomération de poussières et de gaz il y a 4,5 milliards d’années est :

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Lè sistèm solè a t ap fòme, ti moso wòch ak pousyè te kole ansanm (tankou yon boul nèj k ap gwosi) pou yo fòme planèt yo. Pwosesis kole-gwosi sa a rele Accrétion.

  • Définition  : L’accrétion planétaire est l’accumulation de matière (gaz et poussières) par gravité, ayant permis la formation du Soleil et des planètes de notre système solaire.

(Biologie – Jiyè 2022 LLA-SES-SMP) 

#108. Nommer les acteurs essentiels de la traduction protéique.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Traduction se moman kote selil la sèvi ak “plan” li te kopye a (ARNm) pou l fabrike yon pwoteyin. Pou sa fèt, li bezwen izin nan (Ribosome) ak kamyon transpò yo (ARNt) k ap pote moso (acides aminés) yo.

  • Acteurs : La traduction nécessite l’ARN messager (porteur du code), les ribosomes (lieu de lecture) et l’ARN de transfert (adaptateur transportant les acides aminés).

(Géologie – Jiyè 2022 SVT)

#109. Définissez le terme “Arbre phylogénétique”

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon :  Daprè Syantifik yo ,Yon arbre phylogénétique se pa yon pyebwa tout bon. Se yon desen ki montre kòman diferan bèt (tankou moun ak chimpanzé) gen menm “gran paran” (ancêtres communs) epi kòman yo separe pandan evolisyon an.

  • Définition  : L’arbre phylogénétique est un diagramme montrant les relations d’évolution et de parenté entre différents taxons (espèces) basées sur des caractères partagés.

  • Karakteristik : Plis de bèt gen branch ki kole pre, se plis yo sanble nan nivo ADN.

Biologie – Jiyè 2022 / Bakaloreya 2023) 

#110. Quelle est la première ligne de défense naturelle de l’organisme contre les pathogènes ?

La Réponse : A✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Anvan mikwòb la rive anndan san w, li jwenn premye pati kò a: po a ak likid (tankou larmes, salive) ki gen anzim pou touye bèt. Se sa yo rele “immunité innée” oswa barrière naturelle.

  • Structure  : La première ligne de défense immunitaire est constituée de barrières anatomiques (peau, cils) et chimiques (pH acide, lysozymes) empêchant l’intrusion des microbes.

(Géologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2022) 

#111. Quels groupes d’animaux ont totalement disparu à la fin du Crétacé ?

La Réponse : C✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Dapre Syantifik yo , Gwo kriz ki te fèt sa gen 66 milyon ane a (météorite nan Beloc) te touye tout Dinozò yo sou tè a ak tout Ammonites yo (bèt ki te gen fòm rezen lanmè) nan dlo a.

  • Impact  : L’extinction massive du Crétacé-Tertiaire (K-Pg) a causé la disparition des dinosaures, des ptérosaures et des céphalopodes ammonoïdes.

(Géologie – Jiyè 2019 / Jiyè 2025) 

#112. Définissez le terme “Gisement marginal”.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Gen wòch ki gen metal ladan yo, men yo sitou lwen oswa yo pa gen anpil metal tout bon. Si pou w fouye yo sa ap koute w plis lajan pase sa w ap vann metal la, yo di gisement sa a se yon gisement marginal. Li pa rapòte pou kounye a.

  • Définition  : Un gisement marginal est une ressource minérale dont la teneur ou les conditions d’extraction rendent l’exploitation non profitable aux conditions économiques actuelles.

(Biologie – Jiyè 2022 Vitamines)

#113. Indiquez deux (2) sources alimentaires de Vitamine D.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Vitamin D la espesyal paske se nan solèy kò a fabrike l plis. Men nan manje, ou jwenn li anpil nan pwason ki gen grès ak nan jòn ze. Li enpòtan pou zo yo pa vin mou (rachitisme).

  • Sources  : La vitamine D (calciférol) est synthétisée par la peau sous l’action des UV, et apportée par l’alimentation via les huiles de foie de poisson et les produits laitiers.

(Géologie – Bakaloreya 2023) 

#114. La couche ductile (molle) du manteau supérieur sur laquelle flottent les plaques s’appelle :

La Réponse : A✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Anba pye nou gen yon kouch solid (lithosphère). Men anba l nèt, gen yon pati nan kò tè a ki “mou” tankou plastilin: se Asthénosphère la. Se sou kouch mou sa a mòn yo ak kontinan yo ap glise.

  • Propriété  : L’asthénosphère est une zone rhéologiquement ductile du manteau supérieur permettant la mobilité des plaques tectoniques sus-jacentes.

(Biologie – Jiyè 2022)

#115. Qu’est-ce qu’une “Mutation somatique” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Si w pran yon mutation nan selil po w (somatique), pitit ou p ap fèt ak li paske se pa nan selil sèks yo li ye. Se sèl moun ki genyen l lan k ap gen chanjman an (tankou yon bouton malad).

  • Définition  : Une mutation somatique touche les cellules non reproductrices de l’organisme. Elle n’est donc pas héréditaire, contrairement à la mutation g

#116. L’apparition brusque de nouveaux caractères héréditaires chez les individus s’appelle :,

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Lè yon nouvo karaktè parèt yon sèl kou nan yon fanmi san pèsonn pa t genyen l anvan, epi karaktè sa a ka pase bay pitit, syantifik yo rele sa yon mutation. Se yon chanjman “toudenkou” nan ADN lan.

  • Définition  : Une mutation est une modification brusque, accidentelle et héréditaire de l’information génétique contenue dans l’ADN.

  • Poukisa lòt yo pa bon? :
    • Évolution lente : Se yon chanjman ki pran plizyè milyon ane.
    • Adaptation : Se lè yon bèt chanje abitid li pou l siviv, sa pa toujou nan jèn li.

(Géologie – Datation – Jiyè 2025) 

#117. Indiquer une méthode utilisée spécifiquement pour la “Datation Absolue” des roches :,

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Datation absolue la se li ki bay laj egzak la nan yon chif (egz: 10 milyon ane). Pou yo fè sa, syantifik yo mezire dekonpozisyon eleman radyo-aktif ki anndan wòch la.

  • Définition : La datation absolue est une méthode de chronométrie permettant de déterminer l’âge numérique d’un objet ou d’un événement géologique en utilisant la décroissance radioactive.

  • Poukisa lòt yo pa bon? :

Superposition ak fossiles bay yon laj “relative” (ki moun ki pi gran pase kilès), men yo pa bay yon chif.


  • Teknik : Absolue = Chif (Nimewo). Relative = Konparezon (Pi vye/Pi jenn).

(Géologie – Couche – Desanm 2023)

#118. La couche rocheuse la plus superficielle du globe terrestre, dont l’épaisseur varie de 15 à 60 km, se nomme :,

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Se “po” tè a n ap pale la. Se kouch kote n ap mache a, ki solid epi ki pa fon anpil (15 a 60 km) si n konpare l ak rès planèt la

    .

  • Caractéristique  : La croûte terrestre est la partie externe de la lithosphère. Elle est divisée en croûte continentale (SIAL) et croûte océanique (SIMA

  • Tablo Kouch yo (soti anlè al anba) :

 

    1. Croûte (solid, 15-60 km).
    2. Manteau (plastik/solid, rive 2900 km).
    3. Noyau (likid/solid nan mitan nèt).

(Géologie – Evolution – Jiyè 2022 SVT)

#119. Charles DARWIN base sa théorie de l’évolution des espèces sur quel argument principal ?

La Réponse : A✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Darwin te di nan lanati, gen yon batay pou lavi (“lutte pour la vie”). Se bèt ki pi fò oswa ki pi byen adapte yo ki gen plis chans pou yo rete vivan epi fè pitit. Se sa l rele Sélection naturelle.

  • Argument  : Darwin affirme que les individus présentant des variations avantageuses ont plus de chances de survie et de reproduction, transmettant ainsi ces traits à leur descendance

(Géologie – Couche – Desanm 2023)

#120. La couche la plus interne du globe terrestre, riche en fer et en nickel, se nomme :

La Réponse : Le Noyau
La Logique :
  • Eksplikasyon : Noyau a se “grenn” oswa kè tè a. Li nan mitan nèt, li cho anpil, epi li fèt ak metal lou (80% fè).

  • Composition : Le noyau terrestre est composé d’un noyau externe liquide et d’une graine (noyau interne) solide, constitués principalement de fer et de nickel

(Biologie – Homo/Evolution – Jiyè 2025) 

#121. Indiquez le nombre de chromosomes présents dans une cellule du chimpanzé.,

La Réponse : C ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Chimpanzé a se bèt ki pi pwòch nou, men li gen 2 kwomozòm anplis pase nou. Nou gen 46, li menm li gen 48

  • Comparaison  : Le caryotype humain possède 2n=46 chromosomes, tandis que celui du chimpanzé possède 2n=48 chromosomes

(Géologie – Evolution/Homo – Jiyè 2019) 

#122. Classez ces types d’Hominidés du plus ancien au plus récent :,

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Daprè Syantifik yo,Istwa moun kòmanse ak Australopithèques (tankou Lucy), apre sa vin gen Homo habilis (ki te konn fè zouti), apre sa Homo erectus (ki te mache dwat nèt epi vwayaje), epi finalman Homo sapiens.

  • Chronologie : L’évolution humaine suit l’ordre chronologique : Australopithèques (-4 Ma), Homo habilis (-2.5 Ma), Homo erectus (-1.8 Ma) et Homo sapiens (-300 000 ans)

(Géologie – Datation – Jiyè 2022 SVT) 

#123. Quelle méthode permet de situer les événements les uns par rapport aux autres sans donner d’âge précis ?

La Réponse : Datation relative

La Logique :
  • Eksplikasyon  : Datation relative la pa ba w yon chif. Li jis di w: “Wòch sa a pi vye pase lòt la paske li anba l”. Li baze sou pozisyon kouch yo ak fosil yo.

  • Règle  : La datation relative établit une chronologie séquentielle des événements géologiques en utilisant des principes comme la superposition et la continuité

(Géologie – Couche/Atmosfè – Jiyè 2022 SVT)

#124. Indiquez la composition chimique de l’atmosphère terrestre actuelle.

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Kontrèman ak sa anpil moun panse, se pa oksijèn ki pi plis nan lè n ap respire a. Se gaz Azote ki pi plis (preske 80%). Oksijèn nan reprezante sèlman yon senkyèm (21%).

  • Composition  : L’atmosphère actuelle est composée de Diazote (78,08%), de Dioxygène (20,95%), d’Argon (0,93%) et de traces d’autres gaz comme le CO2.

  • Atansyon : Pa konfonn ak atmosfè primitive la ki pa t gen oksijèn ditou

(Hérédité/Caryotype – Jiyè 2022)

#125. Écrire le caryotype d’un homme atteint du syndrome de Klinefelter :

a Réponse : 47, XXY
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Syndrome de Klinefelter se yon anomali ki rive gason sèlman. Olye gason an gen de (2) kwomozòm seksyèl (XY), li gen yon “X” anplis, sa ki fè caryotype li vin (47, XXY). Moun sa yo konn gen difikilte pou yo fè pitit (stérilité) epi kò yo ka devlope kèk fòm fi.

  • Définition  : Le syndrome de Klinefelter est une aneuploïdie gonosomale caractérisée par la présence d’au moins un chromosome X surnuméraire chez un individu de phénotype masculin (47, XXY)

(Génétique/Définition – Jiyè 2019)

#126. Complétez la définition suivante : « Un gène qui provoque la mort de l’individu à l’état homozygote est appelé…….. »

La Réponse : Gène létal ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Gen kèk jèn ki tèlman “pwisan” nan move sans, depi yon bebe resevwa de (2) vèsyon jèn sa a (homozygote), li mouri anvan menm li fèt oswa touswit apre l fin fèt. Yo rele jèn sa a yon gène létal.

  • Définition  : Un gène létal est un gène dont la présence à l’état homozygote (ou parfois hétérozygote) entraîne la mort de l’organisme avant ou peu après la naissance.

 

(Glandes Hormonales – Jiyè 2022) 

#127. En cas de stress, quelle est l’hormone dont la sécrétion augmente immédiatement par les glandes surrénales ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Lè w pè oswa w nan yon gwo strès, kò w bezwen reyaji vit (kouri oswa goumen). Pou sa fèt, de (2) ti glann ki chita sou ren w yo (surrénales) lage yon hòmon ki rele Adrénaline. Li fè kè w bat pi vit epi li bay mis yo plis san.

  • Fonction : L’adrénaline (épinéphrine) est l’hormone du stress sécrétée par la médullosurrénale, provoquant une augmentation du rythme cardiaque et de la pression artérielle pour préparer l’organisme à l’action

(Microbiologie/Définition – Jiyè 2022) 

#128. Complétez cette phrase : « Un virus qui infecte et détruit spécifiquement les bactéries est un……….. »

La Réponse : Bactériophage✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Gen kèk viris ki pa atake moun, se bakteri yo atake. Yo rele yo Bactériophage. Yo sèvi ak kò bakteri a pou yo miltipliye epi apre sa yo pete bakteri a pou yo soti.

  • Définition  : Un bactériophage (ou phage) est un virus n’infectant que des bactéries. Ils jouent un rôle clé dans l’équilibre des populations bactériennes

(ADN/Traduction – Jiyè 2022) 

#129. Quel est le rôle spécifique de l’ARNt (ARN de transfert) lors de la traduction ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Pandan y ap rasanble moso pou fè pwoteyin yo (traduction), gen yon kalite ARN ki aji tankou yon “kamyon transpò”. Li rele ARNt. Travay li se al chèche ti brik ki rele “acides aminés” yo nan selil la pou l mennen yo bay izin nan (ribosome) pou yo ka kole yo yonn ak lòt.

  • Rôle  : L’ARN de transfert (ARNt) assure l’apport des acides aminés vers le complexe ribosome-ARNm en faisant correspondre son anticodon au codon de l’ARNm.

  • Diferans : ARNm (Messager) pote plan an, ARNt (Transfert) pote materyo yo (acides aminés)

(Hypophyse/Stimulines – Jiyè 2022)

#130. D’où proviennent les stimulines et quel est leur rôle général ?

La Réponse : A✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Nan sèvo a, gen yon ti glann ki rele Hypophyse. Pati devan l lan (adénohypophyse) voye hòmon espesyal yo rele stimulines (tankou TSH oswa FSH). Yo rele yo konsa paske yo al “estimile” lòt glann (tankou thyroïde oswa ovarè) pou fè yo travay.

  • Relation  : Les stimulines sont des hormones antéhypophysaires qui contrôlent l’activité sécrétrice d’autres glandes endocrines périphériques (ex: TSH stimule la thyroïde)

(Hormones/Physiologie – Jiyè 2022) 

#131. Préciser les rôles de l’hormone ocytocine.

a Réponse : C✅
La Logique :
  • Eksplikasyon  : Ocytocine se hòmon “atachman” ak “akouchman”. Li gen de (2) gwo travay:

1) Li fè matris (utérus) la peze fò pou ti bebe a ka soti. 2) Li penmèt lèt la soti nan tete manman an lè ti bebe a ap tete.


  • Fonction : L’ocytocine, synthétisée par l’hypothalamus et libérée par la post-hypophyse, stimule les contractions du myomètre et des cellules myoépithéliales des glandes mammaires

(Microbiologie/Définition – Jiyè 2022) 

#132. Quelle est la différence entre “Agent pathogène” et “Hôte” ?

La Réponse : B ✅
La Logique :
  • Eksplikasyon : Agent pathogène la se “mechan” an (bakteri, viris, oswa parasik) k ap vin rann ou malad. Hôte la se moun lan oswa bèt la k ap resevwa mechan an nan kò l epi ki vin malad la.

  • Distinction : L’agent pathogène est le micro-organisme responsable d’une infection. L’hôte est l’organisme vivant au sein duquel l’agent pathogène se développe et se reproduit
Anvan
Fini

Leave a Reply

Scroll to Top